EA: Vyòl sou gason se yon sijè ki pa twò pale nan sosyete a oubyen yo pa abòde l ditou. Kit se yon fi ki fè l sou ti gason, kit se granmoun fi ki fè l sou granmoun gason. Ou menm antanke sosyològ kisa ou panse de sa ?
Sosyològ anonim:Kesyon vyòl ki gen rapò avèk sèks yo se yon kesyon ki sansib. Li sansib kit li ta vyòl sou fi, kit li ta vyòl sou gason oubyen mesye yo an jeneral. Men kesyon ki gen rapò avèk kesyon sèks yo, li enskri nan yon kad espesifik ki se kad rapò fi avèk gason. Souvan yo dekri tankou rapò ki chita non sèlman sou konstriksyon de gwoup moun : fi ak gason. Men konstwi tou, sou baz yon yerachizasyon ki fè gason an yo pral reprezante l kòm sa k pi fò a epi fi a kòm sa ki pi fèb la. Etandone nan tout rapò kote gen yon fò, gen yon fèb, se fò a ki la pou egzèse vyolans, fèb la li menm pou li sibi vyolans.
Donk nan imajinè nou, nan reprezantasyon nou, nou plis atann nou ak vyolans gason sou fi ke fi sou gason. Paske sa pase nan sosyalizasyon nou, nan jan yo edike nou, valè yo ba nou. Nou pa atann nou ti gason sibi vyolans bò kote yon fi. E si ti gason an sibi vyolans bò kot yon fi, li gen tandans kache l paske sa demaskilinize l, sa devirilize l. Paske nou atann nou ti gason an se yon kò ki fò, se yon kò ki toujou pi prè pou li fè vyolans ke l sibi vyolans.
Sa ka fè ti gason an ka santi l wont oubyen gason an tou ka santi l wont pou l di li sibi vyòl oubyen vyolans ki soti nan kan yon lòt kò oubyen yon lòt sèks yo konsidere kòm yon kò ki fèb, yon sèks fèb. Epi estatistikman preske, mwen pa gen chif yo. Se plis gason ki fè l sou fi. Sa pa vle di li pa egziste, men nan trètman vyolans lan nou paka trete l san n pa gade jan sosyete a trete l. Se sa k fè l difisil pou n reprezante vyolans fi fè sou gason.
EA : Daprè ou kisa ki pouse yon fi vyole yon gason ?
Sosyològ anonim :An jeneral tout moun ka fè vyolans. Vyolans se yon zouti nenpòt moun, kelkeswa sitiyasyon sosyal li, pozisyon sosyal li, li kapab fè vyolans. Si n ta pran vyolans la kòm echèk nan yon relasyon.
Menm jan nan yon relasyon odinè ki baze sou dyalòg, ki baze sou konpreyansyon, gen kèk atant youn ap tann de lòt. Depi pwosesis dyalòg la kase. Depi sa w t ap atann de lòt la ou pa jwenn li. E si w enkapab pou w konvenk lòt la pou l ranpli fonksyon li, souvan yo itilize vyolans kòm mwayen pou rezoud sa a. Donk, vyolans lan se yon mwayen yo itilize lè pwosesis dyalojik la kase.
Epi dezyèm eleman, yo toujou pran vyolans lan se moun ki fò a ki egzèse l. Men se moun ki nan pwosesis dyalòg la ki santi l fèb e ki pase nan vyolans. Si l te alèz nan pale youn ak lòt, li pa t ap pase nan vyolans lan. Men nenpòt moun ka twouve l nan yon sitiyasyon konsa, kote ou nan yon relasyon ak yon moun epi ou konble atant ou yo epi w santi w fistre pou yon rezon oubyen yon lòt. Sitou nan yon sosyete kote nou panse gen youn ki gen plis pouvwa, gen youn ki gen mwens pouvwa. Donk lè w gen yon seri atant de lòt la li pa reyalize, souvan ou ka pran vyolans kòm enstriman pou w ramne lòt la nan lòd oubyen pou w jere sa w bezwen an.E souvan se yon bagay w ap chèche ou pa jwenn li nan relasyon nòmal, odinè, egal ak egal ou pase nan vyolans lan. Epi nenpòt moun ka fè l. Kit li nwa, si nou pran vyolans ki gen pou wè ak ras, kit nou ta pran vyolans ki gen rapò ak jenerasyon timoun ak granmoun. Yon timoun ka fè vyolans tou, yon fanm tou kapab fè l. Sa vle di kelkeswa moun nan ka twouve l nan yon sitiyasyon konsa epi l ka pase nan vyolans.
Piske vyolans lan se yon relasyon sosyal. Antanke relasyon sosyal, tout moun ki nan sosyete a kapab egzèse l. Ni fi ni gason, men janm te di talè a, gen yon jan yo konstwi sosyete a, gen yon jan yo prepare yon moun pou l egzèse vyolans lan sou yon lòt. E si w pran nan kesyon mwayen pou fè vyolans yo, w ap wè se gason an ki souvan gen gwo zam yo, mitrayèt yo, bonm. Sa vle di tout mwayen pou egzèse gwo vyolans yo, n ap wè se gason ki avèk yo, yo pa bay fi yo. Nan tèt yo fi an se yon èt natirèlman ki domine, ki dosil, ki pa la pou fè vyolans.E sak fè chak fwa yon fi fè vyolans yo twouve sa ekstrawòdinè. E lè se yon fi se ekstrawòdinè. Gen yon tretman pou sa, fò ta di li se yon moun ki gen yon pwoblèm. Gen yon lòt trètman yo ba li. Yo pa trete l nòmalman tankou yon moun ki kapab fè vyolans tou pa rapò ak sityasyon l.
EA: Nan rapò tifi ak ti gason, yo gen kèk pratik yo itilize pou yo pran plezi tankou: karès, ti bèf, mastibasyon. Kisa ou panse de pratik sa yo antanke sosyològ, ki mennen fi k ap vyole gason?
Sosyològ anonym:La, nou nan vyòl ki gen karaktè seksyèl. Seksyalite se tout rapò yon moun ak yon lòt. Sa depann kòman yo konsevwa seksyalite a, kote moun nan chache satisfè kèk dezi sesyèl. Gen yon kote ewotik ladann l. Donk depi nan sosyete a, chak kò atire yon lòt, men atirans lan pa oblije resipwòk, ni dezi a tou li pa oblije resipwòk. Se pou tèt sa gen anpil dinamik drag pou konvenk lòt la epi pou w asire w atirans yo resipwòk.
Dezyèm eleman pou nou konsidere tou sèke nou fèt nan sosyete, tankou sosyete nou ye yo, seksyalite se sitou yon tranzaksyon. Souvan nan reprezantasyon yo, nou wè se fi a ki gen sèks / seksyalite a epi gason an vin pran. Donk se sak fè yo gen tandans vyòl yo se gason yo ki fè yo. Men sa pa anpeche fi a kapab dezire yon lòt kò, yon kò gason oubyen kò yon fi. Men kò li dezire a, li pa atire pa li menm tou. Nan ka sa a depi gen dinamik sa se swa gen antant oubyen yo pase nan fòs. E depi gen pase nan fòs, moun nan gen aksè ak kò lòt moun nan, entimite li, seksyalite li. Donk se vyòl, se vyolans seksyèl. Men yon tifi kapab dezire yon ti gason tou, yon tifi ka gen atirans pou yon ti gason. Ti gason an gen dwa pa gen atirans pou tifi a. E tifi a tou nan stad yon sosyete, se pa anòmal non, men antanke yon kò ki nan sosyete, li ka tou al chèche satisfè dezi l san adezyon, san konsantman gason an. Ki fè, li posib tou pou yon tifi vyole yon ti gason, menm ke se pa ka ki plis jeneral yo.
Epi gen yon reprezantasyon tou. Paske tout sa n ap di yo ou ka wè se vyòl, men fòk moun ki nan relasyon an konsidere l konsa. Si se timoun yo ye, se yon lòt enstans ki dezinye l tankou vyòl, men si se majè, se yo ki pou dezinye l tankou vyòl ou pa. Kounya nan ka granmoun gason ak fi, si w tande se yon gason, fò w ta tande l pou konnen si ka sa li reprezante l tankou vyòl. Oubyen si li reprezante l tankou yon vyòl wap wè se nan aspè lidik, se yon blag l ap bay. Ah fi a sot fè m tèl bagay, tèl bagay. Okontrè li santi l alèz pou l di fi a sot fè l tèl bagay. Donk gen tout reprezantasyon n sou kesyon vyolans lan. Nou paka trete l san reprezantasyon, san valè ki pase nan kad rapò tifi ak ti gason\ fanm ak gason ye nan sosyete a.
Se moun nan ki ka reprezante l tankou yon vyòl. Si moun nan pa egzanp di se kapris, fòk nou di kapris lan se yon lòt bagay, kapris lan pa vle di antant, men de tout fason fòk se moun nan ki pou reprezante l, fòk li santi yo atenn ak diyite l ak kò l, avèk sèks li san konsantman l, se lè sa li vyòl. Kounya la, gen mezi konsantman, kòman yo objektive konsantman an, kilè konsantman an fèt, kilè l ap fèt. Sa se pwoblèm ki poko janm rezoud. Oubyen kilè n ap retire konsantman an, kilè n ap mete l. Sa yo jouskaprezan refleksyon k ap fèt yo di yo paka konn kilè gen konsantman. E lè genyen l ou pa konn dire li. Ou pa konn kilè yo retire l. Si aktè yo ki nan relasyon an pa eksprime l nan yon fason tout moun ka wè l. Kidonk ki fè gen reprezantasyon ki ka fèt sou ti gason an, li rete enpanse paske fok sosyete a, fòk aktè yo konsidere l konsa. Li kapab si se vyòl, fòk li gen yon tretman jiridik. Donk si moun nan pa reprezante l tankou viktim epi lòt la tankou yon bouwo, donk tretman sitiyasyon an pa fasil. Lè sa m panse gen lòt konsiderasyon pou n fè avèk yo, menm jan ak tout konsiderasyon rapò yerachik ki genyen ant gason ak fi. Gason ki toujou vle rete gason, pou l montre l gason fòk li fè yon demonstrasyon chak tan de virilite li. E nan demonstrasyon virilite sa li paka di yo vyole l. Paske vyòl la se yon sòt de devirilazyon gason an li ye. Donk si gason an dakò li vyole, li devirilize. Li vin mwens gason posib, li se yon gason diminye. Donk li pa kapab, nan reprezantasyon imajinè li, nan jan sosyete a wè gason, li paka di yo te vyole l.
Alò gen moun ki rive di l pou yon rezon oubyen yon lòt, men l ap difisil pou ou jwenn yon tandans kote ti gason oubyen yon gason di yo te vyole l paske depi w di sa se ou ki pral pran sanksyon sosyal la. Ou wè se envès, lè se fi a, se gason an ki gen sanksyon an. Men pou gason an papa l p ap dakò pou l di yon tifi fè bagay ak pitit li epi pou pitit la konsidere l tankou vyòl. Oubyen moun ki pran l oserye ap montre w kòmsi l se yon fòm feminizasyon, se yon kò gason k ap enkane nòm feminite yo. Donk li vin dosil.
Paske kò gason an se yon kò k ap egzèse vyolans, li pa la pou l sibi vyolans. Depi kò gason an sibi vyolans nan men kò yon fi, li se yon kò ki gen mwens valè posib. Donk se tout reprezantasyon sa yo ki fè li difisil pou w trete kesyon sa yo sosyalman, pou w jwenn ka konkrè. Se bagay ki egziste, men eske yo konsidere l kòm vyòl, eske n ka trete l jan yo trete lòt ka a ? La, l ap yon ti jan konplike san n pa dekonstwi nòm ak valè sa yo ki fè gason an panse l siperyè, se yon kò ki dwe egzèse vyolans, ki pa dwe sibi vyolans. Donk se tout konplikasyon sa yo ki fè se yon kesyon ki difisil pou yon moun trete.
EA : Poukisa lè sa rive ant de timoun paran yo konsidere l tankou yon bagay ki nòmal olye se yon vyòl ?
Sosyològ anonim :Okontrè se inisyasyon ti gason an nan seksyalite pi bonè posib. Paske souvan nan imajinè paran yo, ti gason yo gen aksè ak seksyalite byen bonè. Alòske tifi a gen yon atant. Se pa gen li p ap gen aksè ak seksyalite non, men fòk li genyen l nan kad kote pou l gen yon moun ki vin pran l marye avè l pou lavi. Men ti gason an gen aksè ak seksyalite ak plezi lib byen bonè. Okontrè paran yo pa gen okenn pwoblèm pou ti gason an fè l ak yon sèvant nan kay la. Dayè w ap wè ti gason an ap gen rapò byen bonè avèk sèvant lan. Nan literati oral Ayisyèn nan w ap jwenn kèk ka se sèvant yo ki pral kòmanse. Menm jan tou w ap wè anpil gason se nan pwostitisyon byen bonè yo pral gen aksè ak seksyalite. Donk li pa yon pwoblèm paske se inisyasyon nòmal byen bonè ti jèn gason an nan seksyalite. E yo konsidere sa tankou yon bagay ki nòmal.
EA: Poukisa tou an Ayiti gason yo pa janm viktim, se yo menm ki toujou koupab?
Sosyològ anonim:Men gason an paka viktim. Si l viktim l ap sispann gason. Paske sa k fè l gason an se paske l fò. Se paske l ka egzèse vyolans. Sinon se sa ki fè yo gason. Men si se yo k ap sibi vyolans lan y ap sispann gason paske se sa gason ye. Gason tankou reprezantasyon [yo fèl kwèl], gason an se virilite, se kapasite l pou l fò, pou l fè vyolans. E menm lè l sibi vyolans lan fò l di se kapasite l genyen pou l tanpere l, pou l kalme l paske l p ap frape fi a paske l santi l fèb. W ap wè yo fè tout yon diskou ki konstwi pou montre menm kan se fi a ki frape, se li ki fèb paske gason an gen kapasite pou li tanpere. Donk se tout sa pou n chèche konprann pou n ka rive konprann tout kesyon an. W ap wè tou pa egzanp fi a prè pou l di gen vyòl menm nan ka ki pa genyen l. Alòske ti gason an menm nan ka genyen l li pa prè pou l di l. Donk se de dinamik diferan.
EA : Kisa w konprann sou atitid paran yo ki toujou ap di ti gason se ti kòk ?
Sosyolog anonim : Li se yon ti kòk se yon imaj, se yon reprezantasyon virilite. Ti kòk la se li k al dèyè ti pou l. Se tout senbòl virilite a de jan yo konstwi ti gason an pou l al chèche tifi a. M panse se sa sa vle di lè yo di ti gason an se yon ti kòk. Li jis yon ti kòk lè se li ki genyen ti poulèt la.
EA : Kisa ki fè gason yo pa janm pote plent ?
Sosyològ anonim : Pou te monte plent fòk yo konsidere yo kòm viktim. Menm si w al lapolis, w al lajistis menm jij la ap ri w wi. L ap twouve se gason an ki gen yon pwoblèm paske moun nan paka gason pou l kite se fi a ki swa bat li, oubyen ki fè agresyon seksyèl sou li. Dayè m sot di sa a, yo ka menm konsidere l tankou yon moun ki gen tandans vè omoseksyalite. Paske se pa yon aksepsyon de etewoseksyalite a. Se sa k fè yo paka reprezante zak sa tankou yon vyòl.Le sa gen yon ansanm estigmat ki pral lye avè l, gen yon ansanm kontwòl. Donk al devan yon jij l ap difisilman pou trete. M panse gen ka ki ka trete, men difisilman pou swiv kou nòmal li, menm jan li ka fèt pou yon tifi avèk tout reprezantasyon fi a genyen sou rapò fi ak gason.
EA : Donk nan sitiyasyon sa a ki konsekans sosyolojik ou panse sa ka genyen ?
Sosyològ anonim : Mwen di pou gason an sibi vyòl la fòk yo di yo sibi l. Mwen paka di yo sibi l, sa se youn; sòf sa ka entèpele atansyon m poukisa se fi ki toujou sibi vyòl gason pa janm sibi. Mwen kapab chèche konprann li paske si n ap fè sosyoloji, si n ap fè syanzimèn ak sosyal, bagay yo paka nwa oubyen blan. Si nou pran vyolans lan tankou yon relasyon sosyal, se yon relasyon nenpòt moun kapab gen pouvwa pandan yon moman pou egzèse l. Sa ka fè nou al dèyè kèk ka kote se fi al chèche gen aksè ak seksyalite oubyen kò yon gason san konsantman. Epi lòt bagay ki fè l konplike ankò sèke nou atann gason an gen pwisans pou l refize sa si l pa vle. Pou nou, gason an gen ase mwayen ak fòs fizik kontrèman ak fi a ki gen yon feblès fizik depi gason an mete men sou li, li oblije obeyi.Moun yo pa atann gason an ka obeyi tou. Fò n ta di depi sa fèt gen yon soubasman, gen yon akseptasyon, gen yon akò. Paske menm lè se fi a ki pral kòmanse pran inisyativ lan, yo atann gason an gen kapasite pou l fè echèk ak sa, e si l pa fè echèk ak sa se kòmsi l te aksepte.
EA : A plizyè repriz ou di nou pa ka di gen vyòl si gason an pa aksepte tèt li tankou yon viktim. Pa gen vrèman mezi ki pran pou sa tou. Men ou menm antanke sosyològ kisa w panse ki ta sipoze fèt pou moun sa yo ki se viktim men ki pa vle pale. Epi pou responsab yo ki ta dwe pran mezi kont vyòl sou ti gason ak gason nan sosyete a ?
Sosyològ anonim : Mwen pa gen pou m di yo viktim. Se moun yo ki pou konsidere tèt yo kòm viktim. Epi nou eksplike trè byen poukisa gason paka konsidere tèt li kòm viktim. Donk si nou ta vle gen yon moun : gason oubyen ti gason ki pou konsidere tèt li kòm viktim, n ap resosyalize moun yo.
Li dwe yon sosyalizasyon egalitè ki ta ka fè mwayen vyolans yo se tout moun nan sosyete a ki gen aksè ak yo epi ki kapab itilize yo. Lè sa nou pa t ap reprezante yon moun swa kòm fò, swa kòm fèb paske nenpòt moun ka sibi vyolans epi nenpòt moun ka fò, nenpòt moun ka fèb sa depann de sitiyasyon an. Donk se t ap revize ansanm nòm ak valè kèk enstitisyon tankou : legliz, fanmi, elt. Se sa, chanje tout sosyete a. Mwen kwè sa t ap an favè medam yo. Chanjman : se sa fi yo revandike. Dayè medam feminis yo, yo revandike pou tout moun gen aksè ak tout resous, ni vyolans tou.
Se pou sa tou, mesye yo pa dakò pou yo vyole yo paske mwayen vyolans yo se yo ki genyen l kòm privilèj swa nan lame, lapolis, lajistis; ak 95% se yon gason ki pral jije yo. Tout sistèm nan konstwi nan privilèj gason an. Donk gason yo paka dakò nan sistèm yo konstwi pou yo a, pou yap viktim ladan l. Epi si yo dakò viktim ladan l, se t ap yon mizankesyon sistèm sa. E sa t ap ouvri pòt pou aksepte revandikasyon medam yo paske se sa yo mande. Lè sa a, nenpòt moun ka vyole yon moun. Li t ap nòmal epi lè sa lajistis t ap trete l konsa.
Men si yo vle kenbe privilèj yo, yo pa di yo vyole yo paske se konsekans privilèj yo ki fè yo paka di sa. Paske se yo ki gen tout privilèj yo depi yo tou piti, lè ti gason an fèt yo kòmanse mare l pi di paske yo di se fòs. Li pral kòmanse gen manchèt la lakay la, tifi a p ap gen aksè ak manchèt la. Si gen yon revolvè lakay la se ti gason an yo pral montre tire. Ti gason an toujou devan paske w ap wè si gen yon bagay ki rive, se li ki pran zam pou li soti devan. Donk se yo ki gen kontwòl apareyaj vyolans lan.
Donk yo paka di ankò yo sibi l. Si sa ta fèt, nou t ap rantre nan yon kad egalite veritab ant tout moun nan sosyete a, ant gason ak fi. Donk sa te ka fèt nan tout domèn yo. Donc c’est un jeu de pouvoir. Mais un jeu en termes de conception d’exercice de pouvoir. Paske mesye yo pral konsidere vyolans lan tankou yon objè yo genyen yo ka egzèse l. Yo panse fi a pa genyen l ditou, sa se konsepsyon pouvwa a. Alòske gen yon konsepsyon ki di pouvwa se yon relasyon sosyal, se yon relasyon enfliyans. Nan nenpòt sikonstans, nan nenpòt kontèks yon moun ka twouve l fò, yon moun ka twouve l fèb. Nan moman sa k fò a ap egzèse vyolans sou fèb la. Premye reprezantasyon pouvwa a jwe an favè gason yo, dezyèm nan l ap mete egalite kote tout moun ka egzèse vyolans lan. Etandone privilèj yo atache ak sa, mesye yo pa dakò. Men se yon ilizyon: fòk yo soti ladan l, men li pwofitab pou yo tou, kòmsi yo alyene, li pwofitab pou mesye yo. Sa ka rive gen youn ki pi fò pase yon lòt. Gen moun ki prepare tou, men sa pa gen anyen pou l wè ak sèks. Sa depan de edikasyon, de pakou, de pèsonalite. Donk yon tifi ka fè l, menm si n pa dakò sosyete a se sou sa l bati. Nou gen ilizyon gen yon gwoup moun ki gen tout fòs yo, tout privilèj yo nan men yo, lè sa chak yo vyole yon ti gason, paran l ap kache l paske nan tèt nou ki di fòs, di gason.
EA : Si w t ap gen yon dènye mo, kisa l t ap ye ?
Sosyològ anonim : Bon dènye mo a se sòti nan ilizyon ki fè konprann gen kò ki natirèlman fò, gen kò ki natirèlman fèb. Epi pou n pran endividi yo tankou konstwi sosyal, ki konstwi nan kad kèk rapò sosyal tankou : sèks, klas, elt. E nan kad rapò sosyal yo nenpòt kò, nenpòt sèks kapab egzèse vyolans. Epi nenpòt moun ka viktim. Nenpòt moun ka bouwo an fonksyon konsepsyon moun nan paske gen moun ki mwens toleran pase yon lòt. Men konpòtman sa yo pa gen anyen ak wè eske se fi, eske se gason, menm si yo sosyalize tifi a pou l dosil, pou l soumèt epi ti gason an pou l fò. Mwen panse se sòti nan dinamik sa. Sòti nan kad yon sosyete ki baze sou inegalite, sou virilite, sou eksplwatasyon. Epi se sa, mwen panse se ta repanse bagay sa yo menm si li p ap fasil paske se bagay ki etabli depi kèk milenè.
Sòti nan yo se pa konsa, men gen bagay ki ka fèt annatandan si gen ka repete kote gen ti gason k ap sibi vyolans, gen mezi emosyonèl nou ka pran pou trete sa a. Sa vle di kèk mezi tanporè, annantandan nou ka chanje tout sistèm relasyon sosyal yo. Menm jan gen mezi nou pran pou pwoteje fi yo, annatandan yo gen aksè ak tout resous yo, yo gen kapasite pou yo egzèse vyolans egal ak mesye yo. Menm jan tou si gen yon kad kote ti gason an sibi vyolans, mwen panse gen mezi tanporè oubyen emosyonèl nou ka pran pou pwoteje timoun yo oubyen yon moun ki fèb, ki vilnerab. E yon gason ka vilnerab tou. Plizyè rezon ka mete l nan sitiyason vilnerabilite kote yo paka reyaji, elt. Men se aksepte sa tankou l te nòmal, men sa se yon travay ki pou fèt lekòl, nan fanmi. Men sa pa fasil.
Commentaires
Abonnez-vous pour pouvoir commenter.
Si vous êtes déjà abonné, connectez-vous.