EA: Kijan mouvman feminis lan ye an Ayiti?
KP: Mouvman an toujou vle gen refleksyon ki fèt epi pou gen aksyon ki poze sou dwa fanm. Mouvman feminis la te toujou antre nan tout sa k ap sakaje sosyete a. Nou te lite kont okipasyon meriken yo.
Nou te la ankò nan lanne 86. Nou te la kont zafè koudeta epi kont koze militè etranje ki te pile tè a. Nou toujou fè yon sèl ak lòt gwoup nan sosyete a nan lide pou n gen yon sosyete kote tout moun gen menm nivo.
Yon sosyete demokratik kote zafè devlopman p ap kite medam yo sou kote. Nan sans sa, mouvman an montre jan sosyete a ap mache a entèrese nou. Pou goumen kont pwoblèm medam yo, anpil fanm, anpil òganizasyon tou nèf deside antre nan batay la. Mwen sèlman swete yo met tèt ansanm ak sila ki te la avan yo pou batay la bay plis bon rezilta.
EA: Kijan w wè fanm yo aktyèlman nan sosyete a?
KP: Jan Simone de Beauvoir te di l: « yon sèl kriz politik, ekonomik oubyen nan relijyon sifi pou kesyone dwa fanm yo te lite pou yo a. » Jan sosyete a ye la fè medam yo ap veye pou sa yo te batay pou li yo pa disparèt.
Aktyèlman, leta a p ap fonksyone jan sa ta dwe ye. Moun egziktif yo gen kontwòl tout leta. Se blòf, se manti k ap bay. Se tout tan dwa moun ap pase anba pye. Sitou dwa fanm yo. Nou remake pandan kèk tan moun pa pran pou anyen jan y ap pase dwa medam yo anba pye. Yo touye medam yo, yo kidnape yo. Gen kadejak tout kote. Gen mari k ap bat madanm yo. Gen papa k ap kouche pitit fi yo. Gen moun k ap abize fanm…
Pa gen pyès desizyon ki pran pou bloke sa yo. Okontrè, menm minis Kilti ap defann zanmi l ki gen non l site nan zafè kadejak pandan se lajistis ki ta dwe deside. Pawòl fanm yo pa jwenn valè.
Met sou koze vyolans yo, nou remake medam yo vin pi pòv sitou pa rapò ak koze gang, koze kowonaviris, lavi chè ak goud la k ap pèdi valè l devan dola meriken an. Pandan chay yo pi lou pou fanm yo sitou nan koze papa ki pa pran responsabilite yo, malgre gen lwa pou goumen kont sa. Mizè tounen zafè fanm. Leta ki pa janm vle bay medam yo plas yo ap fè pwopagann sou patisipasyon fanm yo nan koze referandòm. Daprè ansyen prezidan Boniface Alexandre, konstitisyon yo vle vini avè l la ap bay medam yo 35 sou chak 100 plas nan tout espas. Sa ki dwòl la se paske depi lè Jovenel Moise pran pouvwa a, zafè kota 30 pousan an pa t janm yon priyorite pou li. Menm pami minis yo ak sekretè deta yo pat janm gen 30% fanm vre. Mete 35 nan plas 30 p ap pot yon chanjman si pa gen yon politik piblik ki mache avè l. Se pa met chif pou chif men fòk desizyon yo aplike. Nou wè nan administrasyon ki la a yon gwo diferans ant sa k ap di ak sa k ap fèt sou dwa fanm.
EA: Kisa ki merite fèt pou medam yo jwi dwa yo? Jwenn respè yo merite?
KP: Leta dwe pran responsabilite l olye l ap blofe moun. Pa sèlman sou koze kota a, men pa rapò ak nan politik piblik. Gen yon politik egalite ant gason ak fanm ki gen 6 kote leta dwe aji sou koze dwa fanm, men sa pa t janm yon reyalite. Gen yon plan nasyonal pou lite sou vyolans fanm ak tifi ap sibi. Li pa janm itilize. Ministè fanm ki la pou lwa sa yo aplike pa janm jwenn mwayen pou sa rive fèt. Anpil lòt moun nan leta a panse batay sa dwe batay ministè fanm pandan se tout leta a ki dwe lage yo nan batay la. Leta a dwe aplike lwa yo menm yo te vote ankò sou dwa fanm.
EA: Kisa w ka di sou rabòday ak tchwap ki kreye move pawòl sou medam yo?
KP: Se yon fenomèn ki bay yon vye imaj sou medam yo nan je jenn moun yo. Sosyete n ap viv la ankouraje yo bese valè medam yo. Gen yon etid Myrtho Sorel Célestin fè kote l montre nan 9 lanne fondamantal yo nan lekòl, gen yon konstriksyon diferan sou fanm ak gason. Yo montre tifi yo yo dous, yo fèb. Gason yo menm fò, yo gen plis valè. Pou koze politik, Myriam Merlet montre gen yon miwo miba nan koze fanm ak gason. Sa ki fè medam yo dwe goumen anpil pou yo patisipe nan politik la.
Mizik yo pa inosan tou. Yo atake kò medam yo ak lespri yo. Yon mizik tankou ''lè m pa la'' wè medam yo tankou yon moun ki vann konsyans yo. Gen mizik ki pale sou limena. Yo wè yo tankou moun ki sou kont gason, ki pran sa pou metye. Yon moun ki pa bon avèk objektif pou l twonpe gason. Yo wè medam yo tankou yo pa moun. Se pito yon bagay. Si w ap gade videyo yo oubyen espektak yo, w ap wè medam yo pa la pou pale men pou yo bay mesye yo plezi. Yo la pou yo fè mouvman ki gen rapò ak fè bagay ak yon ti kal rad sou yo. Lè w ap tande fè Wana mache, ou wè fanm nan tankou yon moun ki fin manje pen ak manba, li fin bwè ji nan sachè, epi ki otomatikman dwe fè bagay ak gason an ki ba l manje ak bwè a. Nan sans sa a, zafè fè bagay la pa pou plezi 2 moun yo, men pou pa gason an. Wana pa gen chwa. Li dwe mache. Mizik sa ankouraje vyolans sou fanm. Li fè wè vyolans pa anyen. Koze Wana a tou fè nou wè nan ki nivo medam yo pòv. Li touche yon kategori medam menm. Yon gwoup medam ki pa menm ka bay tèt yo manje. Yo oblije jwenn yon gason ki pou ede yo jwenn manje.
EA: Eske gen travay ki fèt deja pou goumen kont fenomèn rabòday la k ap frape fanm yo?
KP: Depi lanne 2011, plizyè òganizasyon feminis leve kanpe kont fenomèn rabòday la. Gen kèk aksyon leta te fè menm si yo pa fè sa yo ta dwe fè a tout bon vre. Zokiki te mennen batay kont sa. Minis edikasyon an te pwomèt pou mizik sa yo entèdi nan aktivite lekòl yo. Menm si sa kontinye ap fèt nan lekòl yo. Ansyen komisè gouvènman an Clamé Occnam Daméus ki te kanpe zafè ti sourit ki pèmet rabòday la pwopaje. Epi si n ap gade yonn nan chantè pi popilè rabòday yo te vin nan lanne pase yo anbasadè kilti komin Kafou, n ap wè pa gen yon inite ant otorite nan peyi isit.
EA: Kisa leta ta dwe fè konnya pou kanpe kont fenomèn sa a?
KP: Ministè fanm, minis kilti ak kominikasyon, ministè jistis, ministè enteryè, otorite lokal yo, dwe met tèt ansanm pou yo aji kont fenomèn sa k ap blaze medam yo. Dwe gen aktivite pou sansibilize didje yo pou yo konprann jan rabòday la ka yon danje pou sosyete a. dwe gen aksyon ki Mennen kont moun ki deside kontinye pratik la lè leta entèdi l. yo dwe fè yo peye pou sa. Fòme ak sansibilize jenn moun yo sou sa pou yo konprann jan sa kapab bay move rezilta sa yo. Nou dwe gen lòt mesaj k ap pase nan mizik yo pou montre valè moun dwe genyen. Dwe gen mesaj ki pou pale sou pwoblèm yo. Sou rapò miwo miba ant gason ak fanm. Sou rapò klas sosyal yo. Nou dwe gade tout blokis ki gen nan koze sa a.
EA: Kisa w panse sou kèk eslogan tankou fè Wana mache, mwen manje manzè, antre floup soiti flap, fòk li tankou bitch, ba l manje ba l bwè ba l bwa… ki vize blaze medam yo? Kisa eslogan ki soti nan mizik sa yo di sou nou ?
KP: Mizik ak eslogan sa yo la pou montre rapò klas ki gen nan sosyete a. Yo montre jan gason yo sou tèt fanm yo. Yo montre nan ki nivo nan koze fè bagay, se gason an ki dwe domine. Li montre fè bagay gen blòf, gen komès, gen vyolans, gen mechanste, pa gen lanmou, pa gen pataj. Epi se pa sèlman pawòl k ap di yo. Nan jan yo monte videyo yo montre fanm se sila ki anba a.
Sa fè nou wè jan mizè blayi tout kote tou. Nan sans sa, medam yo nan viktim 2 fwa. Mesye yo menm favorize menm lè yo nan menm kategori sosyal ki pi ba a ak medam yo.
Mizik sa yo fè nou santi jan li enpòtan pou nou fè plis fòmasyon pou moun ka konprann rapò ant fanm ak gason, rapò ant klas sosyal yo. Sa ki ap pèmèt nou analize medam yo met sou kote yo tankou medam lari yo, medam faktori yo, moun k ap travay kay madanm yo, ti machann yo… Nou pa konn reyalite yo vre. Tout sa nou konnen sou yo se sa mesye yo di nou. Nou dwe konnen sa y ap viv chak jou pou n ka aji jan sa dwe ye nan lide pou n jwenn solisyon ak pwoblèm yo.
EA: Kijan w konprann sa lè se medam yo ankò k ap ede mesaj sa yo sikile?
KP: Nou dwe remake mizik rabòday ak tchwap yo se gason ki fè yo. Kit moun ki ekri l yo, kit chantè a, kit didye a pifò se gason. Medam yo menm jwe wòl konsomatè. Plizyè rezon ka eskplike poukisa medam yo jwe wòl sa.
Premye a gen rapò ak sosyalizasyon kit nan premye nivo, kit nan dezyèm nivo. Nan jwèt timoun yo ap fè, nan sa k ap fèt nan fanmi, nan jan moun aprann, nan pwovèb yo, yo aprann medam yo pou yo santi yo pi ba pase gason, pou yo wè yo kòm sila ki pa bon an. Se menm bagay la ki fèt nan koze rasis. Moun nwa yo kenbe anndan yo tout règ yo evante sou kesyon koulè nan jan moun aprann, nan sinema, nan listwa ki anseye yo se blan ki gen plis valè.
Gen yon lòt eksplikasyon tou. Se koze wòl yo tou kreye pou medam yo. Nan lide pou yo alamòd, yo pa menm analize pawòl seksis yo ki gen nan mizik yo.
Nou ka konsidere yo konsome l paske nan yon fason oubyen yon lòt, mizik sa yo pale sou sa medam yo ap viv, sou reyalite yo. Kapab se sèl deskripsyon yo jwenn sou yo. Menmsi l ka pou yon ti moman. Konsiderasyon sa met aksan sou fanm nan katye popilè yo. Lè medam yo pa gen yon espas kote yo ka pran plezi jan sa ta dwe ye, yo oblije sèvi ak rabòday la kòm mwayen pou yo kouri pou reyalite y ap viv la menmsi yo pa aksepte tout sa k ap di yo nan mizik.
EA: Kisa chante sa yo di sou sosyete n ap viv la?
KP : Eslogan sa yo montre n ap viv nan yon sosyete kote tout moun pa gen menm valè. Gason yo anwo ap domine. Menmsi yo sot nan menm klas ak yon fi, se pawòl pa yo ki pase. Yo pale tou sou yon gwoup medam ki pa gen aksè ak lekòl. Ki pa gen aksè ak yon bon travay k ap peye yo byen. Pou yo ka okipe fanmi yo, yo oblije nan vann kò yo. Wi se yon reyalite men mizik rabòday la gen tandans fè reyalite sa pase tankou se yon bagay nòmal. Se yon vye imaj sou peyi a.
Jeff Mackenley GARCON
Commentaires
Abonnez-vous pour pouvoir commenter.
Si vous êtes déjà abonné, connectez-vous.