Enquet’Action (EA): Anndan Achiv nasyonal èske nou rankontre souvan ka moun ki gen erè nan ak nesans yo? Èske nou gen yon chif sou konbyen nou resevwa konsa an mwayèn chak jou? 

Jean Wilfrid Bertrand (JWB):Chak jou nou rankontre pwoblèm sa a. Yo rele sa erè materyèl, yon erè ki fèt lè ofisye eta sivil la ap prepare oubyen lè klèk la ap prepare ak la. Li fè erè sa a nan premye ekspedisyon li bay kliyan an e pafwa tou, li fè l nan tou de (2) rejis yo. Donk a chak fwa erè sa yo fèt! Lè ou vin pran ekstrè achiv la kounye a, mwen ba ou li ak menm erè a. Paske mwen menm, mwen la pou m bay kopi konfòm antanke depozitè, mwen pa gen pou m entèvni pou m chanje kwakseswa. Kounye a si gen yon erè kèlkonk ki fèt nan ak la, ou oblije al jwenn dwayen Tribinal sivil la nan sikonskripsyon kote ou ye a ou ba li pyès nesesè yo epi li menm li otorize m fè koreksyon pou ou. 

Jouska 95% ak nesans ki redije genyen erè materyèl. Se ekstrèmman grav e pwoblèm nan se pou kontribiyab la li ye, li pa pou ofisye an. Ofisye a pa la ankò. 

Gen yon seri de bagay lalwa di tou pou evite seri pwoblèm sa yo, ni ofisye a ni kontribiyab la pa fè yo. Ase souvan, moun yo fè erè nan sèks timoun yo. Ou se yon tifi, paran ou al deklare ou epi ou tou sezi lè ou wè se yon sèks maskilen yo ba ou. 

Men lalwa te prevwa sa wi, lejislatè a te prevwa kesyon an. Pou evite sa a, yo mande ou lè ou vin deklare timoun nan, fò w vini avè l kay ofisye a. Konsa pa p gen pwoblèm si timoun nan la. Si se yon ti gason, y ap wè se yon ti gason. Si se yon tifi, y ap wè se yon tifi. Nou pa janm fè sa epi ofisye a pa janm egzije l non plis. Donk ase souvan, yo fè erè nan sèks timoun nan, dat li fèt, non papa l ak non manman l.

Lalwa di lè ou vin fè ak nesans la, fòk ou ta vini ak batistè manman an, batistè papa a, enben moun yo pa pot anyen epi yo vin fè deklarasyon vèbal. Yo pa janm di okenn anyen. Egal, lè ofisye a tande non an se fonetikman li tande non an, men l pa respekte okenn òtograf. Li tande Fernand, li gendwa ekri l Fenand, li ka ekri l Fenan paske jisteman se lè moun nan vin pran ekstrè, l ap rann li kont ofisye a pa t ekri non li kòrekteman, men li bliye li menm li pa t janm prezante batistè l ni batistè manman l bay ofisye a.

Donk li te ka evite erè sa a. Lòt erè ankò ki fèt, gen moun ki pa gen tan pou l vin fè deklarasyon an, li konfye l bay yon zanmi, yon paran vin fè deklarasyon an pou li. Men moun sa a ki vin fè deklarasyon an pa gen presizyon yo, ofisye a transkri enfòmasyon yo kanmèm avèk tout erè. Yo rele deklarasyon sa a, deklarasyon tyès (deklarasyon yon twazyèm moun fè nan plas de paran yo). 

Se ansanm eleman sa yo ki fè sa nou rele erè materyèl la.

Mwen di ou 95% nan ak ki deklare, tout tip ak, gen erè materyèl. Lè w pral marye, pè a, pastè a mande w pote batistè w. E gen moun, erè a gentan nan batistè a wi, li pote l bay ak tout erè a, lè l vin fè ekstrè maryaj la, l ap rann li kont non l te mal ekri nan ak maryaj la. Donk se yon ansanm “Us et coutumes”, pratik moun yo genyen ki rantre nan erè materyèl la. 

Nou kòmanse ap anvizaje posiblite kijan pou nou te kapab elimine pwoblèm sa a. Pou nou elimine li, fòk moun yo reyedike. Gen yon kanpay sansibilizasyon ki pou fèt bò kote popilasyon an epi fòk yo reyòganize, reyedike ofisye eta sivil yo avèk klèk yo tou. Nou fè travay la de kote sa yo. Epi pou nou entwodui mwayen teknolojik yo pou evite moun k ap ekri ak men yo. Paske gen ak ki transkri la a, ou pa fouti li sa k ekri a, li enposib pou li l, se devine n ap devine sa k ekri a. Lè konsa ou paka di moun nan ou p ap ba l batistè l la. Ou eseye jwenn sa nou wè a epi moun nan tounen pou l vin li ak la avèk nou. Pou n evite erè materyèl yo, se pou n edike moun yo epi pou n chanje mwayen teknolojik yo, fòma ak yo fòk nou chanje yo tou. Paske fòma n ap itilize kounye a se bagay ki soti depi nan kòd Napoléon, Lafrans abandone l depi lontan. Nou menm, nou kenbe l ap sèvi avè l. Yon pakèt pawòl anpil, alòske pou w fè yon ak nesans estanda atravè mond lan se non papa, non manman, dat ak lye nesans, evantyèlman temwen ki te la. Ou pa bezwen plis enfomasyon pou fè yon ak nesans. Men nou menm, nou gen yon pakèt fransè (à laquelle, de laquelle), yon pakèt pawòl initil. Sa jiskaprezan nan 21yèm syèk la nou genyen l toujou. Se kèk bagay pou nou chanje pou nou ka evite erè materyèl yo. 

EA: Plizyè moun toujou ap di ak yo a gen  menm nimewo seri avèk plizyè lòt. Èske nou rankontre pwoblèm sila a isit la?

JWB: Wi, nou rankontre l tout tan. Achiv Nasyonal, jan m di ou a, se yon depozitè li ye, nou sanse an aval sistèm nan. Se lè tout erè yo fin fèt epi yo tout vin jwenn nou la. Se depozitè nou ye. Erè yo se pa nou menm ki ka korije yo. Se nan tèt sistèm nan, nan ministè jistis, ofisye eta sivil yo pou ta trete kesyon an. Sa k rive, ministè lajistis gen lòt bagay pou l fè. Yo gen tèlman bagay pou yo fè, yo pa gen tan pou yo okipe eta sivil. Menm si yo mete yon ansanm estrikti pou fè kontwòl tout sistèm nan, pou yo fè yon kontwòl yo pa fè l vre. E ofisye yo abandone a yo menm. Yo pa gen rejis ase souvan. Yo pa gen fòmilè. Se ministè lajistis pa lentèmedyè enprimri Près nasyonal ki te dwe apwovizyone ofisye yo nan rejis ak fòmilè. Men ase souvan yo pa genyen, lè yo pa genyen konsa, sa ofisye a fè, grenn lo li gen nan men l lan, li fè fotokopi l; e sa k fè anwo a konn gen menm nimewo a. Sa ki trè grav paske an matyè pwosedi jidisyè ou gen dwa pèdi yon pwosè akoz sa a sèlman. Wi ou gendwa pèdi yon pwosè paske yo pa rekonèt fotokopi. Ou pa ka gen yon pyès otantik valab epi se sou yon fotokopi li fèt. Epi yo banalize kesyon an. Erè yo kontinye ap fèt. 

EA: Kisa Achiv nasyonal fè lè moun yo vini avèk ak nesans ki pa anrejistre? 

JWB: Wi, yon bann ak yon pakèt. Se menm pwoblèm mwen te di ou talè a. Lalwa fè ofisye a obligasyon ak moun ki vin fè deklarasyon an pou yo prepare ak nesans la an 3 egzanplè marasa. Youn pou yo remèt moun nan ki vin fè deklarasyon an epi 2 lòt yo pou mete nan 2 rejis. Ase souvan sa k pase? Si ofisye a oswa klèk la pa gen rejis, li pa fèt. Si pa gen rejis, yo bay kliyan an premye ekspedisyon an, men yo pa gen ak ki transkri nan okenn rejis, epi moun nan menm li vire do l li ale. Men l pa konnen si l te gen obligasyon pou l siyen nan rejis. Lalwa fè l obligasyon an paske gen kote yo mete pou paran siyen, pou temwen siyen. Li pa fè l. Lè w pa fè l konsa, ou ale, ofisye a kòm li pa gen rejis, li bliye transkri ak pa ou a. Kounye a ou gen yon bon ak nan men w vrèman ofisye a siyen, men malerezman pa gen okenn rejis ki gen ak ou a. Lalwa prevwa sa a ka fèt men l di orijinal sa ofisye a ba ou a, fòk ou vini ansanm avèk li, Achiv nasyonal ap otorize ou fè jijman minit ki ap transfòme orijinal ou gen nan men ou an an rejis. Men ou pral depanse kòb. Sa pral depann kote ou ye. Gen moun ki aletranje, se lè yo rive aletranje, yo rann yo kont ak nesans yo pa enskri epi lè yo bezwen ekstrè yo paka jwenn li. Anben se jijman pou ou fè. Si w gen moun ki pou fè yo pou ou ok, men si w pa gen moun, se yon pakèt tèt chaje pou ou rantre. 

EA: Konbyen yon jijman minit koute? 

JWB: Jijman an gen dwa varye ant 1 500 ak 5 000 goud. Sa depann de ki avoka. Ni pou tan l pran pou l fèt depann tou de ki avoka. Si ou bezwen l ijan, y ap fè w  peye l pi chè. E sa k fè w gen enterè lè w al fè deklarasyon an, asire w non sèlman ofisye a remèt ou batistè a men li fè w siyen nan 2 rejis. Fò w siyen lè w  fin fè yon deklarasyon. Lòske w pa siyen epi kou w vire do w ale, ofisye a li menm li transkri sa l vle. Pafwa yo konn transkri yon lòt non nan plas non w. Ou vini ak yon ak, nan plas ak ou a se yon lòt ak ki la. Ou te ka evite tout sa. 

Donk gen travay sansibilizasyon ak edikasyon ki pou fèt pou popilasyon an epi ankadre ofisye yo, byen fòme klèk yo. Epi nou gen yon sistèm eta sivil ki prezan sèlman nan vil ak bouk yo alòske Ayiti se yon peyi ki gen plis pase 60% zòn li ki riral. Donk fòk nou gen klèk ki nan seksyon kominal yo ki kapab resevwa deklarasyon moun yo. Se yon fonksyon ansyen choukèt lawouzye (chèf seksyon kominal) yo te konn ranpli. Yo te konn rapòte tout timoun ki fèt nan seksyon kominal yo, tout moun ki mouri, men depi lè yo kraze fòs lame a, fonksyon sa a pa ranpli ankò. Yo vle fè asèk yo ak kazèk yo ranpli li men malerezman estrikti sa yo poko vrèman solid pou yo fè djòb sa a. Yo pa gen fòmasyon yo dwe genyen. Yo pa gen resous yo dwe genyen pou yo fè travay la. Ou gen plis pase 3 milyon moun ki pa gen batistè akoz pwoblèm sa a. 

EA: Kòman nou jere erè ki konn fèt bò kote achiv nasyonal yo?

WB: (repons an fransè) Quand vous avez une erreur matérielle, c'est une faute de frappe. Ça peut arriver, et puis je vous ai signalé tout à l'heure les difficultés que nous avions quand nous sommes en train de faire les saisies des actes. Et même quand on a fini de numériser un acte, le texte est pratiquement illisible. Donc, on numérise tel quel, même quand vous regardez le texte numérisé, c'est difficile de le lire. Quand il y a des erreurs matérielles, il y a un jugement supplétif qu'on ajoute à la page où se trouve le registre de la personne.

EA: Kisa jijman sipletif la ye? 

WB:Jijman sipletif la li menm se yon òdonans w al mande dwayen nan tribinal sivil la. Ou vini ak pyès jistifikatif ou, paske w pa ka pote nenpòt pyès pou w vin chanje bagay yo konsa non. Si w di pyès ou gen erè, fòk ou vini ak prèv kote lòt non w di a se li w genyen. Prèv lòt non an bon. Donk w ap vini ak prèv jistifikatif la epi dwayen an ap otorize w fè chanjman an. Men nan rejis la ou pa gen dwa manyen anyen ladan l. Donk jijman sipletif la se yon ti papye ki ajoute epi ou kole nan rejis la. Jijman sipletif la otorize w fè tout koreksyon nan kote ki gen erè yo. 

EA: Depi konbyen tan ou nan tèt achiv nasyonal?

JWB:Mwen la depi 7 jiyè 1983. Et c'est une chance pour le peuple haïtien. Mwen di nou sa kareman. Pou sa m jwenn la, pou sa m chanje la. Monchè se tankou yon sovè paske li vrèman ra pou jwenn yon dirèktè pase tout tan sa a nan yon enstitisyon. C'est pour la première fois que ça se fait dans l'histoire d'Haïti

EA: Èske w ka pale nou sou pwojè "Coup de poing" ou te lanse a?

JWB:Pwojè "Coup de poing" an se yon pwojè Prezidan an te genyen pou l fasilite moun yo fè kat idantifikasyon nasyonal “en prévision des prochaines élections”. Men kòm nou gen anpil moun nan peyi a ki pa gen kat idantifikasyon, gen anpil moun tou ki pa gen batistè. Yo pa gen kat paske yo pa gen batistè pifò ladan yo. Donk se moun sa yo nou te vize, moun sa yo ki nan seksyon kominal, ki nan zòn rekile ki nan seksyon kominal yo, nou mete yon dispozitif an plas avèk ofisye eta sivil yo avèk klèk yo pou yo ogmante epi bay plis fòmilè, plis rejis epi gen yon arete prezidansyèl ki sòti an 2019 ki otorize ofisye yo ak konsil Ayisyen ki tabli aletranje yo pou yo resevwa deklarasyon tadiv sa yo san jijman. Men arete sa yo ap valab jous nan lane 2024. Nou gen jouska 2024 pou nou anrejistre tout moun sa yo kit se anndan peyi a kit se deyò peyi a. An prensip kanpay la te dwe fini nan mwa mas men kòm gen anpil boulvèsman politik, nou pwolonje l. Kounye a se nan pwolongasyon an nou ye la. Tout moun sa yo nou te fè batistè pou yo. Nou pral distribiye ekstrè yo gratis. Men nou gen anpil ekstrè nan men nou la ki poko distribiye akoz twoub politik. Men nou pral kontinye ale nan seksyon kominal yo. Nou distribiye a pe prè 20 ak 25 mil ekstrè. Men gen anpil toujou la pou nou distribiye. Nou oblije mete plis resous moun, plis tan pou fè travay la. Ou imajine w se menm ak la pou w transkri sou fòmilè a epi retranskri sou 2 rejis. Donk li pran tan paske se ala men, si l te daktilografye ou pa t ap bezwen tout moun sa yo. Men nou bezwen anpil klèk pou travay la ka fèt pi rapidman. Donk nou oblije ogmante klèk yo, kounye a nou mete yon klèk nan chak seksyon kominal. Donk depi timoun nan fèt, se pou paran yo al nan seksyon kominal yo pou anrejistre timoun yo. Epi ofisye a pase peryodikman nan tout rejis yo pou l ka valide ak yo. Pou l vin siyen ak yo. 

EA: Ki pi gwo difikilte ou rankontre pandan w ap dirije achiv nasyonal? 

JWB: Difikilte yo miltip. Gen difikilte de “tout genre”. Premye difikilte nou rankontre se rejis yo. Gen yon pakèt rejis ki pa vini, ofisye yo swa yo pa gen tan. Swa yo pa gen rejis, yo pa gen materyèl pou yo travay. Nou gen anpil rejis ki pa vini. Gen yon seri moun se nou k ap voye yo chèche rejis nan men ofisye yo oubyen nan grèf la ki date depi plizyè ane. Menm pou ane 40/50 yo jouskaprezan gen rejis ki poko rantre. E se sa ki fè gwo pwoblèm, gen moun ki vin chèche esktrè achiv, yo paka jwenn li paske m pa resevwa rejis yo. Si m pa gen rejis yo, m pa ka bay ekstrè. Sa se premye gwo difikilte. 

Dezyèm difikilte se erè materyèl yo. Malerezman lè kliyan yo vini, yo pa konnen, yo rann nou responsab. Yo rann Achiv nasyonal responsab erè yo. Men se pa nou ki komèt yo. Nou pran san nou pou n eksplike yo se pa nou ki komèt yo. Men kijan sityasyon an ye. Pou n evite sa a, n ap fè edikasyon moun yo tou. Di yo lè yo pral fè pitit pa yo kounye a, se  pou yo pa fè menm erè papa yo ak manman yo te fè. Donk nou pran san nou pou n eksplike yo erè sa yo. 

Bon, lòt difikilte nou rankontre se difikilte finansyè. Pou nou fè chanjman sa yo, sa gen yon kou. Ò nou pran anpil tan pou nou konvenk diferan gouvènman ki pase yo pou yo ba nou mwayen pou n travay piske se yon travay de baz li ye pou tout sosyete a. Kèlkeswa gouvènman k ap vini, ou paka pa sèvi ak done sa yo, kèlkeswa pwogram oubyen chanjman ou bezwen fè, w ap pale de devlopman dirab, w ap pale demokrasi, ou pa ka fè anyen nan bagay sa yo san w pa gen done de baz sa yo. Lè yon moun fèt sou teritwa a, moun sa a marye, li divòse, li fè adopsyon, fòk ou gen tout done sa yo a tou.  Nan moman pou w ta fè nenpòt pwogram planifikasyon, jisteman done sa yo manke. Lè pou ou fè eleksyon, w ap pale demokrasi, gen 3 milyon moun ki pa ladan l. Sou 12 milyon, gen 3 milyon ki pa ladan l epi ou di se demokrasi w ap fè. Fòk nou sispann bay tèt nou manti. Pou mwen menm, se sèten Achiv nasyonal pa priyorite gouvènman yo. Gouvènman yo plis ale nan zafè fè wout, bagay moun ka wè, men yo pa wè bagay sa yo. E bagay sa yo se bagay fondamantal li ye pou sosyete a. Nan tout peyi ki òganize, lè moun nan fèt, kote l fèt la yo anrejistre l. E yo konn konbyen moun ki gen nan peyi a. Kounye a, m bay kèlkeswa moun li a ye  defi pou l di konbyen aysiyen ki genyen.  Ou pa fouti di l paske travay de baz nan nivo ak sivil yo pa janm fèt.