Repòtaj


Nan kòmansman m te twouve yo bèl, paske yo pat anpil epi yo te gen bèl koulè. Se te tout yon plezi pou m admire yo nan glas. Men gen sou po kèk moun m pat janm konn renmen wè yo. Tankou moun ki gwo yo, epi moun ki kòmanse granmoun”, Allisah Jean Felix, yon etidyant dènye lane dwa, rakonte nou. “Avan m pa te santi m menase paske m te seksi, koz m te konn fè anpil espò. Men apre m fin kanpe fè espò, m te kòmanse gwo, e sa pa sispann pandan 3 dènye lane sa yo. Tank m ap pran pwa, tank yo ap miltipliye. Yo pa pouse, men mwen ap viv ak yon laperèz kounya. M pè pou yo pa pouse, pou yo pa fè kòm lèd”.

Nan peyi Dayiti, nou rele mak pitit, vèjeti ki parèt sou po yo. Dapre dèmatològ Miche Herly Tania Pierre, se yon enflamasyon ki lye ak yon fisi nan dezyèm kouch po a. “Se yon dechiri nan nivo dezyèm kouch po a. Ou vin genyen sou po w yon ekip liy, ki ka tou wouj, si yo pa parèt twò lontan. Oubyen yon ti kras blanch si li genyen anpil tan sou po w’’, li eksplike nou. Nan nivo dezyèm kouch po a, nou genyen yon seri fib elastik. Si nou eseye tire sou yo, y ap detire epi tounen nan plas yo. Lè fib elastik sa yo rive kase, po a chire epi mak sa yo vin parèt sou po a. Melissa Dioubbie ki se pwofesè nan nivo sekondè epi jiris esplike nou. “Mwen te kòmanse wè yo parèt sou po m sa gen 4 lane. Men mwen pa te konnen sa yo ye. Mwen vin fè rechèch sou li, men sa pat anpeche yo te fè m santi m pa alèz”, li ajoute pou li di. “Nan kòmansman, m te twouve yo vrèman lèd. Gen moun ki konn fè m remake m genyen yo lè m met bikini, e yo te konn ap ban mwen remèd natirèl pou m fè pou m ka retire yo. Yo te fè m santi m mal nan po m. Donk m t al eseye fè kèk nan remèd yo men sa pat mache”. 

Kò yon moun jwe gwo wol nan byennèt li

Auguste D’Meza, se pwofesè nan Inivèsite men tou ekspè espesyal/ atache ak Enquet’Action sou yon ansanm pwoblèm sosyal peyi an ap fè fas. Pou li menm, chak moun genyen yon fason yo konprann kò yo. “Li fondamantal sou plan moral ak sosyolojik pou moun nan santi li konfòtab nan kò l. Anpil fwa, moun yo pa santi yo byen nan kò yo. Swa yo jije yo twò gwo, swa yo jije yo twò piti. Medam yo konn twouve tete yo pa ase gwo oubyen dèyè yo pa ase rebondi. Sa yo se fwi milye sosyal ak familyal”. Pwofesè D’Meza estime li enpotan pou yon moun santi l byen nan kò l, sinon l ap devlope yon ansanm konplèks ak prejije. “Malerezman, nan yon sosyete ki matchis tankou Ayiti, prejije sa yo plis vize fanm yo”. Li fè konprann tou rega ki ap devlope sou fanm nwa a, soti nan yon vizyon oksidantal. Kliche ki genyen sou kò fanm nan zòn lavil ak andeyò pa menm. Pwofesè D’Meza fè wè kliche sou kò fanm ki ale nan tandans oksidantal la, plis tabli kò yo nan kapital la. Epi tou nan klas sosyal ki pi fèb yo.  

Pou Kerlange Fleurio ki ap fon Master 2 nan Droit international et politique internationale avec concentration en études féministes, sitirasyon sa kreye yon santiman ensekirite ak enkonfò lakay medam yo ki rann yo vilnerab e depandan de rega gason yo. Piske fi sa yo vle santi yo koresponn ak kritè yo. E piske yo vle sispann viv santiman rejè ak repwoch y ap sibi tout tan nan men pwòch ak zanmi yo- kidonk yo fè tout sa yo kapab pou jwenn validasyon yo. “Konpòtman ak pawòl dezoblijan sou kò yo, konn gen gwo enpak sou konfyans ak estim de swa medam yo e ki konn menm mennen nan tiye tèt’’, selon Kerlange Fleurio ki kwè se yon konplèks men tou, se yon santiman laperèz yo gen nan tèt yo paske yo pase ase bèl, men tou ase pafè pou sosyete an. “Sosyete patriyaka a twouve l pa fè sans ak estanda bèlte yo. Otomatikman fanm ak mak pitit sou yo twouve yo andeyò nòm ki valide fanm, kòman yon fanm dwe ye pou l bèl e bon nan je gason’’.

Mak pitit paka retire?

Melissa Dioubbie pa sèl moun ki te santi l mal nan po l akoz prezans vèjeti yo. Allisah Jan Felix li menm avwe “Grenn bagay ki dekouraje m, kifè m pa retire yo, se paske m pa renmen pase lwil, krèm sou po m, pou yo pa gen efè segondè. Mwen pa anvi gaspiye kòb mwen tou pou granmesi pou sa pa fonksyone”, li eksplike tou. Nan pati mak yo ye an, fòk yon moun pwòch li pou l ta admire yo, paske li pa renmen egzibe yo. “M poko janm gon patenè ki kritike yo, men m tèlman gen konpleksite sou kò m, mwen souvan kache yo pou moun pa fè komantè ki ka deranje m”. Endistri pwodwi bote yo vante tèt yo nan fè moun kwè yo rive pwodwi krèm ki pèmèt fanm retire mak pitit sou kò yo. Gen anpil pwodwi sou mache an. Genyen ki vann byen chè. S on gwo endistri ki pwofite de feblès moun pou yo grandi kòlèt yo pi plis. 

Anpil lòt fi tankou Melissa itillize pwodui pou po nan lespwa pou rive retire mak sa yo ki dapre yo rann yo enkonfòtab. Poutan, dèmatològ Miche Herly fè konnen pa gen okenn mwayen syantifik posib jiskaprezan pou rive retire vèjeti yo sou po w. “Nou paka deside retire yo avèk krèm. Dayè, jiskaprezan, pa genyen yon tretman ki san pou san fyab pou retire vèjeti yo. Genyen krèm ki disponib ki ka amelyore yo, fè yo parèt pi pal, san li pa retire yo nèt”. Ak 25 lane sou tèt li, Wislande, yon etidyant nan fakilte dwa fè konnen li te gen difikilte pou li mete bikini epi pran medikaman pou retire mak pitit sou po l.“Nan kòmansman, yo te vrèman deranje m. M te konn pase lalwa. Pafwa mwen konn itilize yon viks ki rele “vaporub” pou tante retire yo. Se apre mwen vin aksepte tèt mwen ak yo”.  Li eksplike tou kijan chans li te vin genyen pou pataje vi l ak yon moun ki renmen vèjeti yo, sa ki fè li kòmanse renmen yo, fè tèt li plis konfyans, epi kòmanse mwens konsidere sa moun ap panse.

Mak pitit pa gen laj pou l parèt

Dapre sa dèmatològ Miche Herly Tania Pierre fè konnen: “Depi ou twouve w nan yon sitiyasyon ki ka lakoz yon gwo presyon sou fib elastik yo, ki lakoz yo kase, ou kapab genyen vèjeti sou po w, tankou si ou obèz, si ou twò gwo epi sa lakoz po w sibi yon gwo presyon akoz kantite grès ou ki twòp, ap genyen yon kasaj nan fib elastik yo. Si ou gwosi twò vit, ou megri twò vit tou, si ou ansent epi vant ou kòmanse gwosi, wap genyen vèjeti sou po w.”  Rezon ki eksplike prezans vèjeti yo sou po yon moun anpil. Dèmatològ la ajoute: “ Si w ap itilize pwodui pou douko ki genyen kòtizòl, ki toksik pou po a, sa ap ogmante nivo kòtizòl ki nan kò w, sa ki ap aji sou fib elastik yo epi vin bay vèjeti”. Kidonk, pa gen laj pou yon moun genyen mak sa yo sou po l. Depi kondisyon yo reyini pou genyen yon gwo presyon sou fib elastik yo epi sa ta rive yo kase, dechiri sa ap bay prezans mak pitit yo sou po a. Men tou, anpil fi ki vin gen mak pitit sou kò yo se fanm k ap douko. Sa vle di k ap chanje koulè po yo nan itilize savon, krèm e menm klowòks. 

Se plis lakay fanm nou rive jwenn mak sa yo, men dèmatològ Miche Herly ajoute pou l di. “Mak sa yo ka toujou parèt kay gason, si kondisyon reyini pou genyen yon presyon sou fib elastik dezyèm kouch po a ki ka rive kase yo, tankou nan ka kote yon gason ta obèz”. Se sa ki lakoz nou konn remake mak pitit sou kò gason kap bat fè. Li difisil pou w tande yo rele sa k sou kò gason an mak pitit. Lòt bagay pou n soulinye, sosyete an pa wè mak pitit menm jan li wè l sou kò fanm. Se menm reyalite an pou 2 pèsepsyon diferan. 

Rapò mi wo mi ba, menm nan koze Mak pitit

Nou nan yon sosyete patriyakal ki konsidere kò fanm tankou yon objè (choz). Ki pran l pou twofe ak sen Graal gason. Pou patriyaka a, yon fanm redwi ak kò l sèlman. Kidonk, kò sa dwe ‘’pafè’’ pou l atire e fè gason plezi. Se pou sa yo defini yon kad pou deside kilè bote yon fanm ka jwenn benediskyon gason”, selon Kerlange Fleurio ki raple pèsepsyon sa marande ak sa yo rele reprezantasyon sosyal yo fè de fanm men tou sou kondisyonman sosyal yo. Men tou, li se yon konstriksyon sosyal sistèm patriyaka. ‘’Patriyaka tou defini wòl ak limit fanm nan sosyete a. E fè gason konprann fanm se yon kò ki kreye pou satisfaksyon yo’’.

Sosyete an pa wè mak pitit sou kò fi menm jan ak sou kò gason. Menm nan sa a tou, gon rapò mi wo mi ba ki marande ak fason nou wè fanm ak gason. Poun konprann plis, nou te al fon ti bat bouch ak Kerlange Fleurio ki ap fon Master 2 nan Droit international et politique internationale avec concentration en études féministes nan yon Inivèsite franse. Selon li menm, sosyete an pa aksepte tout sa ki fè diferans ant fanm ak gason. Sa ki parèt paradoksal piske se sou diferans 2 moun yo, yo chita pou tabli siperyorite youn sou lòt. “Se nan je gason (sosyete) a, bèlte, konpòtman ak atitid fanm valide, donk sa depann de fason sèks maskilen an wè fanm ak mak pitit. E nan ka pa nou an, yo wè mal nan nivo sa rive menm kreye lakay medam ki gen mak pitit yo yon santiman kote yo jennen epi mal alèz”, li te di nou.

Feminis lan te ale pi lwen poul fè konnen, sistèm patriyakal, kote se gason ki ap fè lalwa, sòti pou gen kontwòl tout konpatiman lavi fanm, nan avantaj yo. Li panse se yon dwa yon fanm genyen pou l chwazi chanje ou korije yon bagay nan kò l li pa renmen. “Sepandan, lè anvi an chita nan sousi pou fè moun plezi, nan sousi pou kòresponn ak yon estanda bèlte patriyaka a defini, li pa twò fè sans. Paske se kontinye defini e detèmine moun yo ye a, fanm ou ye an an fonksyon de moul patriyaka a drese pou fanm pou l detèmine pa ki jan e ki mwayen yon fanm bèl pou li, selon kritè bèlte li mete an plas yo”. Li raple, sa rantre tou nan lojik koube anba presyon sosyal patriyaka a ki chita sou konplekse fanm sou tout diferans ak enpèfeksyon li genyen nan kò l. Sa rele nan lang lòt bò dlo ‘’Body Shaming’’. Youn nan bagay tandans sa a fè, se tout tan, raple anpil fi, yo pa gen yon kò ki pafè. Kidonk, yo pa reponn a estanda bèlte yo. An rezime, yo pa nan plas yo nan sosyete an.


Phillerque Hyppolite