Enquet’Action (EA) : Nan ki sèvis ou travay anndan Achiv nasyonal ?

Anplwaye Anonim (AA) : Mwen travay nan sèvis validasyon. Nan sèvis validasyon nou fè yon kontwòl kalite sou ekstrè a. Nou fè yon kontwòl kalite sou sa moun yo rantre sou done yo e sou enfòmasyon ki pral sèvi pou fè ekstrè a. Se enfòmasyon sa yo yo pral enprime ki vin ba w ekstrè a. Donk, nan sèvis pa m nan, m la pou m verifye si enfòmasyon yo kòrèk. Epi pou m ranje fòm nan tou paske moun ki fè l anvan li jis antre enfòmasyon an. Men mwen menm mwen la pou m ba l fòm kòmsi mete espas. Asire m ekriti yo ok, vigil, aksan si pa gen fot òtograf tou, elatriye. Paske moun ki vin avan se jis yon fòm li ranpli. 

EA: Eske sa rive nou nan achiv nasyonal pou nou jwenn moun ki gen erè nan batistè yo ?

AA: An nou pati pou erè an. Pou erè an gen plizyè kad figi ki parèt ladan l. Ann pran ka kote erè a soti bò kote ofisye eta sivil la. Paske m kwè se omwens 2 rejis. Gen youn ki rete kay ofisye a, gen youn ki ale nan ministè jistis pou l rive achiv nasyonal. Men kijan sa konn fèt. Moun nan vini, li vin fè batistè li. Pa egzanp li rele Silena, yon egzanp wi. Epi ofisye a ap ranpli, nan sa nan men l lan li ekri Selena. Li remèt moun nan Silena epi nan sa l ap voye nan achiv nasyonal la li ekri Selena. Men moun nan ale li menm avèk Silena. Kounya moun sa papye l nòmal pou li. Kounya lè li vin fè demand lan achiv nasyonal, kounya mwen menm ki genyen papye a nan menm, mwen menm lè m ap fè li m paka ba li sa ki nan papye a. Se sa ki nan rejis la yo banm pou m rantre. 

Menm si se Silena moun nan rele, si se Selena ki nan rejis la, se li mwen sipoze ba li. Pafwa tou sa konn fèt se pa sèl nan non moun nan. Li konn fèt nan dat nesans nan tou epi li konn fèt menm nan papye a tou. W ap wè nan maj la yo gendwa mete moun nan fèt 14 novanm epi nan kò fèy la yo mete 14 desanm. Tout erè sa yo mwen paka fè koreksyon an pou ou. Dayè mwen paka annik deside epi m di bon se 14 novanm lan moun nan fèt. Kisa m dwe fè ? M'ap annik ekri l jan l ye a epi yo ap mete yon mansyon anba. 

Lè m fin fè tout ekstrè a mwen mete siyati ofisye a epi mwen pral anba  m ekri NB. Epi m mansyone erè a. Si se pou non an m ap di men sa ki nan kopi an epi men sa ki nan rejis la. Si se pou dat la, m ap di men sa ki nan maj la epi men sa ki nan kò tèks la. Poukisa yo fè nou mete mansyon an ? Se yon fason lè moun nan jwenn esktrè a se pou l pa al mache di se achiv ki ba li erè. Konsa li tou konnen depi gen mansyon se yon bagay ki gentan verifye. Men konsa tou gen moun ki we erè a li jis kite l ak erè a li pa mete mansyon an. Sa konn rive. 

EA: Donk anndan Achiv nasyonal gen moun ki konn wè erè a epi li pa mansyone l. L ap chwazi kiyes nan yo?

AA: Li p ap chwazi. Anfèt l ap kite sa ki nan rejis la paske se sou li n ap travay.  Li pa obligatwa pou ou bay mansyon an. Men mwen p ap di se si ou vle non. Men se pa yon bagay kòmsi si w pa fè l tou ou pral gen yon presyon sou ou. Men si ou fèl tou li ‘’encore mieux’’. 

EA : Lè nou fè mansyon anndan Achiv Nasyonal sou batistè ki gen erè a, kisa moun nan pral gen pou l fè ? Eske n ap sòti l kanmenm ?

AA: Wi l ap sòti. Kounya moun sa a lè li wè sa li pral fè yon jijman rektifikatif. Jijman sa ap pèmèt ou di men kisa ou vle, men kisa ou ta renmen chanje ladan l. Men si toutfwa gen bagay ki pa erè, men ou pat swete genyen nan ak nesans lan, ou ka tou pwofite chanje l. Apre sa ou fè yo ba ou l epi pou ou retounen nan Achiv ankò. Epi y ap soti l pou ou avèk jijman an. 

EA : Eske depi lè w ap travay nan Achiv nasyonal la gen anpil erè ki vin jwenn nou ? Eske ou ka evalye an mwayèn konbyen nou jwenn konsa nan yon mwa oubyen ane ?

AA: Wi sa rive. Gen erè se achiv ki konn fè yo tou. Lè m di se achiv ki konn fè yo men nan ki sans. Kòmsi gen moun, komsi yo fikse men kantite pou nou fè pa jou. Men ou konnen lè ou rive w ap toujou jwenn moun ki vle fè plis. Pa jou, pou sèvis validasyon an se 70. Pou sezi, li se 50. Kounya moun yo menm - sa konn rive ou distrè epi gen kèk « flay ». Moun nan konn distrè epi pafwa nan rantre enfòmasyon pafwa ou ka wè erè a, epi ou vini pou korije l, sa konn rive mwen pèsonelman. Sa konn rive ou vini pou korije epi m pa konnen ou al ajoute yon vigil nan yon lòt pati epi sa gentan pase nan tèt ou epi ou valide l. Se lè sa ou di kèt ou te gen tèl erè ou ta pral korije. Men mwen menm m konn ale bò kote siperyè mwen paske li menm li gen kòd pou sa epi m di l mwen fè tèl “erè wi eske ou ka korije l pou mwen svp”. Epi li korije l. 

Ou te mande m konbyen erè mwen konn jwenn? 

Mwen chak fwa mwen gen rejis yo nan men m, mwen gade rejis la epi mwen di bon tout moun sa yo pral nan jijman. Paske lè w gade rejis la ou wè tout travay la nèt pa bon. Dayè ou konnen fòk ou pa mete chif nan kò ak lan, men genyen yo mete chif. Gen lòt yo kòmanse ekri enfòmasyon yo epi yo mete abreje. Komsi yo abreje yo. Yo konnen tout sa yo pa bon aloske yo fè tout sa yo nan ak yo. Donk yo anpil mwen paka di ou konbyen mwen konn resevwa. Mwen paka fè yon estimasyon pou ou vrèman paske mwen pa two fokis. Li fin tèlman natirel pou mwen. M pa komsi prete atansyon nan sans pou m di konbyen. 

EA: Eske abreje yo tou nan ak yo se erè ki mande jijman tou?

AA: Egzakteman ! Men se pa ofisye yo vrèman non. Byenke m pa konnen pou tout kote kouman sa fèt. Men ofisye yo, pi souvan, yo gen klèk. Moun ki ap ekri pou yo, yo rele moun sa yo klèk ki la pou ki pou rantre done pou yo. 

EA : Eske sa rive nou nan Achiv nasyonal pou nou jwenn ak nesans ki gen plizye nimewo seri ?

AA : Wi sa bouke fèt. Sa fèt anpil anpil.  


Dougenie Michelle ARCHILLE