Enquet’Action : Kisa lalwa di sou vyòl ?

Norah Jean François (NJF) : Lalwa defini vyòl tankou tout penetrasyon ke moun nan li menm li pat dakò, li pa t konsanti avè l. Se sa ki vyòl la. Kelkeswa jan penetrasyon an te ye, li mèt avèk yon objè, li mèt yon ògan ki nan kò moun nan. Donk vyòl la se lè yon moun ki pa konsanti.

EA : Kisa w panse de vyòl gason ap sibi nan sosyete a ?

NJF : Mwen panse tout moun konn tande pale de sa. Tout moun tande sa a. Donk lè nou di vyòl sou gason se menm jan ak vyòl sou fi a. Paske depi gen yon penetrasyon kit se nan dèyè moun nan, kit se nan vajen l, kelkeswa jan l te ye a, jan l te fèt la kit se sou yon fi, kit se sou gason se yon vyòl li ye. Li sifi depi moun nan pat bay konsantman l.

EA : Ou gen konesans kote yo kondane kèk fi pou vyòl deja ?

NJF : Non, mwen pa okouran gen fi yo te mennen l nan tribinal paske l te vyole yon gason. Donk mwen pa gen konesans de sa. Mwen pa di ka yo pa egziste non petèt ka genyen yo nan lòt jiridiksyon ke m pa okouran. Men sa te ka fèt li sifi moun nan pote plent.

EA : Poukisa lalwa pa espesifye nan Kòd Penal la lè gen vyòl fi sou gason. E poukisa tou yo pa twò abòde sijè sa a nan sosyete a ?

NJF : Bon, nan Kòd Penal lan yo pa presize sou ki moun egzakteman. Yo di w se tout penetrasyon kòmsi moun nan pat bay konsantman l, moun nan pat dakò. Sou kelkeswa moun li fèt la, m pa kwè se sèl nan Kòd Penal pa nou an ki gen pwoblèm nan. Petèt avèk tan an ka vin gen ti prezisyon sa yo, men lwa a global. Kelkeswa moun nan sa rive a, moun nan lib pou l pote plent. Paske se li menm ki konnen sa ki rive l. An jeneral, nan ka vyòl yo pa konn gen temwen paske moun yo toujou ap veye lè moun pa la pou yo fè bagay yo paske se yon sipriz li ye. Se siprann, yo siprann moun nan. Donk se moun ki viktim yo ki pou pote plent.

EA : Donk se gason yo ki pou fè premye pa a ?

NJF : Wi. Kelkeswa moun nan kit li se yon fi, kit li se yon gason yo te vyole se yo ki pou pote plent, ki pou di yo te sibi tèl agresyon.

EA : Ki diferans ki genyen ant vyòl ak agresyon ?

NJF : Bon kit yo agrese moun nan seksyèlman, kit yo vyole l se menm bagay la. Eksepte vyòl la lè y ap kriminalize l ou wè se li ki gwo enfraksyon an. Se mo yo. Men lè yo agrese yon moun seksyèlman, lè sa sa vle di yon lòt bagay, li gendwa yon lòt bagay. Li gendwa se yon jès yo fè sou moun nan epi yo rele l agresyon seksyèl. Tankou moun nan te gendwa pat gen okenn penetrasyon ditou pou fè l rive nan vyòl la, gen moun k ap fè yon similasyon devan moun nan pou l montre l yon seri bagay. Menm la ankò moun nan gendwa rele l agresyon. Moun nan gendwa frape moun nan tou. Menm lè pa gen penetrasyon ou ka di l agrese ou seksyelman.

EA: Kisa w panse de rapò tifi ak ti gason kote yo fè bagay tankou ti karès, ti bèf pou yo ka inisye yo nan sèks?

NJF: Bon timoun nan se yon moun li ye tou. Gen de lè li konn devlope prekòsman. Gen de lè tou se paske l wè yon moun ap fè kèk bagay devan l, li menm li bezwen imite l. Donk se sa k konn fè yo al fè l. Pafwa se ensten pa yo ki devlope pou kont yo. Pafwa se kèk moun yo konn wè k ap fè l. Pafwa se nan televizyon yo wè l epi y al repwodui sa yo wè a.

EA: Kisa lalwa di sou vyòl ant minè ak minè?

NJF: Banm di w yon bagay, vyòl la rete yon fèt. Yon fè, kòmsi se yon penetrasyon moun nan pat aksepte. Men w pale sou minè ak minè, men minè a pa janm bay konsantman l. Kòmsi lè yon moun ta vyole yon minè menm si l ta di li te konsanti lalwa p ap egzonere moun nan paske minè a pa janm bay konsantman. Donk mwen ta prefere pran envès la nan sa w sot di a. Envès la kòmsi yon ti gason 15 zan vyole yon tifi 7 lane. Ou dakò ak sa? Donk m ap pran envès la. Menm si vyòl la se yon akt penetrasyon envolontè nou paka di sa mache. Men genyen lalwa ki pini, bon se lwa pwoteksyon li ye, se si yon jèn aprè 13 lane ki komèt yon zak li kapab pini. Si yon timoun 15 zan fè yon vyòl sou yon timoun 7 lane lalwa pèmèt li si jij la ta rive rejte yon bagay ki rele « excuse atténuante de minorité ». Li kapab pini timoun sa a.

EA: Kisa lalwa di sou ensès ant timoun ak timoun?

NJF: Komsi ou pale de ti sè ak ti frè. Jan nou sot di talè a se yon kesyon de timoun nan swa l ap imite, swa se yon ensten ki devlope, swa l ap gade de modèl nan televizyon oubyen l konn wè moun ap fè. Lalwa pale de ensès, men se pa nan sans sa kòmsi de timoun. Paske timoun yo fè sa yo pa menm konnen kòmsi se frè ak sè. Yo jis wè yon bagay ap pase epi yo al repwodui li. Men se pa paske lalwa pa prevwa ensès non, men l pa prevwa l nan nivo sa a. 

EA: Donk nan karyè ou ou pa janm pran konesans de yon ka kote yo arete yon fi pou vyòl sou gason?

NJF: Non m pa konn wè sa. Sa pa vle di sa pa konn rive. Ni sa pat rive yon kote. Men mwen menm nan kote m ap evolye yo m poko wè yon fi kondane paske l te vyole yon gason. Mwen menm mwen di ou tou sa pa vle di yo paka kondane l. Li sifi yon pwouve li fè l. Li kapab kondane paske vyòl la se yon krim li ye.

EA: Poukisa sosyete a banalize kesyon vyòl gason ap sibi?

NJF: Yo pa banalize l se moun yo ki pa pote plent. Nou gen yon sosyete kote tout moun ap kase fèy kouvri sa a si sa rive vre. Menm jan gen yon pakèt ka ensès, nou pa pral pale ensès timoun nan jwèt papa ak manman. Nan jwèt papa ak manman lalwa di se paran yo ki pou veye timoun yo. Komsi pou pa gen repitasyon de paran neglijan. Si m pran nan lòt peyi depi yo ta jwenn sa gen de timoun y ap oblije retire l nan men paran yo. Y ap retire gad la nan men paran an paske l pa siveye pitit li. Men pou yo fè sa fòk ta gen yon moun ki denonse fè a. Donk si paran an neglijan, janm di ou a ki sanksyon ou ka pran kont li, se retire gad timoun nan, nan men l. Paske timoun toujou jwe avèk frè l ak sè l, men fòk ou veye tou pou lot bagay pa rive nan jwèt la paske timoun nan pa konn sa l ap fè se timoun li ye.

Mwen pa kwè se yon banalizasyon. Se sa k fè m t al tonbe nan ensès avè w. Paske menm jan ak ensès la tou, li trè ra pou yon moun ki viktim ensès al denonse. Pafwa se papa a ki fè l. Pafwa se yon lòt moun nan kay la ki fè l. Donk se dè zak ki pini tankou vyòl, men anpil fwa gen moun ki pa denonse yo. Pafwa gen moun ki okouran nan kay la ki pa denonse l. Timoun nan konn wont tou li p ap di pèsonn sa. Donk se avèk edikasyon. Fòk nou edike sosyete a pou n di depi yon moun te viktim, ou ka gen sekèl pou rès vi w. Depi yo sibi jan de pratik sa yo se pou yo denonse sa a. Yon fason pou bagay yo regle. Pou moun ki te fè l la pini. Epi pou yo menm tou pou yo pran kèk apwi sikolojik pou yo ka wè si omwen yo ka vin yon lòt jan. Paske tout moun ki sibi vyòl gen pwoblèm. Yo gen twoub.

EA: Kisa Leta ta dwe fè pou kwape vyòl gason ap sibi?

NJF: Mwen pa pral rantre nan kesyon vyòl yon fanm ka fè sou yon lòt fanm. Yon fanm ka fè sou yon timoun piti. Yon gason fè sou yon granmoun. Vyòl yo fè sou yon timoun piti se pa sa ki afè a. Tout se vyòl, petèt ka gen sikonstans ki pi grav si se yon timoun piti, men tout vyòl se vyòl. Sa vle di sa pou Leta fè, se mete kèk bon mwayen pou depiste ka sa yo. Komsi pou fè moun yo konnen yo kapab denonse fè sa yo. Fòk li ta bay yon kote yo ka vin denonse swa yo p ap avili yo, yo p ap mete yo deyò pou fè tout moun ap di men yo te sibi tèl bagay. Pafwa gen de lè, lè moun nan al yon kote l al di yon moun sa oubyen l ap pote plent yo pa pran swen li, yo pa ba l yon ti kote pou l kenbe anonima l. Si yo pa ba l anonima l, li kapab santi l viktim yon lòt fwa ankò. Paske tout moun ap vin wè li te viktim jan de bagay sa yo.

Men sa ou wè n ap di la te konn genyen l nan anpil lòt peyi, menm nan peyi oksidantal. Men se de tanzantan vwal yo ap leve pou yo vin wè gen yon seri de ka moun ap sibi. Men se avèk edikasyon nou ka rive jwenn yon solisyon ak pwoblèm sa yo. Paske depi yo rive pini kèk ladan yo, depi moun nan se pat yon moun malad li ye, lòt yo ap pran leson. Yo kapab disyade pou yo pa fè jan de bagay sa yo.

EA : Piske vyòl la se tout zak penetrasyon ki fèt san konsantman ki fèt swa sou yon fi oubyen yon gason. Etandone fi a pa gen ògan pou l penetre, kijan lalwa kalifye fi sa a lè l vyole yon gason ?

NJF : Bon dèke l fè yon penetrasyon li se yon vyolè. Penetrasyon an pa vle di se ak sèks li. Li kapab yon lòt materyèl. Gen de moun ki gen lòt materyèl pou l fè penetrasyon. Si l fè l avèk li se kòmsi l te vyole moun nan paske depi l fè ak de penetrasyon avèk yon lòt objè.

EA : Men nan ka yon fi ki fòse yon gason ak menas, chantaj oubyen dwòg kisa lalwa di sou sa ?

NJF : Si se menas li fè sou li, sa rele asèlman. Si l ap asele li paske gen de asèlman li rive jouk nan menas. Men lè se dwoge l dwoge l se akonpli paske enfraksyon an komèt.

EA : Mwen raplem ou te di Kòd Penal la pa di anyen sou kesyon minè k ap fè vyòl sou lòt. Eske se yon lòt lwa ?

NJF :  Wi gen yon lòt lwa ki se lalwa 7 septanm 1961. Komsi avan 13 zan minè sa paka kondane pou anprizonman, men apati 13 zan yo kapab pini l kelkeswa sa l fè a kit se vyòl oubyen yon lòt bagay. Sa pa vle di l ap kondane kanmèm nan mezi kote jij la ta rive rejte « excuse atténuante de minorité » a. Kounya l ap kondane menm jan ak yon majè. L ap ba l pinisyon lalwa enpoze pou vyòl yo.

EA : Eske lalwa gen yon zye sou jwèt manman ak papa ?

NJF : Non. Lalwa pa antre nan kesyon jwèt manman ak papa. Mwen menm mwen te timoun. Ou menm ou te timoun. Nou menm se tout tan nou te konn wè timoun ap fè jwèt Manman ak Papa, men sa pa vle di depi yo fè l se pou yo rive nan kesyon sèks. Pafwa nan jwèt papa ak manman timoun nan gen yon ti kabann, li gen yon poupe. Poupe a kouche epi li menm li se manman poupe, lòt la se papa poupe. Yo konn ap fè ti manje tè pou poupe anba je granmoun. Men se pa yon jwèt Manman ak Papa kote timoun yo pral kouche ansanm. Se pa sa ki jwèt papa ak manman. Amwenke bagay yo vin chanje kounya paske timoun yo gade twòp move fim. Y ap gade televizyon. Y ap gade yon seri de bagay. Yo ka chanje. Men tout ti moun te konn fè jwèt papa ak manman san pou otan yo pat janm konn ale pi lwen pase sa.

EA : Poukisa lalwa bèbè sou konsantman ki genyen nan sèks ant timoun ak timoun ?

NJF : Non men, poukisa lalwa ta di gen sèks ant timoun ak timoun. Nou pa gen lwa an Ayiti ki pale de majorite seksyèl. Gen Kòd Sivil la ki enspire l de deklarasyon inivèsèl dwa moun ki di apati 15 zan yon timoun ka marye avèk konsantman paran. Men avan laj sa a se prezidan Repiblik la ki pou ba ou otorizasyon pou ou marye. Sa se kòd sivil. Men kesyon majorite seksyèl la nou pa genyen l an Ayiti.

EA : Ki denyè mo ou ta renmen ajoute ?

NJF : Denyè mo m t ap genyen : Vyòl se yon bagay ki konsidere kòm krim lagè. Krim kont limanite. Lakay nou, nou banalize vyòl twòp. Fòk tout moun mete men nan pat la pou yo sansibilize moun yo. Pou moun yo sispann fè vyòl sou moun. Paske bagay sa tèlman di gen kèk milye peyizan se asasina yo rele vyòl. Donk lè yon moun vyole yon moun: yo di entèl sasine entèl. Donk se tèlman pou yo menm se yon bagay ki fò nan milye riral yo. Yo pa di asasinen, yo di sasinen. Se yon bagay ki fò. Se yon bagay ki tèrib lè y ap agrese yon moun ki pa dakò. Tout mantal li atenn. An jeneral, moun ki fè bagay sa yo konn gen twoub mantal tou paske m pa wè pou ki rezon pou yon moun ap fòse yon moun fè yon bagay li pa vle sof si l gen yon pwoblèm mantal. Se sak fè yon jij enstriksyon ki respekte tèt li depi l gen yon ka vyòl devan l fòk li mande de ekspètiz: yon ekspètiz sikolojik ni pou moun yo vyole a pou l wè eta espri l, ni pou moun ki fè vyòl la pou yo wè kòman l fè rive la. Donk sa nou bezwen nan peyi a se sansibilizasyon epi tou pou moun yo denonse ka yo. Li klè gen anpil moun ki pini pou vyòl dènye tan sa yo, men nou ta bezwen yo kondane plis ankò pou n dekouraje moun yo fè vyòl sou moun. Sa pa vle di sa ap fini nèt paske enfraksyon p ap janm fini nan okenn peyi nan mond lan. Men kanmèm pou nou ka fè yon efò pou se pa nou menm ki pou banalize bagay sa.


Li atik sa : https://www.enquetaction.com/articles/ayiti-vyol-fanm-fe-sou-gason-ant-banalizasyon-ak-enpinite