Repòtaj
‘‘Lopital la pa bon. Menm yon bistouri mezanmi pou yo banm, pou yo fè yon bagay pou mwen nan pye a, se deyò pou m achte l. Pa genyen l lopital la‘‘. Sa se kri yon malad ki nan Lopital Jistinye ki po t ko kite espas lan malgre sèvis yo kanpe. Li chita sou kabann lan ak yon wòb aflè wouj fonse sou li, pye l bande ak yon pansman. Li soufri dyabèt epi li gen anviwon 55 lane sout tèt li. Li pa t menm vle pale ak nou. Li gen nan do l, yon lòt madam ki malad ki gen plis laj ke li. Li sanble dekouraje, vizaj li fennen fennen. Nou nan yon gran sal rektangilè ki gen 4 moun sèlman ladann, gen 2 malad ak 2 pwòch yo. Pakèt yo mare deja pou yo ale.
Lopital inivèsitè jistinyen ki tabli kò l' anndan vil Okap, depi lendi 14 mas 2021 rive jouk jounen jodi a tonbe nan yon grèv ak mesye dam medsen rezidan yo kap mande mouche leta pou ba yo pi bon kondisyon travay nan lide pou founi bon jan sèvis ak popilasyon an.
‘'Genyen ansyèn enfimyè ki di nan sèvis la yo te konn preskri papye pou medsen yo pwan nòt‘‘
Li fè pase 10è 30 nan maten, nou andan lakou lopital la. Yon kòlonn vye matla eponj, kabann anfè, vye chèz pliye devan rantre baryè prensipal lan, kote ni machin ni moun pa ka pase. Se nan yon ti pòtay akote ou oblije tchoule kò w pou rantre. Andan, nou jwenn 10 medsen ak blouz blanch yo sou yo. Yo chita sou yon ban ki tou prè sou komisarya ki nan menm espas ak lopital la. Se la menm pou pase pou ale nan batiman matènite a. Nan tout miray lopital la, ou jwenn seri pankat ki afiche tout kalte revandikasyon. Batiman ki loje malad ki sot nan chiriji yo sal, penti dekale. Kòm si m ta di w se yon vye kay ki abandone. Lè w travèse nan sal kote malad yo benyen an se krèv kè. Yon vye twalèt sal tankou se peny tidan. Limon nan tout miray yo ap kale je gade w.
Lakou a sonb. Ou jwenn kèk anplwaye kap monte desann ak etidyan enfimyè yo. Men tout sal yo fèmen. Pa gen malad nan yo eksepte 2 sèl malad nou jwenn ki kouche nan sal moun ki soti nan chiriji yo. Men kap mare pakèt pou yo ale. Se pi gwo malè nan moman sa, pou yon moun ta tonbe malad. Si se pou Lopital Jistinyen ou gentan mouri deja, ou bwè pwa. Se zafè ki regade w, ou pa bezwen pwan chans parèt pwent tèt ou.
Doktè Louiméus Channel ki se yon rezidan nan Matènite an, ap esplike ki kalamite yap pase. Kòman se ak bout zong, limyè telefòn y'ap itilize nan sal operasyon matènite a pou yo bay popilasyon an sèvis. ‘‘Lè n konsidere sal operasyon kote n'ap opere. Lè w konsidere kantite ka konplike kap vini, ki asosye avèk kondisyon nou bay swen yo. Se bagay ki lamantab. Lè w gade kote w'ap bay nesans ak timoun. Kote n'ap akonpanye fanm ki an difikilte, fanm ki an travay, sa vle di fanm ki gen tranche. Kabann pou mete l kouche pou l repoze se bagay ki lamantab‘‘, li rakonte nou.
Doktè an rapousib pou l di ‘‘depi 4è nan aprè midi pa gen kouran jiska demen maten pafwa. Lè wikenn sistematikman ni Matènite ni Pedyatri pa gen kouran. Sa lakoz anpil timoun rive mouri paske pa gen elektrisite pou yo chofe yo. Anpil fwa nou konn gen yon akouchman nòmal pou nou fè, sa yo rele fizyolojik la pou n fè ki konplike. Konplikasyon sa yo, si n'ap rezoud yo se ak flach telefòn. Menm nan sal operasyon nou konn ap opere se ak flach telefòn. Sa rive souvan nou konn ap opere nou jwenn black-out. Se sa k fè nou konn akonpanye swa yon entèn oubyen yon rezidan pou kapab mete limyè pou nou avèk yon flach telefòn“.
Bò kote pal, Doktè Misly Seide, ki se rezidant nan Matènite a, founi bon jan detay sou kijan sitiyasyon an ye nan lopital la. ‘‘Nou pa dakò ak kondisyon nap travay anndan lopital la. Nou rekonèt kondisyon moun yo pwan swen, pa nòmal. Kesyon pwòprete a pa reponn avèk malad n'ap opere yo. Nou pa gen kote pou n resevwa paran malad yo. Tout bezwen fizyolojik yo ap fèt anba figi n la. Nou di ke nou pa ka travay nan yon kondisyon konsa. Nou deside fè yon ti kanpe jiskaske yo reponn ak revandikasyon sa yo‘‘.
Se ta pwal yon sezisman, kè kase pou Doktè Louiméus lè l fenk parèt nan lopital la. Li menm oblije souri paske gan rantre nan kad preskripsyon pou malad yo. ‘‘Sa te byen etone m, lè m fenk rive paske m gen anviwon 1 an edmi nan Jistinyen lè m di sa pa admisib pou nap preskri moun gan. Paske nou pa gen pou nou ka pwan yo an chaj. Genyen ansyèn enfimyè ki di nan sèvis la yo te konn preskri papye pou medsen yo pwan nòt‘‘.
Ebyen, nan kad sousi pou jwenn yon bout ak kriz la, grevis yo so te fè yon ti chita pale ak direktè egzekif lopital ki se Doktè Jean Jethro Dubé, pou yo ta wè si yo ta jwenn yon antant. Kote li gen 9 lanne depi se li menm kap dirije. Nou te deside al fè yon ti bat bouch ak Dr Dubé, aprè li fin fè nou tann plis pase yon dizèn minit. "Nou sot fè yon echanj ki trè konsistan. Kote youn gade lòt nan zye. Nou pa gen pwoblèm ak koze pi bon travay lan. Okontrè! Nou konnen pwoblèm ki gen yo se de pwoblèm ponktyèl. Efò n'ap kontinye fè ak lòt patnè ak ministè a ap rapousib“, li te di nou. Se rankont sou rankont pou rive jwenn bout ak kriz lan. "Nou fikse anmenm tan kondisyon minimal yo ke yo mande m pwal travay la pou yo ka rekòmanse travay".
Pou Doktè Misly li menm, li pa fin satisfè de rankont sa, kote Direktè lopital la vin raple pwoblèm yo ankò. ‘‘Pa vrèman gen gran choz ki soti. Sèl sa li fè se kèk pwomès, nan sans ke lap gade pou l wè nan sa ke l pwal fè kòman lap arive pase bò kote nou. Men nou klè sou sa pou n ka rekontinye travay fòk nòmalman nou jwenn repons ak revandikasyon nou yo. Sa li pwomèt li pwal wè kòman lap rezoud pwoblèm sal operasyon nou an ki koule, ki sal, ki pa nan eta pou l resevwa malad. Li pale de kesyon Matènite li pwal wè kesyon jeneratris la. Toutan pa gen yon aksyon ki fèt n'ap rete sou desizyon nou".
‘’Bagay sa yo pa fèt okenn kote’’
Pami revandikasyon ki nan pankat yo, gen anpil pawòl piman bouk ki ekri nan yo. Me kèk sa nou jwenn ki plakade. ‘‘Se moun kap vin lopital la li pa dwe sal konsa cher dirijan!; Èske klinik ou trete tankou pak jan w fè HUJ a tounen?; Ou menm dirijan kisa wap dirije la menm?; Ou menm dirijan sispann konpòte w tankou kolon nwa; Pedyatri pa ka kontinye ap konte kadav pou pwoblèm kouran; Sèvis chirijikal yo pa labatwa yo bezwen pwòpte‘‘.
Kriz sa, bay malad yo anpil pwoblèm. Yo kwè ke se yon bagay ki san sans. Kote medikaman, analiz pwèske se nan lot kote pou al fè yo oubyen achte. Yon pasyan ki gen yon pansman nan pye li, tap eseye esplike pou ki rezon li la malgre gen grèv. "Bon depi yè yo t ap voye m ale (madi). Se yon pansman yo te gen pou yo te fè pou mwen. Kounya yo fin fè pansman pou mwen. Men lopital la gen yon gwo pwoblèm, men nou kouche la. Se nou menm ki bale, ki achte bale. Lè lapli tonbe dlo a desann nan mi lopital la. Pa gen laboratwa lè w vini, se deyò pou al achte menm gan, menm medikaman."
Nou fè yon travèse nan lòt fasad lan ki loje yon batiman tou nèf, ki tou pre Mòg lopital la. Nou rann nou nan Matènite a. Nan rantre a nou jwenn 2 mesye kap jwe kat, tèt yo atè. Medsen yo rantre avèk nou nan sal Matènite a. Doktè Melys aprann nou gen 32 kabann nan Matènite a pami yo se 4 sèlman ki nèf, ak kèk ki pasab apre sa se pa menm kote pou moun ta va pran chans kouche.
Nan sal akouchman gen 4 bòks, ou jan yo rele l' la se tibourik, pa fonksyone. Yo defektye. Nan bòks yo konn jwenn grenn vè, pinèz ki konn ap taye banda. Gen yon sèl tab akouchman ki an eta pou resevwa malad pou sèvi tout popilsayon an, se sa zye nou te na nou.
Nou fè yon retounen douvan nan zòn rantre prensipal lopital la. Kote nal vizite blòk operasyon an. Anfen apre nou fè plis pase 15 minit ap tann paske kle pou ki louvri pòt la pa te la. Nou rive jwenn aksè pou nou penetre anndan, tèlman Doktè Misly gen volonte pou montre n'kijan anndan ye, li te menm vle kase kadna. Lè n rive rantre, se tankou nou ta di w se yon vye kay ki pa gen moun ladann depi dizan. Pousyè nan tout anndan sal esterilizasyon an. Yon ti chanm twalèt ki sanble ak yon ti chanm depo pou mete chabon an move eta, sal anpil anpil.
Anvan sa, ou jwenn yon sal asepsi, kote pou lave men avan w rantre. Li gen yon vye lavabo sal, li vin tou jòn, wouy manje tout tèt tiyo a. Se nan yon vye doum dlo koulè ble plen kalkè, kote sa ak yon bout galon yo koupe pou doktè yo jwenn chans pou lave men yo. Plafon sal operasyon nimewo 1 an, penti ap dekale tonbe, nou wè tach dlo ki sou tab operasyon an sou fè yo ki kaye. Doktè Misly ap ede n konpwann nan ki soufrans, sitiyasyon y ap travay pou yo rive fè yon akouchman. "Avan n rantre nan sal operasyon an, nou pase nan sal de revèy kote nou mete malad yo kouche apre yo fin opere. Lè l fin opere li oblije pase la avan li ale nan sèvis kote li soti a. Men sa ka rive nou konn pa kite malad la jan w wè l la, kondisyon yo pa bon", li fè konnen. Se nan yon dwoum ke nou pran dlo ak yon bout vèso pou lave men nou. Bagay sa yo pa fèt okenn kote, li te ajoute.
Doktè Louiméus rapòte yo oblije pandye tèt nan dwoum nan, pou yo pwan dlo pou lave men yo. Li kontinye pou l menm montre e afime kal penti pandan plè a louvri konn ap tonbe sou li. Malgre sal 2 a gen 2 bokit dlo, klimatizè a kap koule anndan l', dlo chita atè a. Pou rantre fòk ou fè atansyon pou pye w pa glise anba dlo a. Poutan se li menm ki pi bon. Pou 3è sal operasyon an, Doktè Louiméus raple kouman yon medsen ki nan matènite a, manke dezidrate ak yon chalè. Se sou yon kabann yo gen tan mete l, rapid li bwè 3 Gatorade. Se pi gwo souvni ke m gen de sal sal sa.
Akòz grèv sa kote medsen rezidan yo ap batay pou yo jwenn bon kondisyon travay paske kondisyon sèvis pi gwo sant ospitalye kap sèvi depatman nò a pa bon ditou, sa riske mete plis moun ki malad nan kouri. Jodi a se nan bondye bon anpil moun lage yo, sa kap limen balèn, rele ogou, jezikri kote yap mande sekou pou fè yo gras pou yo pa rive tonbe malad.
Ayiti vin tounen yon repiblik kote li gen yon endistri panik, pwoblèm kap fonksyone san kanpe lè se pa pwofesè, se lapolis, lè se pa lapolis se medsen kap revandike pou bon jan kondisyon travay.
Mackenz Dorvilus
Commentaires
Abonnez-vous pour pouvoir commenter.
Si vous êtes déjà abonné, connectez-vous.