Teke mab, jwe elastik, jwe marèl, lago-deli, woule kawoutchou oubyen sèk, lalin ak solèy saw pi pito, sote kòd, a nou de, mare estop, titato, leve liv, lago kache, glise sou galri pandan lapli, akizasyon peye chè, mare doum gaz, kabwèt, mòpyon ak jwèt manman ak papa... se yon latriye jwèt timoun piti renmen fè an Ayiti.

Pami tout jwèt sa yo, chak gen règ ak finalite pa yo. Genyen ki vyolan, sa vle di ki marande ak aksyon mechan epi pinisyon ki konn mennen nan gwo bouch louvri, gen lòt tou se pou anmizman ki debouche sou griyen dan ak chase estrès. Men tou, genyen pou fè pase tan epi tou pou pataje plezi nan yon peyi kote timoun se senbòl inosans.

Jwèt Manman ak Papa fè pati jwèt timoun fè pou bay tèt yo plezi nan sa yo rele fè « dezòd ». Se youn pami jwèt ki bobo ak fè bagay. Lè n konsidere konsantman nan fè sèks lye ak laj epi timoun pa kapab bay garanti sa a, Enquet’Action, jounal enfòmasyon ak envestigasyon sou entènèt, deside fouye zo nan kalalou pou eseye kesyone reyalite sa a epi konprann sijè konplèks sa a pi byen.

 

Ankèt

 

Sou ti bout tè sa a ki ta mezire 27 mil 750 kilomèt kare, tout sa ki gen awè ak fè bagay se sijè tabou. Kidonk ou pa ka pale sou sa jan ou vle epi lè ou vle alòske menm moun sa yo ki pa vle pale yo a, ap fè yo chak jou pi plis. Se sa yo rele ipokrizi a ki vle tounen youn nan pi gwo mak fabrik sosyete ayisyèn nan. Gen anpil ka nou ta ka site tankou al nan bouzen, renmen madivin, al nan kafe, bat laponyèt, elatriye.

Jwèt Manman ak Papa se jwèt anpil timoun ki nan laj 3-12 lane renmen fè e menm kontinye fè jis kounya – menm si sa diminye nan entansite. Men, kijan sa fèt? Ki estrateji ak metodoloji ? Eske se yon jwèt tankou tout lòt jwèt ?

Yon jèn fanm kap viv Pòtoprens, ki nan ventèn pou kounya, ki te renmen fè sa anpil, deside fè n konfidans epi rakonte nou jan sa konn pase. Li te kòmanse avan li te gen 12 lane. E li kite l lè l vin gen 12 zan. Nan kominote li tap viv la, anpil lòt timoun te konn fè l.

« Jeneralman se lè vakans mwen te konn fe jwèt sa ak kouzen m yo epi lòt timoun nan vwazinay. Mwen te souvan manman, nou fè timoun yo al lekòl epi mwen ak papa a nou ret nan kay la n ap di banm wè ti loulout ou, banm lajwa w. Se konsa chak vakans, men anpil fwa se lè paran pa la nou fè l. Nou youn ap manyen afè lòt. Mwen te konn fè l paske se te yon fòm distraksyon epi [sa ridem] konnen [kijan] pati nan kò sèks opoze a fonksyone. Men papa m pat janm dakò ».

Sa se temwanyaj Martinette Jean Pierre, nou chwazi chanje non l poun kenbe bon idantite l. Daprè sa li di nou pat konn gen penetrasyon epi li pa sonje si te konn gen sousad. Men te konn gen ti bo ak karès. « Men [tou] te konn gen fè ti grenn rèd. Pou mwen se te bèl experyans. [Mwen sonje yon lè] mwen ak yon papa antre nan yon twalèt epi m di li kale loulout ou, li fè sa; lè m soti nan twalèt la mwen jwenn timoun yo t ap tande », li te pouswiv pou l di nou ak yon gwo souri.

Gen plizyè remak nou ka fè nan deklarasyon sila a ki sanble de gout dlo ak anpil lòt nou resevwa. Se yon pratik ki pa fèt anba zye moun, kidonk fèt an kachèt, ki fèt pandan paran yo pa la, epi ki enplike plizyè aktè ki “aksepte” rantre nan jwèt lan, pratik seksyèl yo pa devègonde epi jan yo rele pati seksyèl yo pa « vilgè », jan anpil ayisyen ak ayisyèn renmen di sa.

Rasin Jwèt Manman ak Papa

Anpil fwa, kondisyon sanitè yo pa respekte kote yo fè yo an. Se atè anba kanbann ki pa fòseman pwòp - se nan twalèt an bwa ki chaje ravèt, papye ki deja fin itilize ak rat kap taye banda oubyen anndan vye kay ki bandone epi ki pa pwòp. Menm si anpil gason pa vle pale de sa kounya nan mikwo – men konsta ak ti dyalòg ki pa anrejistre nou rive fè, fè n konprann se yon pratik anpil anpil gason Ayisyen te renmen fè epi menm te pran plezi fè.

An gwo, Jwèt Manman ak Papa ant timoun fèt ant tifi ak ti gason, ant tifi ak tifi, ant ti gason ak ti gason. Men kad jeneral lan plis wè l nan linèt tifi ak ti gason.

Li se yon pratik ki gen karès, manipilasyon, fwotman, penetrasyon, tibèf, souse ladan l. Li rantre nan yon lojik ki diferan de pratik fè bagay granmoun ki li menm chita nan jou sa yo sou pozisyon seksyèl tèt chaje epi malouk. Yo diferan nan plizyè nivo. Nan fè bagay ak granmoun gen kesyon plis matirite, men tou gen koze voye an ki pa finalite jwèt Manman ak Papa.

Men tou kò moun yo pa menm jan – sitou pou pati entim yo. Epi akt seksyèl yo pa fini menm jan. Se pa menm bagay ki pase ladan yo. Pou timoun pa gen ejakilasyon men pafwa yo konn pise. Epi gon nivo plezi w jwenn lè se 2 granmoun ou pa jwenn li lè se 2 timoun kote 2 moun yo pa fouti voye epi eksperimante yon seri bagay.

Ki sitiyasyon ki te fasilite sa? Premye bagay lan se fenomèn moun sou moun nan sa rele nan lang fransè “promiscuité”. Nou te ka di tou yon ti kote anpil moun ap viv. Kote moun ap viv nan tèt kole ak vwazinay, kote youn fonn nan lòt ki lakoz timoun melanje ak timoun san okenn kontwòl paran. Men tou se yon pratik ki pi prezan nan katye popilè, nan katye majinalize yo rele bidonvil yo, kote ki gen anpil mizè e kote leta bandone. Kote sa yo, timoun yo lage pou kont yo pandan paran yo al bouske lavi.

Se yon eksperyans ki pa gen parèy. Yon eksperyans ki pa gen anyen pou wè ak pratik fè bagay ki mache ak lòt laj yo. Se yon pratik ki fèt mwens chak jou pi plis. Sa vle di daprè konsta nou fè, timoun fè li mwens pou plizyè rezon: akoz timoun yo vin gen aksè ak aparèy elektwonik: telefòn, tablèt, laptòp, timoun yo vin jwe mwens. Epi avèk degradasyon klima ensekirite a, vyolans ak blakawout ki gaye tout kote... timoun yo jwe mwens antre yo. Viv ansanm ak konfyans ki te genyen nan tan pase yo ap fin degrengole chak jou pi plis.

Sa rantre nan lojik global ki mare ak disparisyon yon ansanm pratik ak valè nou te konn genyen nan tan lontan epi ki te konn soude Ayisyen ak Ayisyèn youn ak lòt.

Men gen lòt bagay tou : Konfigirasyon vil ak katye yo sibi anpil chanjman ak koze egzòd riral lan. Men tou sanble nivo veyatif paran yo ta kontribiye nan diminisyon l tou. Men sa ki klè kou klèwoz, gen plis timoun ki te konn fèl lontan. Se te pa makonn epi anpil kote nan peyi a.

Moun ki pat konn fèl yo : Rezon ...

Se pa tout timoun ki vin granmoun kounya ki te konn fè l. Nou te rive pale ak anpil nan yo ki te ba nou rezon yo. An gwo – se paske swa yo te leve pou kont yo, swa paran yo te konn kenbe yo di, kidonk pa kite yo gen posibilite fwote ak lòt moun - ni ale lwen oubyen paran yo te konn ba yo lòt altènativ tankou jwèt poupe.

« Lè m te piti, m pat konn fè Jwèt Manman ak Papa paske mwen te leve pou kont mwen. Mwen pat gen moun ki te nan menm laj avèm – paske kouzen mwen yo te gentan gran. Epi yo pat vrèman konn kite m sòti deyò. Domaj! Manmi m pat konn voye m al fè vakans pyès kote. M pa konnen si se yon regrè, men m pat gentan viv sa a », Waloue Jean te rakonte nou nan temwanyaj li kote li di nou pat gen ti gason ki te leve nan menm lakou avèk li.

Men pifò moun nou te entèwoje ki di nou yo pat konn fèl – an majorite medam yo – yo avanse plizyè kalte jwèt yo te konn fè kòm altènativ – tankou jwèt manje tè, jwèt poupe oubyen nounous, woslè, pench, sote kòd, elatriye. Li diferan de jwèt poupe oubyen nounous kote yon ti gason dakò papa l – yon tifi aksepte manman l epi li nan mitan.

« Li sanble yon jwèt enteresan. Mwen pat gentan fè l. Men m regrèt », Se sa Katiana Joseph rakonte nou. Li te leve ak 3 gran frè l. Youn nan rezon ki fè se jwèt sosyete an atribiye ak ti gason li te konn fè. Pa egzanp, li se yon fanm ki tizè foutbòl anpil epi li te konn teke mab tou. Men tou li fè pati moun ki di yo p ap kite timoun yo fè l. Yo p ap dakò l.

Li pa sèl moun. Nou te pale ak lòt toujou. Gen moun se pou kont yo yo te konn jwe.

« Manman m te konn achte poupe pou mwen avèk jwèt tankou chodyè, tas, ti tab, elatriye. Etandone m pat konn frite lè m te timoun, m konn ret nan lakou lakay mwen m ap jwe. Anpil fwa se pou kòm m te konn jwe », se sa Cassandra Robert te rive konfye nou. Li konn jwenn ti zanmi ki vin jwe ak li, men se tifi epi poupe yo ki te pitit yo.

Se pa yon sijè ki fè gwo deba ak diskisyon nan literati oral ayisyen an. Epi preske pa gen anyen ki ekri sou sa. Pou sa nou te deside al fouye plis epi pale ak espesyalis sou sa.

Konsantman minè ...

« Tou sak pi bèl nan jwèt la sèke jodia m ka papa, demen m ka pitit. Jodi a m ka papa epi se demwazèl X ki manman, yon lòt lè oubyen aprè 2 jou m papa ankò epi se yon lòt demwazèl ki pral jwe wòl manman an. Donk se kòmsi tout timoun antann yo. Ap gen dezòd kanmèm k ap pase. Si ta gen yon timoun ki la ki pa ta vle rantre nan lojik la, y ap jis mete l sou kote », se kalte “swadizan antant” sa ki konn genyen daprè Jean Robert Félismé ki te pran plezi l nan Jwèt Manman ak Papa lè l te piti.

Yon dinamik konsa enplike sèks ki plizoumwen aktif, patenè divès, libète nan chwa plezi an, posibilite pou tout aktè yo fè eksperyans fè bagay, pèmitasyon wòl yo, elatriye.

« Donk bagay yo se konsa. Se yon bagay tèt chaje nèt. Se konsa bagay yo te konn fèt nan lakou yo ak koridò yo alepòk », daprè sa li te ajoute. Tout sa yo pouse nou al gade kisa lalwa di sou koze relasyon seksyèl - men sitou sou sa ki konsène timoun epi kisa konsantman vle di.

Selon kontèks sosyo-jiridik ayisyen an, timoun pa gen kapasite pou bay konsantman. Kidonk konsantman yo pa gen okenn valè jiridiiko-legal. Pwoblèm ki poze nan tèks lwa yo, pa gen okenn kote yo pale de relasyon fè bagay ant timoun ak timoun. Men yo pito pale de relasyon granmoun ak timoun. Depi yon moun poko gen 18 lane ki se laj majorite an Ayiti – li poko granmoun tèt li. Kidonk li pa ka pran yon seri desizyon pou tèt li. Dayè gen anpil bagay pou li fè se paran l yo fè siyen paske li poko ka bay konsantman l.

Poun konprann kesyon an pi byen, nou te al fon ti bat bouch ak Jij pou timoun ki rele Mèt Norah A. Jean François, ki ekri yon bann liv sou timoun an Ayiti. Nou te mande li, kisa li panse de rapò tifi ak ti gason ki fè ti karès ak ti souse pou yo inisye yo nan sèks. Sa nou menm nan Enquet’Action rele Jwèt Manman ak Papa. Men sal reponn nou.

« Bon timoun nan se yon moun li ye tou. Gen de lè li konn devlope prekòsman. Gen de lè tou se paske l wè yon moun ap fè kèk bagay devan l, li menm li bezwen imite l. Donk se sa k konn fè yo al fè l. Pafwa se ensten pa yo ki devlope pou kont yo. Pafwa se nan televizyon yo wè l epi y al repwodui sa yo wè a », se sal te di nou.

Mèt Norah A. Jean François se jij nan Kou Dapèl Pòtòprens, men tou pwofesè nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA). Li ekri yon bann liv sou timoun an Ayiti tankou « Législation haitienne en vigueur sur les mineurs », « Un nouveau regard sur l’enfance haitienne » ak « Le Droit à l’éducation ». Mèt Norah, kisa lalwa di sou vyòl ant minè ak minè?

« Banm di w yon bagay, vyòl la rete yon fèt. Yon fè kòmsi se yon penetrasyon moun nan pat aksepte. Men w pale sou minè ak minè, men minè a pa janm bay konsantman l. Kòmsi lè yon moun ta vyole yon minè menm si l ta di li te konsanti lalwa p ap egzonere moun nan paske minè a pa janm bay konsantman », li te ajoute.

Pi lwen, li fè konnen li ta prefere konsidere envès kesyon an. Envès la kòmsi yon ti gason 15 zan vyole yon tifi 7 lane. Menm si vyòl la se yon akt penetrasyon envolontè nou paka di sa mache. Men genyen lalwa ki pini, bon se lwa pwoteksyon li ye, se si yon jèn aprè 13 lane ki komèt yon zak li kapab pini. Si yon timoun 15 zan fè yon vyòl sou yon timoun 7 lane lalwa pèmèt li si jij la ta rive rejte yon bagay ki rele « excuse atténuante de minorité ». Li kapab pini timoun sa a.

Eske vyòl posib nan Jwèt Manman ak Papa?

Lalwa nan peyi isit mete aksan sou 15 lane, paske pou moun isit se nan laj sa yo - yo panse timoun kòmanse mouye mèch yo. Reyalite an montre se pa vre. Sa montre anpil nan lwa yo pa bobo ak reyalite kounya yo kote timoun ak granmoun wè lavi yon lòt jan. Lwa sa yo pase mòd epi yo pa konsidere evolisyon ki fèt nan sosyete yo kote devan pòt vin tounen dèyè kay. Men eske detounman minè oubyen vyòl posib ant timoun?

Selon yon Sosyològ ki pa vle non li site, ou paka trete kesyon an san reprezantasyon, san valè ki pase nan kad rapò tifi ak ti gason epi rapò fanm ak gason nan sosyete a. « Tout sa n ap di yo ou ka wè se vyòl, men fòk moun ki nan relasyon an konsidere l konsa. Si se timoun yo ye, se yon lòt enstans ki dezinye l tankou vyòl, men si se majè, se yo ki pou dezinye l tankou vyòl ou pa », se sa li te ajoute.

Nan kesyon fè bagay ant timoun, gen moun ki wè l yon lòt jan paske paran yo pa enplike epi se kèk fwa ou tande bri fèt sou sa. Si se yon pratik ki kòmanse anba zye tout moun – li pa janm fini konsa. Se souvan nan kache li fini. Anba kabann, nan douch, nan twalèt, nan koridò, anba tab, elatriye.

Selon Pascale Solages, feminis, fòk nou pa toujou konsidere sa tankou yon vyòl epi sa ka rive se yon tifi ki inisye yon timoun nan laj li. Sa ka rive - paske fòk nou konnen lè adolesan yo nan laj pibète yo, y ap eksperimante yon seri bagay avèk adolesan parèy yo. « Chak ka yo gen sitiyasyon pa yo epi fòk nou tradui chak ka atravè espesifisite sitiyasyon pa li », li di, epi ajoute: Otomatikman moun ki inisye l la li pi gran, se yon detounman minè li ye.

Gen yon lòt gwoup moun ki genyen yon lòt opinion sou kesyon an. Paske pou yo se eksperimantasyon ak inisyasyon nan fè bagay ki ale bab pou bab ak dènyè pwendvi feminis lan.

Jean Robert Félismé ki nan trantèn kounya rantre nan istwa Jwèt Manman ak Papa a byen bonè. Li konsidere eksperyans sa a kòm abesedè oubyen premye pa nan seksyalite. Paske se lè sa li te premye fè konesans ak kò fi – menm si se pat yon kò ki devlope. Men sa ede l konnen ki efè sa fè lèw touche yon fi – kidonk ou konn kisa sa vle di. « Se la yon nèg fè premye ti bo. Se la kòmsi ou konn sa yo rele premye atouchman seksyèl yo vrèman », daprè sa li te rakonte nou.

Nan tout Jwèt Manman ak Papa li te konn fè yo, li sonje yon lè nan lakou a te gen yon bòs ebenis ki te konn travay, li te gen atelye l. Gen yon kwen kote ki gen planch bare. Pat gen moun la lè a epi yo al dèyè kwen an. « Demwazèl la leve rad li, li desann kilòt li epi l fè m monte sou li. Epi sa ou tande an, lekòl lage! », li kontinye pou l di. Men tou, li menm sonje youn nan premye fwa li te fè’l. « Gen yon demwazèl - lè sa m te ka genyen yon 6, 7 lane. M pat menm konn reyalite a menm, se li ki pral inisye m nan domèn nan ».

« Pou mwen sèks se yon bon bagay. E Jwèt Manman ak Papa se yon mannyè ki pèmèt ou dekouvri kiyès ou ye nan koze fè bagay. Wi yo te konn bare nou, plizyè fwa e yo te konn kale nou, men sa pat anpeche n kontinye fè l ». Se koze sa yo Marinette te ajoute. Ki ale nan menm sans ak pa Félismé yo.

Jounen jodi a, mantalite timoun yo devlope plis pase jan sa te ye lontan an. « [Pou kounya si m ta bare timoun k ap fè l] mwen p ap kouri dèyè yo, men mwen ka rele yo pou m pale ak yo. Epi mwen kraze jwèt la. Lespri timoun yo pi ouvè pase m lèm te nan laj sa », daprè sa li konfye nou.

Pami plizyè obsèvasyon nou fè nan kad ankèt nou, nou pral rakonte nou youn. Se yon aksyon ki pase yon kote nan rejyon metwopolitèn Pòtòprens la. Ki petèt sanble ak reyalite youn nan moun kap li tèks sa ap viv oubyen te viv. Men ki te fèt vrèman.

Se te yon timoun ki te gen ant 3-5 lane ki te abite nan yon ti kounouk kay ak yon tifi ki ka bal 3-5 lane ak yon granmoun fi epi yon gason ki te souvan rantre lè swa. Granmoun fi an te konn fè jounen deyò nan chache lavi epi kite 2 timoun yo nan kay la. Men yo te pwòch paran yo e se tifi an ki te la pou siveye ti gason an epi pran swen l. Tout tan se chwichwi chwichwi paske tifi an plede fè ti gason an fè bagay ak li. Granmoun tifi an rapòte ke l twò cho – paske li plede fè ti nèg lan ki pi piti plimen‘l – menm lè ti gason an pa vle. Tou 2 admèt yo abitwe enndjyòy yo.

Boutonfen, yo te fini pa voye tifi an ale jwenn paran li an pwovens. Epi aprè kèk tan, moun yo te kite zòn nan al pavweze nan yon lòt katye. Men anba anba, te gen moun ki kontan. Pa bliye nou nan yon sosyete machis ak seksis – kote paran yo konsidere tigason yo tankou kòk – ki gen dwa kouvri ti poul jan yo vle.

Yon Jwèt ki konplèks anpil !

« Mwen sa pat rive pou mwen – men m temwen kèk ka kote gen de timoun ki gen lyen parante ki rantre nan dezòd sa a. Kòmsi ki fè ti dezòd sa yo jis paske se jwèt manman ak papa y ap fè. Epi gen ti bo ki fèt, gen ti fwote, gen touche ti pati entim ki fèt. Ou konnen nan laj sa a pa gen gwo bagay vrèman, men nan tèt nou se sa l te ye », suivan Flérismé.

Nan sans sa esken ka pale de ensès? Nou te mande Mèt Norah A. Jean François, kisa lalwa di sou ensès ant timoun ak timoun, men sal te reponn nou.

« Komsi ou pale de ti sè ak ti frè. Jan nou sot di talè a se yon kesyon de timoun nan swa l ap imite, swa se yon ensten ki devlope, swa l ap gade de modèl nan televizyon oubyen l konn wè moun ap fè. Lalwa pale de ensès, men se pa nan sans sa kòmsi de timoun. Paske timoun yo fè sa yo pa menm konnen kòmsi se frè ak sè. Yo jis wè yon bagay ap pase epi yo al repwodui li. Men se pa paske lalwa pa prevwa ensès non, men l pa prevwa l nan nivo sa a », li te fè nou konnen.

Nan peyi Dayiti, timoun rantre nan fè bagay bonè bonè. Pascale Solages kise feminis fè konnen yo pa fè l nesesèman ak moun ki pi gran pase yo. E kòm yo gen aksè ak yon pakèt zouti ki fè yo wè seksyalite an tankou telefòn, televizyon ak entènèt. Sa vle di yo eksperimante l pi bonè epi sa pral depann nan ki anviwonman timoun nan ap viv. Sa ka rive se de timoun 12-13-14 zan ki ap eksperimante seksyalite yo ansanm. « Sa pou n obsève laj mwayen rapò seksyèl yo ap bese plis chak jou. Jounen jodi a ou jwenn plis moun ki pi jèn ki gen rapò seksyèl epi yo gen rapò fè bagay pafwa avèk timoun ki nan laj yo », si nou rive kwè Pascale Solage.

Sa nou konstate, dokiman ofisyèl yo pa pran ankont konpleksite sa yo nan kontinye fè moun kwè Ayisyen ak Ayisyèn koumanse rantre nan fè bagay avan 15 lane. Men nan reyalite an, li koumanse depi laj 3-4 lane. Selon chif ofisyèl yo, 13% tifi fè bagay avan laj 15 lane.

Pou Doktè nan Sikoloji sosyal, Raynold Billy ki se pwofesè nan Inivèsitè Leta Ayiti (ILA), li pa konnen si yo banalize l, men pou li, istorikman genyen antwopològ ki dekri kèk sosyete kote gen moman pou timoun yo al fè eksperyans, dekouvri tèt yo, dekouvri seksyalite yo. « Sa vle di si se ant timoun sa ka poze pwoblèm pou sèten paran, men yo pa pran l tankou se yon vyòl, yo gen dwa kale timoun yo, sa rete la oubyen paran yo ka menm pale. Sa depann de paran yo. Men se yon moman eksplorasyon timoun nan ap fè pou kò l e si li gen ase libète, li ka fè l ak lòt timoun pandan y ap jwe. Paran an p ap toujou ka gen kontwòl yo », selon li menm.

Atitid paran yo varye anfas yon reyalite konsa. Anpil fwa yo pa konn anyen. Lè yo konnen – genyen ki minimize sa – men gen lòt se baton yo voye sou timoun nan. Men jeneralman se tifi yo yo bat. Paske nan mantalite ayisyèn nan Ti gason se ti kòk kidonk yo gen dwa monte ti poulèt jan yo vle.

An gwo, sanble gen yon konsansis sosyal ki fèt pou sosyete a pa konsidere sa tankou yon pwoblèm, men pito tankou yon mwayen pou tifi ak ti gason inisye nan fè bagay. Paske gen anpil granmoun kounya se nan lojik sa a yo te fè premye eksperyans yo.

Gen tifi se nan lojik sa a yo te konn viv premye atouchman seksyèl yo nan men lòt fi. Men tou, gen gason ki konn fè masisi nan laj sa yo. Men sa pa fè moun sa yo masisi oubyen madivin pou sa. Se jis yon eksperyans pasajè. Gen anpil moun nan kad ankèt nou mennen yo, ki avwe yo te konn gen pratik sa yo. Men pou kounya yo pa ni madivin ni masisi. Anpil moun rive fè yon seri eksperyans lè yo te timoun, poutan yo pa janm rive fè nan vi yo lè yo vin granmoun.

« Gen anpil ka mwen rankontre nan eksperyans mwen antanke sikològ. Ou pral jwenn anpil fanm lè yo te piti ki viktim de yon fòm atouchman nan men fi parèy yo. Men kòm yo wè se tifi k ap jwe, yo pa vrèman prete yon atansyon ak sa. Yo konn menm panse gen yon moman endividi a bezwen pou li eksplore kò l, pou l konnen seksyalite l », daprè sa doktè Billy estime.

Li ale pi lwen pou di, sitou yo pwofite de moman sa yo pou chèche plezi nan ògan ki ka bay plezi yo. Pou li, se kòmsi anba chal sosyete a dakò se yon etap nan sosyalizasyon endividi a, nan konstriksyon idantite seksyèl li.

Men kòm seskyalite a gen yon ansanm tabou ki antoure l, moun nan gen dwa pa di aklè li dakò ak sa. Men li konnen petèt se yon moman li pa ka evite nan pakou ak evolisyon li.


Gade videyo sa: