Ankèt


« Yo lèd lèd lèd. Dèyè yo zo. Yo sanble rat ki tonbe nan dlo cho, ki deplimen. Lè 2 bò tèt yo kale wòz nèt menm, yo se zòbòy. Lè konsa m pa ka wè yo nèt. » Sa se pawòl Danielson Jean, yon jenn gason k ap viv Kanaran, yon katye sou komin Kwadèboukè. Jenn gason sa fè pati moun ki pran plezi nan itilize eslogan ki fèt pou demounize fanm. Li pa nan kache men voye wòch. « Lè fanm yo fè alagasòn, yo mèg, yo abiye yon jan, mwen konn di yo zorat », se pawòl gran itilizatè eslogan seksis sila a rapòte nou ak fyète. 

Si yon bò plezi a gaye kot mesye yo, se yon lòt reyalite pou medam yo. Woodnayda Jean, 17 lanne, ap pase yon maswife nan koze sila. « Si jenn gason an rele w osinon mande w nimewo telefòn ou oubyen li mande w kijan w rele, si w gen malè pa reponn, yo trete w de zorat, de zòbòy ». Avèk yon vwa byen tris, elèv NS2 a pa kache di nou li konn pase yon jounen deranje akoz sa. 

«Ti grizon, Zagribay, limena kole ak krache, Ata gaz rejwenn zorat ak zòbòy», se  kèk pami pawòl ki sèvi pou pale sou fanm an Ayiti. Si 3 premye yo gen menm sans ak kokorat, katriyèm nan dekri yon fanm k ap viv sou kont gason kote l pa itil tèt li anyen. Sherlyne Mura se yon jenn jounalis. Li pami moun ki anime emisyon feminis “Ainsi soient’elles”, nan radyo “Model Fm” ki nan kapital peyi dAyiti. Pwogram radyofonik sila a bay tèt li misyon pale sou enpòtans fanm ak tifi. Pou Sherlyne, fenomèn eslogan k ap atake medam yo gen rapò ak moun k ap koupe rache nan sosyete a. Li kontinye pou l di « Nou nan yon sosyete kote se gason k ap domine. Eslogan sa yo vini yon fason pou denigre medam yo. Pou fè yo konprann yo pa anyen. W ap toujou wè se gason ki vin avèk yo yon fason pou yo minimize fanm yo. Pou montre fanm yo la men se gason ki pou di ki moman yo enpòtan ak lè yo pa enpòtan».

Li pa yon sekrè pou pyès moun, fanm yo pi plis pase gason an Ayiti. Sa pa anpeche yo se gwoup ki souvan viktim. Yon sitiyasyon Widsa Mérisier Payen wè ki dwòl. « Kòman w kapab konprann pandan medam yo plis nan sosyete a epi pou gen seri bagay se yo k ap kite l pase? Tout sa k ap mache se paske medam yo vle l mache. Imajine w konn tande menm fanm ap di fè Wana mache. Yo konn ap danse sou li ». Se avèk dezolasyon prezantatris nan radyo leta a fè konsta sa yo. 

Fè Wana mache, fè Wana vòltije, pawòl sa yo fè fanm pase pou poupe twèl.  Menm jan ak lòt koze, se nan estil mizik trè popilè ki rele rabòday la move imaj sou fanm fè kenken.

Rabòday, yon sous pawol piman bouk donnen …

Depi plis pase 10 lanne, rabòday la ap taye banda l nan peyi a. Nan atè plat, ti sourit (evennman foutbòl lannwit), pwogram lekòl, kote alkòl ap koule, estil mizik sa (toujou) reponn prezan. Pafwa gason yo konn jwenn pa yo nan pawòl diskriminatwa ki gen ladan yo tou, se sitou fi yo ki souvan sijè prensipal rabòday la. Nan ka sa a, animatè ak didje yo san pitye pou kategori sa. 

« Pandan kèk tan, mwen remake depi mizik lan pa fèt pou l blaze fanm, li pap mache. Imedyatman li pale mal sou fanm, li mache, moun danse l», se analiz Angeline Syrin, 26 lanne, fè. Jenn demwazèl sa a wè tèt li kòm yon militant k ap defann fanm ak tifi. Li te travay soti lanne 2017 rive 2019 ak yon òganizasyon entènasyonal sou vyolans moun ap sibi paske yo se fanm oubyen gason. Eksperyans sa fè l plis entèrese ak sa medam yo ap viv chak jou nan peyi a. Pou li, mizik la ede nan blaze fanm yo. Angeline vekse pou konpòtman medam yo afiche nan chante k ap denigre yo ankò. « Menm mizik k ap blaze medam yo, se fanm ankò k ap danse l. Anyen pa deranje yo. Lè didje a pran mikwo a, li fè fanm yo repete mo sal la pi fò pase gason an pandan se kont li mizik lan ye. Sa se yon pwoblèm pandan moun nan ap eseye bese nivo l, l ap montre l se yon voryen, l ap eseye montre l se yon bagay lajan oubyen nenpòt lòt bagay ka fè l mache». Konpòtman sa yo pa t manke mete Angeline an kòlè.

Fè Wana mache, pa sèl pawòl seksis rabòday la bay bourad. Limena, madan papa antre nan lis byen long sila a. Sosyològ Kenise Phanord wè nan mizik rabòday la yon enstriman sikolojik. « Mizik yo pa inosan ditou. Yo atake kò medam yo ak lespri yo. Yo wè yo tankou yon bagay. Si w ap gade videyo oubyen espektak, w ap wè medam yo pa la pou pale men pou yo bay mesye yo plezi. Yo la pou yo fè mouvman ki gen rapò ak fè bagay ak yon ti kal rad sou yo», pawòl madan Phanord.

Nan sans sa a, fanm yo pase pou objè seksyèl. Pou kore imaj sila a, eslogan nan mizik yo se pi bon mwayen an. « Lè w ap tande fè Wana mache, ou wè fanm nan tankou yon moun ki fin manje pen ak manba, li fin bwè ji nan sachè (mizè blòdè), epi ki otomatikman dwe fè bagay ak gason an ki ba l manje ak bwè a. Nan sans sa a, zafè fè bagay la pa pou plezi 2 moun yo, men pou pa gason an. Wana pa gen chwa. Li dwe mache», dapre analiz Kenise Phanord, manm “CUREF” ki se, an fransè, “collectif universitaire pour la recherche et l’émancipation des femmes”, yon òganizasyon feminis. 

Pou kore imaj sa, mesye yo itilize tou eslogan «ba l manje, ba l bwè, ba l bwa». Kenise Phanord wè nan langaj sa yon komès san lanmou. «Mizik ak eslogan sa yo montre nan ki nivo nan koze fè bagay, se gason an ki dwe domine. Li montre fè bagay gen blòf, gen komès, gen vyolans, gen mechanste, pa gen lanmou, pa gen pataj», daprè sosyològ ak feminis lan. Li kwè tou fenomèn sa dwe louvri je ayisyen sou jan mizè blayi nan peyi a. Kote fanm oblije jwenn yon gason pou l ka manje. Li avanse pou l di se yon reyalite men rabòday la fè l pase pou yon bagay nòmal, sa ki yon vye imaj pou peyi a.   

Yon pwoblèm levasyon 

«Kraze manzè, manje manzè, mwen fini ak sa, mwen antre floup m soti flap» se fraz gason ayisyen itilize lè yo fin fè bagay ak yon fanm.  Aprè relasyon an, medam yo pase pou asyèt katon. Sa vle di yo jete l. Reyinyon jenn gason yo se souvan kote sèn yo rakonte. Se espas kote moun sa yo ki rele tèt yo gèryè yo pale sou viktwa yo san yo pa jennen. Reyaksyon sa yo deranje Angeline Syrin. «M pa ka konprann pou gason wè fè bagay ak fanm tankou se yon konba sa ye. La, gason an sispann gason. Li pa jènjan ankò. Kouche yon fi pa ka yon konba pou ou. Fè bagay, se desizyon 2 moun sa ye. Fanm sa w ap mache di jan w sot demonte l la, janw sot fè l mache a, ou dwe l respè paske l chwazi pataje yon pati nan li avè w», daprè eksplikasyon militant lan. 

Blaze fanm tounen yon bagay nòmal. Plizyè moun ret kwè sa gen rapò ak jan yo leve timoun. Kenise Phanord nan lo sa. Sosyològ la raple, gen yon etid Myrtho Sorel Célestin fè kote l montre nan 9yèm lanne fondamantal yo nan lekòl, gen yon konstriksyon diferan sou fanm ak gason. Yo montre tifi yo dous, yo fèb. Gason yo menm fò, yo gen plis valè. 

Konsta a pa diferan pou prezantatris Radyo Nasyonal la Widsa Mériser Payen. Li ret kwè fason yo edike moun yo gen gwo rapò ak pwoblèm nan«Fenomèn sa pa sèlman touche medam yo, men tout valè moral sosyete a. ou imajine valè timoun k ap grandi epi ki ekspoze ak mizik sa yo k ap jwe byen fò. Timoun yo ap grandi san yo pa gen respè pou fanm ak imaj sa yo deja nan yon sosyete kote gason yo ap domine, kote pa gen respè pou fanm. Sa timoun nan wè, se li l ap fè», selon agiman jounalis medya leta a. 

Jounalis la plede pou respè pou fanm anndan pwogram levasyon peyi a. Pou li, fanm pa ta dwe parèt nan deba yo sèlman yon grenn jou. «Kijan ledikasyon timoun yo fèt nan lekòl sou koze respè pou fanm? Fanm ki se manman lavi. Eske se chak lè fèt manman oubyen chak 8 mas pou n ap pale sou valè fanm ? sa dwe anndan ledikasyon pou timoun nan respekte fanm. Pou l konnen se nan vant yon fanm li soti. Se tout yon sistèm ki dwe envesti yo nan deba sa», se rekòmandasyon gayant konkou jenn jounalis òganizasyon Entènasyonal Frankofoni nan lanne 2020 an. 

Medam yo kòm gwo konsomatè

Si gason yo kreye eslogan yo, medam yo souvan itilize yo pou atake fanm parèy yo. Pa etone w si w tande yon fanm ap di yon lòt « Foli babi oubyen akrena». Nan pwogram kote mizik ki atake yo ap jwe, yo se kategori ki toujou prezan pou danse. Menm si pawòl ki akonpanye son yo ankouraje vyolans sou fanm, sa pa anpeche de twa gouyad pèdi lavi yo nan ren medam yo. 

Ketleine Charles se yon gwo responsab anndan Ministè fanm. L ap jere direksyon kowòdinasyon biwo ki sou kont ministè a nan tout depatman peyi a. Analiz li klè sou konpòtman medam yo nan itilize eslogan seksis yo.  Pwofesè inivèsite a fè konnen «jenès la deprave, san direksyon. Manke sansibilizasyon sou kesyon fanm ak gason nan peyi a. Jenn fi yo manke jwenn ankadreman nan men enstitisyon ki la pou sa. Epi move kondisyon fanm yo ap viv fè yo viktim nan tout sans».

Yon viktim ki souvan aji menm jan ak bouwo pou fanm parèy li. Kenise Phanord wè sous pwoblèm nan nan jan yo entegre medàm yo nan sosyete a. «Nan jwèt timoun yo ap fè. Nan sa k ap fèt nan fanmi, nan jan moun aprann, nan pwovèb yo, yo aprann medam yo pou yo santi yo pi ba pase gason, pou yo wè yo kòm sila ki pa bon an. Yo tou kreye wòl pou medam yo», se analiz sila ki gen yon metriz nan sosyoloji nan "Université du Havre", nan peyi Lafrans. 

Li rete kwè eslogan sa yo anndan mizik yo ede fanm yo bay tèt yo plezi nan yon peyi kote espas pou sa prèske pa egziste. «Nan yon fason oubyen yon lòt, mizik sa yo pale sou sa medam yo ap viv, sou reyalite yo. Kapab se sèl deskripsyon yo jwenn sou yo menm». Feminis la kontinye pou l di « konsiderasyon sa met aksan sou fanm nan katye popilè yo. Lè medam yo pa gen yon espas kote yo ka pran plezi jan sa ta dwe ye, yo oblije sèvi ak rabòday la kòm mwayen pou yo kouri pou reyalite y ap viv la menmsi yo pa aksepte tout sa k ap di yo nan mizik la»,

Reyaksyon fas ak pwoblèm sosyal la

Se tanzantan yon lo pawòl kreye pou frape medam yo. Fenomèn sila a pa kite òganizasyon k ap goumen pou dwa fanm yo respekte san reyaksyon. Nan ti bat bouch nou te gen ak li, Kenise Phanord fè nou konnen nan lanne 2011 plizyè òganizasyon feminis te leve kanpe kont fenomèn rabòday la k ap atake fanm yo. Leta pa t ret bouch be pandan yon tan. «Gen kèk aksyon leta te fè menm si yo pa fè sa yo ta dwe fè a tout bon vre», pandan lap raple Senatè Zokiki (Jean Renel Senatus ki te komisè gouvènman nan epòk 2012) te mennen batay kont sa. Ansyen komisè gouvènman Pòtoprens lan nan lanne 2018, Clamé Ocnam Daméus, te kanpe zafè ti sourit ki pèmet rabòday la pwopaje.

Li ret kwè Ministè fanm, ministè kilti ak kominikasyon, ministè jistis, ministè enteryè, otorite lokal yo, dwe met tèt ansanm pou yo aji kont fenomèn sa k ap blaze medam yoAnsyèn etidyant Fakilte Syanzimèn nan Inivèsite Leta peyi Ayiti a esplike nesesite pou  «genyen aktivite pou sansibilize didje yo pou yo konprann jan rabòday la ka yon danje pou sosyete a. Dwe gen aksyon ki mennen kont moun ki deside kontinye pratik la lè leta entèdi l. Yo dwe fè yo peye pou sa. Fòme ak sansibilize jenn moun yo sou sa pou yo konprann jan sa kapab bay move rezilta».

Pou li, dwe gen lòt mesaj k ap pase nan mizik yo pou montre valè moun dwe genyen. Bò kote pa l, Sherlyne Mura vote pou gen yon travay ki fèt tout kote ki gen gwoup moun tankou lekòl, legliz ak fanmi. «Depi gen pase men ki fèt nan fanmi, nan jan y ap leve timoun yo. Depi travay la kontinye nan legliz, lekòl ak inivèsite, bagay la ap chanje». Jenn jounalis la ankouraje medam yo pou yo pa ret chita nan sa fanmi ak legliz bay sèlman.

Widsa Mérisier Payen mande pou tout moun pote kole. «Yon sèl moun pa ka mennen batay sa poukont li. Se nou ki pou met tèt ansanm. M pa pral nan demach pou m mande pou fanm yo fè mizik sou gason yo kote pou n blaze yo. Gen anpil bagay nou te ka di sou mesye yo tou. Men demach kou pou kou sa p ap pot anyen vre kòm rezilta. Demach la dwe gade kijan nou ka al nan sous pwoblèm nan pou n jwenn solisyon an. Si nou met ansanm pou n kondane tèks mizikal sa yo, n ap rive dekouraje moun kap pwodwi yo». Pou n fini, jounalis la rete kwè medya yo gen wòl pa yo pou yo jwe nan kalite mizik y ap pase sou antèn yo. 


Jeff Mackenley GARCON