Ankèt
« Pandan m ap viv avèl tankou zanmi, li te rive yon moman kote li vin lakay mwen. Men nan tèt mwen, m pat vle sa ditou. Li rantre, mwen anbrase l bò machwè, mwen mete l chita. Epi li mete men nan kòlèt mwen, li di m bon jodi a fò l konn sa k pase. Men mwen di l non, mwen vrèman pa anvi sa, sa pa entèrese m. Bouch li te gentan nan bouch mwen, li peze kou m, li peze tèt mwen, dezabiye m. Bon sa te pase konsa », se revelasyon Nestor Sebatien ki te sibi vyòl nan men yon bon zanmi fi li te genyen. Li se yon jèn 26 lane epi li se teknisyen nan mekanik.
Vyolans ak vyòl gason ap sibi nan soyete a se yon sijè ki rete anba tab. Poutan se yon pratik ki egziste. E nou ka konsidere l tankou youn pami tout vyolasyon dwa moun. Men jouskaprezan, li toujou parèt difisil pou anpil moun admèt yon gason ka sibi vyòl. Difikilte pou yo pwouve vyòl gason ak ti gason ap sibi a sitou lye ak yon pakèt anje alafwa jiridik, sosyolojik epi sikolojik.
Koze vyòl gason ap sibi se yon sijè ki parèt difisil pou anpil rezon. Premye an, se paske tout istwa yo pa menm, youn pa sanble ak lòt. Sa ki vin fè li vrèman difisil pou yo detèmine avèk egzaktitid kilè yon gason sibi vyòl tout bon. Epi kontrèman ak gason an lè l ap fè yon vyòl li itilize vyolans, lè se fi k ap fè l sou yon gason li itilize lòt mwayen e menm si li ta itilize vyolans, li pap gen menm pwopòsyon ak vyolans gason an. Konsa, nan ka sa a fi a itilize plizyè lòt mwayen tankou: chantaj, menas, vanjans, dwòg, elt.
« Mwen pa konnen ki melanj li te fè jou sa a, men m te pèdi bon nanj mwen. Sa vle di mwen te rive nan yon nivo mwen wè l ap fè bagay la, men mwen pat ka anpeche l fè li. E sesi, mwen fin bwè yon kantite alkòl, li pat vrèman egzajere non, men m gen enpresyon se melanj yo jou sa a ki te deranje m. Epi m vin rive fè yon bagay konsa », sa se temwanyaj Réjouis Pierre, ki fè konnen yon bon zanmi fi li te genyen, te fòsel fè bagay ak li, nan okazyon fèt zanmi an te òganize pou selebre anivèsè'l. Li te aksepte konfye l ak nou nan kad yon apèl pou temwanyaj nou te lanse sou rezo sosyal yo. Li gen 23 zan epi lap etidye Dwa nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA).
Vyòl sou gason: tabou oubyen banalizasyon?
Nan kad ankèt sa a nou mennen sou vyòl gason yo ap sibi nan sosyete ayisyèn nan, nou pat kontante nou pale ak viktim epi espesyalis yo sèlman, men nou te ale rankontre kèk reskonsab òganizasyon feminis tankou Nègès Mawon ak Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA). Malgre responsab yo rekonèt pratik sa a egziste, se sèl responsab Sofa a ki di yo te rive jwenn yon ka kote yon fanmi te pote plent pou yon fi ki te vyole yon ti gason li genyen. Aprè sa, yo fè konnen yo pa resevwa ka kote gason vin pote plent pou vyòl yo sibi.
Bò kote pa li, Marie Laurence Jocelyn Lassègue ki te minis plizyè fwa fè konnen li pa janm tande koze konsa lè li te nan tèt ministè fanm nan, ni tou li pa tande l nan kad travay li antanke feminis. Sèl fwa li tande pale de vyòl gason ap sibi se lè li al fè konferans, li toujou jwenn moun poze l kesyon sou sa.
Poutan daprè sa yon lòt sous ki te travay pandan plizyè lane nan ministè a fè nou konnen: yo konn resevwa ka kote paran vin pote plent pou granmoun fi k ap kouche ak ti gason ki pako gen laj majè. Men yo pa janm resevwa ka ki konsène gwo gason.
Plizyè nan mesye nou pale nan kad repòtaj sou koze vyòl la rive avwe yo pa konsidere sa yo sibi a tankou yon vyòl pou plizyè rezon.
« Mwen jis pat pran l pou yon vyòl. Mwen te di lè yon moun renmen w, li prè pou li fè tout bagay. Sitou si li wè lanmou an pa resipwòk, si li wè bagay sa ap degrade lakay ou antanke gason paske se fi li ye. E si li paka rete pou li al pran yon lòt moun, li oblije pase pa la fòs pou l pran sa ki revyen li de dwa. Bon nan tèm legal ak sikolojik ki pa revyen de dwa, men fizikman li oblije fè l. Se konsa m te konprann li », se sa Nestor Sebastien deklare sou eksperyans li te viv la lè l te gen 21 lane.
Frantz Pierre gen 28 lane, li fè konnen li te gen yon mennaj ki te toujou konn fòse l fè bagay avèk li san konsantman. Men li pat janm konsidere sa tankou vyòl paske chak li eseye di mennaj li a sa pa bon, fi a toujou fè l konprann se mennaj li l ye. Donk li ka fè l sa, se pa yon pwoblèm. Sa ki te toujou konn ap trakase Frantz paske l di si se te envès la ki te konn fèt, mennaj li a pa t ap pran l menm jan an. Men malgre sa, li pase yon pakèt tan ap sibi vyòl nan men mennaj li san li pa fè rebèl menm yon fwa.
Konsa, vyòl gason ap sibi an Ayiti twouve l nan mitan konfizyon ak banalizasyon paske si nan yon premye tan, gason yo pa vle admèt yo sibi vyòl oubyen yo pa konsidere vyòl yon fi fè sou yo tankou yon vyòl. Yon lòt kote, se sosyete a ki pa pèmèt sa a.
Tout mesye ki te aksepte temwanye nan kad repòtaj sa a fè konnen chak fwa yo eseye pale sa ak antouraj yo se anba fawouch ak rizib yo kouri. Sa ki fè, al pote plent nan yon komisarya oubyen nan yon enstitisyon espesyalize nan zafè vyòl, se yon lide yo pa janm dòmi reve paske yo di yo pa vle moun al griyen dan sou yo.
Si vyòl sou gason se yon koze ki pa etone pèsòn, se paske daprè anpil espesyalis nou pale, sosyete a pa konstwi gason pou li sibi vyòl. Sosyete a konstwi gason an pou li toujou fò, pou se li ki gen mwayen pou li fè vyolans, pou se li ki viktim moun olye pou yo viktim li.
« Nou pa pral bay tèt nou yon rezon pou n di sosyete a pral globalman dakò sa. Paske, toutotan li rete yon sosyete matchis, patriyakal, l ap toujou pi difisil pou l aksepte. Epi premye moun ki p ap vle aksepte sa se gason yo paske yo toujou ap di kòman pou yon fi fè vyole yon gason. Paske yo fòme l tankou yon kòk. Donk, li pa ka di non paske si l di non, li pa gason paske idantite l depann de virilite l, de kapasite l genyen pou l fe sèks ak plizyè moun », se sa Raynold Billy ki se doktoran nan sikoloji sosyal epi Pwofesè nan Fakilte Zyanzimèn fè konnen nan yon ti bat bouch nou te gen avèl sou koze a.
Nan kad repòtaj sa a, nou te pale ak yon sosyològ ki espesyalize nan « genre », li pa swete non li site nan atik la. Li se pwofèse nan ILA. Li menm tou li ale nan menm sans lan.
« Sosyete a konstwi yon fason pou gason yo gen otorite ak tout mwayen vyolans yo nan men yo paske depi yo piti menm manman yo aprann yo pou yo fò. Pou yo pa kriye. Pou yo pa plenyen. Pou yo pa pote plent. Men okontrè pou yo defann tèt yo. Yon lòt kote, sa vin kreye yon gwo obstak pou gason yo ki vin nan enkapasite pou jwenn jistis lè yo viktim paske yo pa gen dwa denonse sa. Sinon yo riske deklare yon gè ak pwop tèt yo, pwòp sistèm ki konstwi yo a ».
Vyòl sou gason… Sikatris ak konsekans yo anpil!
« Se kòmsi m te kapab di yo gen yon vi avan, yon vi aprè. Epi vyòl la nan mitan. Mwen menm tou kòm gason, sa kite kèk sekèl lakay mwen. Depi lè sa te fin pase a, mwen vin gen mennaj se vre, men mwen vin abstinan. Mwen mèt di mwen fè yon abstinans segondè. Paske depi lè sa fin rive m nan, 4 lane aprè, mwen ka klase tèt mwen nan pati moun ki aseksye yo paske m pa janm santi okenn dezi. Mwen pa di l pa egziste non, men li pa rantre nan mòd vi mwen, paske zafè sèks pa enterese m ditou », sa se konfidans Réjouis Pierre te fè nou.
Anpil fwa gason sa a lè l fin sibi vyòl la konn ap viv ak yon laperèz lakay li. Se sa Nestor Sebastien rakonte nou. Li fè konnen sa te pran l anpil tan pou li reflechi epi fè rechèch pou li konnen vrè rezon ki te pouse zanmi fi li a poze aksyon sa a:
« Ki rezon? Kisa k fè yon fi vin fòsè yon gason fè sèks avè l? Mwen di èske se pa yon pyèj. Pou moman sa te fèt la, mwen te yon ti jan pè. Paske m ap panse si m pa oblije al fè tès. Mwen fè yon pakèt rechèch. Poukisa? M ap gade èske se pa yon bagay li te vin fè m. M ap gade èske m pa malad. Eske m toujou santi m byen. A chak fwa m gen yon ti malèz, m toujou ap di kèt piga se ranje l te ranje tèt li epi l vin fè m sa ».
Daprè pwofesè Billy, yon gason ki sibi vyòl gen anpil chans pou sa aji sou seksyalite li, nan sans sa a moun nan ka pa janm gen yon seksyalite ki epanouyi. Piske li pat bay konsantman li, l ap vin genyen yon twomatis akoz memwa kòporèl li ki fè l p ap janm bliye yon eksperyans konsa. Moun sa a tou ap toujou gen tandans kilpabilize tèt li paske nan sosyalizasyon l, yo pat konstwi li pou l te viktim. Kilpabilizasyon sa a tou pral tankou yon avilisman pou li, epi sa pral mennen yon kriz idantite kay moun nan.
Vyòl ak vyolans moun ap fè sou moun kit se fi sou gason, kit se gason sou fi, se youn nan pi gwo vyolasyon dwa moun ki ka egziste. Gen plizye faktè ki ka eksplike rezon ki fè yon fi rive vyole yon gason. Menm si li pa toujou fasil pou yo pwouve vyòl la. Men pami rezon nou ka kenbe yo sèke fi a menm jan ak gason an ka gen pilsyon tou. Donk menm jan ak gason an li ka vle fè bagay ak yon gason.
Men kounya si nou ka di yon fi tou ka vyole yon gason, tout difikilte a se montre kilè gen vyòl fanm sou gason. Se sa ki fè tout konpleksite sijè a daprè Pwofesè Billy:
« Fi a itilize lòt estrateji, pou mwen se pi gwo diferans ki genyen lè n ap gade 2 vyòl sa yo, epi se sa ki pral rann vyòl gason an difisilman akseptab menm sou plan jiridik piske yo di dwa ayisyen an se yon dwa pozitif, sa ki objektivman obsèvab, mezirab, kantifyab li konsidere. Donk, lè fi a itilize chantaj ak lòt fòm estrateji konsa, sa pa vle di pa gen lwa ki kapab sène l non, men m kapab di li pi difisil pou sène mekanis vyòl fi ka itilize. Anplis sosyete a poko prè pou li kwè yon fi ka vyole yon gason. Donk bagay la yon ti jan konplèks ».
Yon lòt kote, si n ap gade dispozisyon legal yo tankou Kòd Sivil la ak Kòd Penal la, nou remake pa gen okenn kote yo defini vyòl. Yo pale pito sou asèlman seksyèl, ki menm li menm pa defini. Sa ki te pouse nou konsilte kèk espesyalis nan dwa nan kad ankèt sila. Daprè Jij Norah Jean François, Lalwa Ayisyèn nan defini vyòl tankou tout penetrasyon moun nan li menm li pat dakò, li pat konsanti avèl. Kèlkeswa jan penetrasyon an te ye, li mèt avèk yon objè, li mèt avèk yon ògàn ki nan kò moun nan. Depi moun nan pa bay konsantman l se vyòl.
Pou plis limyè toujou nou te konsilte Kòd Penal 1835 lan tou nan atik 278 la, men lejislatè a pa defini vyòl la avèk klate, li senpman di: « Kèlkeswa moun ki fè yon krim vyòl ap koupab asèlman seksyèl, kit li fè l, kit li eseye fè l avèk vyolans, menas, sipriz ak presyon sikolojik kont yon moun kèlkeswa sèks la, l ap pran 10 zan travay fòse ».
Sou koze sila a, nou te pale avèk Marc Hugo Renaudin ki se jiris epi espesyalis nan « Equité de genre », li fè konnen koze vyòl la pa sible yon sèks sèlman paske tout moun ka sibi vyòl kit se fi, kit se gason. E li fè konnen lalwa an Ayiti menm si l pa defini klèman koze vyòl sou gason an « rezoud pwoblèm vyòl la deja ». Li ale pi lwen pou li di enpinite oubyen banalizasyon vyòl gason ap sibi nan sosyete a vin gen plis « yon dimansyon sosyolojik ak sikolojik » ke jiridik.
Plizyè nan viktim nou pale yo, fè konnen yo pa janm fè lide al pote plent pou vyòl yo sibi a paske premye aktè ki pral banalize sak rive an a, se otorite yo ki p ap vle kwè yon gason kite yon fi vyole l. Daprè analiz nou fè, se paske dispozison legal yo pa prevwa klèman yon fi ka fè vyòl sou yon gason men tou manke detaye koze vyòl lan. Youn nan rezon ki ka eksplike sa daprè jiris Misye Renaudin, se paske prèske tout moun ki fè pati sistèm jidisyè a se gason. Donk se youn nan rezon ki eksplike alafwa banalizasyon ak enpinite vyòl gason ap sibi nan sosyete a.
Menm si anpil fwa depi nou pale sou vyolans sou fanm/gason se fanm yo ki parèt an premye, paske daprè Misye Renaudin se yo « menm ki plis sibi vyòl pa rapò nan domèn aktivite yo ap evolye », men pi lwen, li kwè tou - se pa sèl yo ki viktim, gason yo ak ti gason yo ka viktim vyòl tou. Donk, menm jan gen anpil travay ki kòmanse fèt pou pini vyòl fanm ap sibi nan sosyete a, menm travay la dwe kòmanse fèt pou gason yo tou.
Pami demach ki ta dwe tanmen nan sosyete a pou rekonèt gason yo sibi vyòl, plizyè nan espesyalis nou pale yo panse Leta Ayisyen ta dwe rantre koze sila a nan politik piblik li, konsa depi deba kòmanse fèt sou li, moun yo ap vin bay li enpòtans. Men yon ansanm pwopozisyon tout moun nou pale nan repòtaj sa a fè: yon lòt fòm edikasyon ak sosyalizasyon pou timoun yo, pou yo konnen pa gen yon sèks ki fò epi yon sèks fèb; sanbilizasyon pèsonèl jistis la ak sosyete a sou koze vyòl sou gason; mete kèk enstitisyon an plas pou asiste gason ki sibi vyòl men tou, reskonsab yo dwe al chèche viktim yo paske yo egziste men prefere soufri an silans.
Commentaires
Abonnez-vous pour pouvoir commenter.
Si vous êtes déjà abonné, connectez-vous.