EA: Kisa ou panse sou itilizasyon pwodui tankou grès kakawo, lwil koulèv ak bave bèf?
WL: Gen anpil gason ki itilize pwodui sa yo vrèman. Gen 2 tip pwodui yo itilize. Yo itilize pwodui pou yo alonje peni yo epi gen lòt yo itilize pou andirans.
Pwodui yo pran pou andirans lan se kèk pwodui moun achte san preskripsyon (an vant lib). Pwodui sa tou ou konn jwenn yo menm fè reklam pou yo.
Men pwodui yo pran pou alonje peni yo a, se sa yo menm yo fè. Sa vle di yo fè konpozisyon. Jan w di an ak grès kakawo, lwil koulèv. Daprè yo, kòm koulèv la gen yon fòm long epi li alonje, yo panse grès koulèv la ka ba yo menm bagay la avèk peni yo. Daprè mwen se yon pretansyon paske jouska kounya pa gen okenn etid syantifik ki fèt pou montre lè moun nan ap pase grès koulèv oubyen grès kakawo peni l alonje vre. Oubyen gen kèk moun ki temwanye yo atenn objektif yo pa rapò ak grès koulèv la. Fenomèn pase lwil koulèv la, se yon bagay moun nwa li ye. Sa vle di se nou menm nwa ki plis itilize l pou yo asosye pèfòmans lan ak longè peni an. Sa vle di pou yo menm plis peni an long se plis yo pèfòman. Donk vrèman pa gen okenn etid ki fèt.
EA: Daprè ou pwodui sa pa gen okenn chans pou yo bay rezilta?
WL: Fòk gen etid ki fèt. Fò m di tou nan medsin nou pa pale de chans, men nou pale pito de teknik ak rezilta. Sa vle di ou fè yon bagay epi ou fè etid pou di tèl etid pwouve tèl bagay fè tèl bagay. Donk pou n te ka chita sou kesyon eske lè moun nan ap itilize pwodui sa yo, li jwenn rezilta, fòk ta gen etid ki fèt sou sa pou di tan pousantaj moun yo jwenn ki pase kakawo, peni yo vin lonje. Piske pako gen etid sou sa a, mwen paka opine pou m di pa gen yon chanjman vre. Paske moun k ap pase l la ka trè sibjektif tou paske yo ka asosye lè yo an ereksyon avèk lè yo pa an ereksyon. “Prise de longueur” la ka yon ti jan “biaisée” pa rapò ak moun k ap pran l lan. Si se li k ap pran l pou kò l.
EA: Ki pwosede syantifik yon gason ki gen ti peni ka fè poul gwosi peni’l?
WL: Nou menm nou gen sa yo rele chiriji estetik la. Sa vle di se pa yon bagay nou fè paske moun nan genyen vi li ki andanje, men se yon bagay yo planifye. Konsa lè moun nan bezwen gen plis bote nan longè ak lajè, nou menm nou konn lache sa yo rele ligaman yo. Peni an li atache nan baz pibis lan gras ak 2 fil ligaman. Lè nou lache ligaman an, li ka bay peni an 2 santimèt anplis. Donk sa konn pwodui rezilta, men li pa yon “misk” vrèman jan moun yo panse a. Kòmsi depi w travay “misk” lan l ap alonje. Men se kèk estrikti yo rele kò esponjye ak kò kavène. Estrikti sa yo byen patikilye ak peni an. Donk se pa yon “misk” tankou pa bibit yo y ap bat fè epi l ap alonje.
Fò m di sa tou, pi souvan moun k ap di peni yo piti a, li pa piti vre. Se paske yo egzajere nan longè oubyen se paske y ap gade fim pòno, yo wè moun nan gen yon bagay byen long. Epi yo panse longè pa moun nan se 15 santimèt. Longè mwayèn yon peni se 9 santimèt lèl pa rèd. 9 santimèt, li pa longè yon ti règ. Lèl rèd an mwayèn li mezire 12.5 santimèt. Pi souvan moun k ap plenyen pou peni yo ki kout la, nou pa konn jwenn ka sa a vrèman. Donk se paske y ap fè konparezon ant yo menm ak moun k ap di yo gen koulèv 30 santimèt.
EA: Kisa w panse de opinyon ki di se medam yo ki lakoz mesye yo itilize pwodui sa yo?
WL: Daprè mwen se yon mank konfyans an swa li ye. Pandan m ap espesyalize m nan domèn iwoloji a, mwen aprann anpil sou ideyoloji maskilin nan. Peni gason an reprezante yon ògan enpòtan pou yo menm jan ak kè yo, menm jan ak ren yo, menm jan ak sèvo yo. Sa vle di li gen yon enpòtans kapital pou yo. Daprè mwen, se peni gason yo ki rezime kiyès yo ye. Yo konsantre tout enèji yo ladan l. Paske m ap raple m yon pasyan ki te gen pwoblèm nan peni l epi m pwopoze l peniktomi total, sa vle di nou t ap retire peni an nèt pou li. Li di m pito m touye l tanm retire peni l. Alòske vizibleman bagay la t ap anpire.
EA: Ki risk ki genyen nan itilizasyon pwodui sa yo daprè ou menm?
WL: Mwen plis kwè l gen rapò avèk dèmatoloji. Mwen panse fòk se ta espesyalis nan po ki te ka pale sou sa tou. Se pa sèlman nou menm, men espesyalis nan po ki ka di eske sibstans sa yo p ap aji oubyen ka bay pwoblèm sou peni yo. Men janm di an, pa gen okenn etid vrèman pou w konnen ki konsekans yo genyen. Fòk nou ta fon etid sou kèk ka pou n konnen ki konsekans ki genyen, eske l pote fwi, eske moun nan vin gen disfonksyon erektil... Eske l paka bande? Paske gen moun ki di yo konn itilize l epi yo vin gen pwoblèm bande. Eske gen yon relasyon ant pwodui sa yo ak pwoblèm paka bande a?
Donk nou paka pale syantifikman si pa gen yon etid ki fèt sou sa. Se yon bèl sijè etid li ye. Si yon moun ta enterese fè l li t ap bon pou mesye yo paske yo poze kesyon sa yo anpil. Yo toujou ap mande, eske yo mèt al pase grès kakawo pou yo jwenn longè.
Yo toujou entrige ak longè a. Pi souvan, anpil gason ki vin nan konsiltasyon se jis paske yo bezwen gen yon lide objektif sou longè peni yo. Sa vle di jis pou yo konnen si longè a bon. Paske lè yo vin kote fi ki iwològ la, yo gen yon avi syantifik, epi avi yon fi tou. Nan tèt yo, yo gen avi medsen epi avi fi mwen ye a. Donk yo jis vini pou yo konnen eske longè a bon.
Lè konsa mwen reponn yo syantifikman, mwen toujou ba yo longè mwayenn nan ki se 9 santimèt lèl pa rèd. Pa gen mikwo peni vre. Yon sèl fwa mwen kontre ka yon timoun ki te gen mikwo peni lè sa longè a se te 3 santimèt. Epi tou se te pwoblèm òmonal, sa vle di se yon pwoblèm jenetik li te genyen, sa vle di li fèt avèl.
Li pat gen kantite testostewòn ki se sa k fè yon gason bande. Lè yo vini konsa, mwen di yo longè a nòmal paske se yon mank konfyans li ye. Fòk nou fè yon diferans ant fè bagay ak fè bagay. Paske pi souvan yo panse ki di longè, di andirans. Tandiske gen fi se jis satisfasyon pesonèl li l bezwen. Gen fi pa pran plezi yo nan penetrasyon.
Gen lòt ki pa pran plezi nan bagay long k ap vin rantre nan vajen yo. Fè lanmou ak fè bagay se tout yon “art”. Se aprann konnen patenè ou a epi aprann konnen ki sa ki fè yon fi satisfè ou pa. Wi gen koup ki gen pwoblèm disfonksyon erektil (pwoblèm bann), fi a satisfè, mari a paka bande epi li satisfè madam li.
Epi tou gen anpil fi tou k ap flate ogèy gason yo nan fè gwo bri paske se sa gason yo ap chèche. Lè konsa yo di w [oh m sot manje entèl la] tandiske yo pa wè satisfaksyon fi a vrèman. Pou yo flate ogèy mesye yo, medam yo fè bri, rele anmwey, yo di mete pou mwen, m’renmenl li long. Lè konsa fi a ka pa santi anyen vre oubyen li ka santi doulè tou. Oubyen l ka pa santi anyen paske majorite fi fè sa. Paske daprè etid syantifik ki fèt, se yon tyè fi ki satisfè le y ap fè bagay.
EA: Ki risk sa ka genyen pou mesye yo si yo kontinye itilize pwodui sa yo?
WL: Mwen panse li primòdyal pou nou fè etid sou yo paske lè n gen yon bagay ki pi solid pou n di tankou si w pase grès kakawo a, men sa k ka rive syantifikman l ap gen plis pwa epi n ap ka pale pi byen tan pou n ap voye monte. Mwen panse li enpòtan pou n fè etid la, sitou lakay nwa yo ki itilize yo.
EA: Kibò konsepsyon longè egal pèfòmans lan sòti?
WL: Pwobableman se nan fason yo edike nou oubyen se nan kotwaye lòt zanmi pandan y ap pale. Mwen panse se yon kwayans popilè. Paske lakay gason an, jis yon mank konfyans ka fè l paka bande. Tout sa pou m montre nou ki plas ògan sa okipe lakay gason an.
EA: Si w t ap bay jèn yo yon konsèy kisa l t ap ye?
WL: Bagay nou minimize, nou toujou panse pwoblèm bande gen rapò ak granmoun sèlman. Se vre syantifikman yo di moun ki gen pwoblèm bann se majoritèman moun ki gen ant 40 ak 50 an, men gen jèn ki p ap pale ki gen pwoblèm bande, pwoblèm longè. Tout bagay se sikoloji. Depi l konnen longè a pa nòmal l ap gen pwoblèm bande otomatikman oubyen depi l konnen li p ap satisfè fi a l ap gen pwoblèm bann oubyen tou l ap prepare l pou l al jwe yon match epi lè fi a vini li gad materyèl la ak yon deden, konfyans gason an ap diminye.
Donk sa pa etone m gen anpil jèn ki fè l paske yo menm yo kwè nan andirans, yo kwè [anpil] nan pèfòmans seksyèl. Epi jan w ka di l la se eksperyans oubyen zanmitay ki fè yo panse depi yo sot ravaje sèke yo byen pase, yo gen longè epi fi a ap pale de yo. Mwen t ap konseye yo si yo gen yon ti pwoblèm, pito yo vini kay doktè, oubyen si se yon pwoblèm sikolojik, bagay sa yo se bagay miltidisiplin se pa sèlman iwològ la k ap ka aji men sikològ yo tou paske gen anpil ki vin konsilte paske yo pa gen peni nòmal, alòske peni yo byen nòmal.
Gen anpil gason ki vin konsilte paske yo paka bande oubyen yo ejakile rapid, m ap di yo, yo ejakile nan tan nòmal. Se paske yo gen yon kwayans ewone sou longè peni ak kantite tan dire ejakilasyon an ye ki fè yo panse sa. Pafwa lè w ba yo tan ejakilasyon an yo toujou ap mande w si ou menm ou t ap twouve l nòmal. Donk m toujou di yo 2 minit se nòmal. Si w ap fè lanmou ak yon moun se ou k pou jere sa, si se penetrasyon w ap fè pou bay moun nan plezi oubyen se lòt bagay w ap fè pou bay moun nan plezi. Se sak fèm di se tout yon [art].
EA: Daprè ou eske itilizasyon pwodui sa yo pa gen yon aspè vyolans ladan l?
WL: Gen anpil gason ki sadik. Anpil nan yo konnen se sa fi yo renmen. Se sa k fè tou anpil nan yo pran plezi nan vyòl. Paske yo sadik. Gen moun ki mantalman ki predispoze pou vyòl, men gen lòt moun ki sadik. Sa vle di yo toujou ap aji avèk fòs. Yo toujou ap fè lanmou avèk raj. Mwen panse tou se sa k fè yo panse longè a ap ede yo paske longè a ka fè fi a rele plis.
Commentaires
Abonnez-vous pour pouvoir commenter.
Si vous êtes déjà abonné, connectez-vous.