« Gason ki viktim vyòl la, li pral viktim [tou] yon fòm enkonpreyansyon. Sa vle di menm si l ta deside pale, se tankou l t ap avili tèt li. Se kòm kidire l ap re met idantite l kòm gason an kesyon. Sa fè gason an li menm vin nan yon sòt soufrans silansye. Sa k pi difisil la se paske menm li menm tou l ap kilpabilize tèt li », selon pwofesè an. Li ret kwè tou li konplètman entèdi pou gason ki viktim nan pale de sa nan yon peyi kote sosyalizasyon an fè moun yo kwè fi pa konn vyole gason.
Enquet’Action (EA) : Kisa ou panse de vyòl fanm fè osinon ka fè sou gason?
Raynold Billy (RB) : Kesyon vyòl gason yo viktim pa yon bagay ki medyatize. Kit se ta ti gason oubyen granmoun gason, yo pa souvan pale de sa. Menm si yo pote soufrans, pa vrèman gen yon bezwen pou al chache sipò bò kote gason yo. Oubyen petèt menm viv li kòm yon vyòl paske m panse sa se yon lòt aspè sikolojik nou ka wè ansanm selon kesyon ou yo.
Premye bagay m ka di w se yon pratik ki egziste. Kidonk ki la. Se kounya n ka di gen kèk efò k ap fèt sitou pandan y ap batay kont vyòl sou fanm. Mwen ta ka di an gwo se menm mouvman feminis yo ki pral ede nou nan yon fason pou n wè epi sansibilize nou sou lòt fòm vyòl ki te deja la. Men nou pa vrèman fè atansyon ak yo oubyen pale de yo paske tou senpleman nan premye moman lè ou wè vyòl, ou te sitou wè penetrasyon. Yo pa t anvizaje gason an [te ka] sibi [yon] fòm penetrasyon. Yo pa t vrèman wè lide gason an ka viktim de yon fòm vyòl konsa.
EA: Kisa ki ka pouse yon fi vyole yon gason?
RB: Eksplikasyon yo gen pou wè ak pilsyon. Lè nou di pilsyon, nou fè referans ak endividi a ki pa twò metrize tèt li. Li pa gen yon kontwòl total sou pwòp tèt li. Endividi a gen yon dimansyon konsyan ak yon dimansyon enkonsyan ki souvan detèminan nan konpòtman l. Ki fè moun nan konn etone pwòp tèt li nan konpòtman li konn genyen. Se jis pou m montre w nou pa gen yon kontwòl de pwòp tèt nou. Sa vle di ou konn nan sitiyasyon, kote w manifeste kèk emosyon menm ou menm ou sezi. Ou di kòman se sa w fè. M ta ka di seksyalite a lye ak pilsyon.
Yon fi kapab wè yon nèg li anvi l nan tout sans. Kòm nou nan yon sosyete kote fi a gen dwa renmen w men l pa ka di sa klè, sa ka rive fi a fè kèk jès pou montre sa. Gason an gen dwa swa pa wè, swa pa entèrese. Si l pa wè, fi a ka choke. Li ka wè sa kòm si gason an meprize l oubyen voye l jete. Nan lide pou fè moun nan peye sa, nan yon lide vanjans, li ka pouse fi a vyole gason an.
Nou ka konsidere sitiyasyon kote moun nan gen bezwen sa epi se gason an ki la. Si l nan yon espas, li wè l fè kèk jès, li voye kèk siy epi gason an pa reyaji, li gen dwa fè aksyon an dirèkteman. Men pi souvan, se vanjans paske tou senpleman fi a santi y ap rejte l alòske li vle gason an pandan li menm li pa vle, li pa bezwen l.
Nou ka konsidere tou sityasyon kote moun yo konn tèlman ap viv nan yon espas ki fèmen kote yo pa vrèman ka rankontre lòt moun. Moun yo gen sou je yo a, y ap fè tout sa k posib pou jwenn li. Se moun yo ye, y ap gen pilsyon seksyèl kanmèm.
EA : Ki konpòtman ou panse yon gason yon fi vyòle ka genyen apre sa?
RB : Mwen pa konnen si n ap pale an jeneral oubyen espesifikman pou Ayiti, [men] fòk mwen di an Ayiti se yon kesyon ki vrèman rete tabou. Sa vle di pa vrèman gen rechèch sistematik ki fèt sou kesyon an, ki t ap pèmèt nou gade konsekans vyòl la ka genyen.
Premye bagay la, vyòl la kite yon blese. Li kite sikatris paske youn nan eleman fondamental pou nou pale de vyòl se kesyon konsantman. Pou mwen menm, se eleman santral ki pral fè diferans ant èske se yon gason, èske se yon fi. Paske nou rete sou aspè penetrasyon an. Menm si jounen jodi a gason an kapab sibi penetrasyon. Men ann ta di konsantman an se li ki pi enpòtan.
Kounya an pou konsekans, mwen ka di yo anpil paske m panse gen sa [yo] rele memwa kòporel. Yon kò ki viv yon twomatis, li gade twomatis sa a, li kenbe l. Sa pral genyen konsekans sou lavi seksyèl moun sa pi devan menm si li gen dwa pa konsyan de kisa ki eksplike fòm konsekans sa a. Pa egzanp si fi a viktim vyòl, ou ka wè li gen difikilte pou li rive atenn nivo jwisans lan nan seksyalite l, nan libere de seksyalite l tou toutotan li pa vrèman elabore twomatis sa. Mwen panse se menm bagay la pou gason an tou.
Sa vle di yon moun pandan li timoun oubyen nan lavi granmoun li ki sibi yon vyòl, sa kapab vrèman antrave seksyalite li pi devan. Menm konstriksyon idantite l tou pou gason yo. Mwen panse sa ka gen pwoblèm si yon gason viv yon vyòl. Premye moun k ap kòmanse kilpabilize tèt li se gason an pou jan yo sosyalize l. Yo sosyalize l tankou yon kòk, li pa ka di non. Si l di non, l ap blese fi a. Nan menm tan an tou, li rantre nan yon fòm avilisman de li menm. Se kòmsi li pa yon gason nèt. Lè konsa, sa vrèman pral bay pwoblèm nan idantite ak nan jan moun nan ta dwe alèz nan sa ki gen pou wè ak fè bagay. M ap pale pou Ayiti.
EA : Gason sa a ki te sibi vyòl swa lè l te piti oubyen pandan l granmoun, ki konpòtman ou panse l ka vin genyen nan fwaye l si l ta vin marye ?
RB : Yon gason ki ta viktim vyòl pandan l te timoun, twomatis lan li la nan kò l janm te di a pou m retounen ak kesyon memwa kòporèl la. Men li gen dwa pa gen yon konsyans de evennman an. Nan moman l te rive l la, li pa t ka mete yon eksplikasyon pou li di se yon vyòl. Men sa pa anpeche kò a gade sikatris la. Se kòmsi yon moun pa ta di w si l blese. Menm si blese a ta ka geri, gen yon bann tras, gen yon bann sikatris ki pa vizib men ki rete nan kò a. Se yo ki pral detèmine pi devan konpòtman seksyèl moun sa. Si twomatis sa a pa elabore, li p ap pèmèt moun nan nan yon sans debarase l de twomatis sa a.
Donk, pou konpòtman seksyèl nan koup la, sa ka rive se pa yon moun ki renmen pran plezi nan ak seksyèl la. Oubyen tou sa ka vin devlope lakay li yon fòm agresivite ak madanm li paske pi souvan gen motif enkonsyan k ap mennen moun nan. Si twomatis la se bagay li te viv men l te refoule yo san l pa t konsyan de yo nan moman li te viv yo a, se yo k ap fè li gen konpòtman menm li menm li gen dwa pa ka eksplike. Moun sa kapab bezwen yon akonpayman sikolojik ki pou ede l gen yon vi koup ki epanwi.
EA: Nan rapò tifi ak ti gason yo, gen kèk pratik tankou tibèf, mastibasyon, ti karès ak lòt bagay. Kisa ou panse de sa? Epi daprè ou, poukisa paran yo menm si yo konn sa, yo pa janm konsidere sa tankou vyòl ?
RB: Mwen pa konn si yo banalize l, men fò m ta di istorikman gen antwopològ ki dekri de sosyete kote gen moman pou timoun yo al fè eksperyans, dekouvri tèt yo, dekouvri seksyalite yo. Sa vle di si se timoun ak timoun sa ka poze pwoblèm pou kèk paran, men yo pa pran l tankou se yon vyòl. Yo gen dwa kale timoun yo sa rete la oubyen paran yo ka menm pale. Sa depann de paran yo. Men se yon moman eksplorasyon timoun nan ap fè l pou kò l epi si li gen libète, li ka fè l ak lòt timoun pandan y ap jwe. Paran an p ap toujou ka gen kontwòl yo.
Gen anpil ka mwen rankontre nan eksperyans mwen kòm sikològ kote anpil fanm lè yo te piti viktim de fòm atouchman nan men fi parèy yo. Men kòm yo wè se tifi k ap jwe, yo pa vrèman prete yon atansyon ak sa. Yo konn menm panse gen yon moman endividi a bezwen pou li konn kò l, pou l konn seksyalite l. Sitou chache plezi nan ògàn ki ka ba l plezi yo.
Mwen panse se kòmsi nan yon fason sosyete a dakò se yon etap nan sosyalizasyon endividi a, nan konstriksyon idantite seksyèl li. Men kòm seskyalite a gen yon pakèt tabou ki gen pou wè ak li, moun nan gen dwa pa di aklè li dakò ak sa. Men li konnen petèt se yon moman li oblije konnen nan pakou ak evolisyon li.
EA : Poukisa an Ayiti, gason yo toujou bouwo nan tout domèn epi yo pa janm viktim ?
RB : Bon sa se yon kesyon, mwen ta ka di, ki plis istorik ak sosyolojik. Sosyete nou an se yon sosyete patriyakal kote se gason yo k ap domine. Donk yo wè gason kòm yon mal dominan. Se menm jan lè yo di se Leta ki gen monopòl vyolans lejitim nan, se kòmsi nan tip sosyete sa yo se gason an ki gen monopòl vyolans lan. Donk tout sa ki gen rapò ak vyolans, yo kwè se gason an ki ka fè l. Se menm bagay pou tout sa ki gen awè ak yon fòm kontrent paske se gason an ki senbolize yon fòm otorite. Donk mwen panse se pyèj sa yo gason yo viktim.
Ann di an jeneral se sa l ye. Se gason ki ka viktim moun, yo paka viktim li. Men m panse gen mekanis ak fòm kontrent nou pa souvan founi je gade plis. Nan vyòl fanm sou gason, mekanis lan pral diferan de vyòl gason sou fanm. Gason an kapab itilize vyolans fizik men fi a ka itilize menas. Ann ta di yon fi ki bezwen w kouche avè l epi li dekouvri w ap twonpe madanm ou. Li ka di w si ou pa kouche avè l li menm, l ap di madam ou sa. Fi a ka tann yon pyèj pou gason an kote li ka mete l nan yon sitiyason kote l pa ka di non. Li ka nan yon espas ak nèg la epi l di l si l pa fè sa avè l, l ap di l te tante vyole l.
Donk fi a vrèman itilize swa menas, swa chantaj pou l jwenn obeyisans gason an paske tout fason fòs fizik p ap nesesèman nan avantaj li. Li itilize lòt estrateji. Pou mwen se pi gwo diferans ki genyen nan lè w ap gade kalite vyòl sa yo.
Se sa ki pral rann vyòl gason an difisilman akseptab menm sou plan jiridik paske kòm yo di dwa ayisyen an se yon dwa pozitif ki konsène sa w ka obsève, mezire ak konte. Lè fanm yo itilize chantaj ak lòt estrateji konsa, sa pa vle di pa gen lwa ki kapab sènnen l non, men l pi difisil. Anplis sosyete a poko prè pou l kwè yon fi ka vyole yon gason. Donk bagay la pa senp.
EA : Ki pwa ou panse vyòl sou gason an ka genyen sou sosyete a ak sou gason an sikolojikman?
RB : W ap wè sa nan nivo endividyèl epi petèt menm kolektif. Endividyèlman, se prèske tout konsekans nou t ap gade yo. Premye bagay la, gason ki viktim vyòl la pral viktim yon fòm enkonpreyansyon. Sa vle di menm si l ta oze pale, se kòmsi l ap avili tèt li.
Nan sikoloji lè w ap pale sou endividi a, gen sa yo rele « Surmoi ». Nan yon langaj ki pi aksesib, se komsi m ta di w se sa ou ta ka rele « le juge interieur (yon jij ki andanw)». Donk « surmoi » yon gason, menm si yon fi ta fè yon bagay sou li, selon jan li viv li, li gen dwa di se yon vyòl si l pa t dakò. Men an menm tan yon lòt pati nan li menm kreye yon sòt anbivalans lakay li kote l ap mande èske se yon vyòl, èske se pa yon vyòl. De tout fason, fi pa konn vyole gason piske sosyalizasyon an se sa li enteryorize. Sa vrèman vin kreye yon fwontyè lakay li kòm moun. Men pou lòt moun konprann li, fòk li menm li ta aksepte sa. Sa vle di li vle viv sa tankou yon vyòl. Se vrèman anpil difikilte pou endividi a.
Yon viktim ki deja gen fwaye, sa pral bay wòl papa l dwe jwe a pwoblèm pi devan. Nan tip relasyon li pral genyen ak pitit gason l. Sa vle di kòman l pral konstwi, patisipe nan lavi timoun nan lè nou konsidere paran an se premye modèl pou timoun nan nan konstriksyon idantite l. Lè w gen yon papa ki nan soufrans, ki ap chèche tèt li san l poko ka jwenn li, ki ap kesyone pwòp idantite l kòm gason, sa ka gen konsekans ni sou pitit fi l ni sou pitit gason l.
Kolektivman, lè w gen yon sosyete k ap viv sa, jeneralman sa konn koz kèk fòm vyolans. Ou gen dwa fè viktim nan yon bagay byen senp epi w wè li prè pou l touye w. Se paske gen yon soufrans ki la ki ap tann nenpòt sityasyon pou l eklate. Lè w gen yon endividi k ap ranmase yon soufrans li pa ka pale, li pa ka al chache yon sipò pou li epi ki oblije ap viv avèk soufrans sa a, ou ka wè moun sa vin trè vyolan. Se yon vaz ki prèske plen nenpòt gout dlo ka fè l vide. Ou ka toujou wè se moun ki fè kòlè pou bagay ki pa menm merite sa. Se yon kòlè ki ale pi lwen pase sityasyon ki deklannche l la.
EA : Nan sityasyon sa, kisa sosyete a ta sipoze fè ?
RB : Premye bagay la se sa w ap fè la. Sa vle di bagay sa moun yo pa vle pale de li a, [fòk] gen kote moun kòmanse pale de li nan sosyete a. Lè n di sosyete a nou wè egzistans li nan enstitisyon yo, nan endividi yo. Chak aksyon yon endividi fè, chak aksyon enstitisyonèl se deja yon fason n ap fè pou n sòti nan silans ki antoure kesyon sa. Lè nou ekri yon atik, gen gason ki kòmanse pale, se konsa lapawòl ap libere. Kidonk, soufrans la ap kòmanse vèbalize.
Nou pa pral bay tèt nou yon rezon pou n di fòk sosyete a globalman dakò sa paske toutotan sosyete a rete yon sosyete macthis, patriyakal, l ap toujou pi difisil pou aksepte l. Premye moun ki p ap vle aksepte sa se gason yo. Yo fòme yo pou idantite yo depann de virilite yo, de andirans ak kapasite yo genyen pou yo fè sèks ak plizyè moun. Donk pi gwo obstak nan batay la se pral gason yo. Men mwen kwè tankou nou menm ki se pwofesyonèl, tankou lòt moun nou rankontre ki viv sa, nou ka konseye l epi chache sipò pou li. Pale sa paske travay vèbalizasyon sou soufrans lan gen konsekans positif. Li kreye yon detachman ant konesans evènnman an ak emosyon ki makonnen ak evènnman an. Nan kèk moman l ap toujou gen souvni evènman an, men aprè, sa ki te afekte l yo ap kòmanse disparèt. Nan yon premye tan, ou ka wè l lè l te konn ap pale de evènman an l ap kriye epi nan yon lòt yon moman ou wè li tèt frèt lè l ap pale de li.
Mwen panse lide a se kontinye fè travay sa epi di lòt moun tou nan nivo pa yo [fèl tou]. Gen kèk òganizasyon yo ka mete sou pye sou kesyon sa a menm jan genyen k ap batay kont vyòl sou fanm. Konsa tou ou ka wè vin gen kèk oganizasyon k ap batay kont vyòl sou gason. Ti pa ti pa ap gen yon konsyans sou sa pou ede moun yo viv li tankou yon vyòl si sa pa gen konsantman, si se chantaj, si se sou fòm menas. Men sa se yon travay k ap pran tan.
EA : Si w ta vle di yon bagay an plis, kisa l t ap ye ?
RB : Menm jan yon fi ka di non, yon gason ka di non tou. Si w di non, sa pa fè w pa gason pou sa. Se yon moun gason an ye. Seksyalite a pa sèlman yon aksyon fizik. Li sitou sikolojik paske plezi ou ka pran ladan l lan se paske gen yon dispozisyon sikolojik ki la. Se yon fason pou m di gason yo si yo te viv yon bagay fizik ak kontrent, ak chantaj, se yon vyòl li ye. Sa vle di menm si yo pa wè yo kouche, yo pa gen lafyèv sa pa vle di yo p ap soufri nan kò yo.
Mwen panse tou fòk paran yo rete atantif paske gen anpil ti gason ki sibi vyòl nan men granmoun gason. Menm jan yo te konn abitye veye sou tifi yo, menm si l pa t toujou pote fwi, yo dwe veye sou ti gason yo tou. Se pa di se ti gason ou ka lage l nan savann nan al nenpòt kote. Mwen pa di pou yo fèmen ni tifi ni tigason, men se ede yo konprann kò yo byen bonè. Ede l konprann sa ki rele seksyalite paske yon moun gen dwa ap manyen yon timoun, kòm yo pa janm pale l de sa, li p ap konn si se atouchman. Se aprann ni tifi ni tigason konnen gen pati nan kò li ki entim. Sa vle di gen pati nan kò li, li pa dwe kite moun ap touche yo. Se byen bonè ou aprann timoun nan sa. Mwen panse se kèk fason ou kapab fè prevansyon kont vyòl.
Dougenie Michelle Archille
Commentaires
Abonnez-vous pour pouvoir commenter.
Si vous êtes déjà abonné, connectez-vous.