2 fanm ki abiye an nwa e ki gen long cheve. Youn gwo, lòt lan mens. Pliryèl jès ki makonnen ak yon seyans penyen cheve. Très yo – yo t ap manipile te bobo ak pawòl yo tap di, ki sanble 2 gout dlo ak yon konvèzasyon ant yon manman ak pitit fi l.
Se tablo sa espektak ‘’Désincarnée’’ te prezante jou kite 27 jiyè pase an, nan Yanvalou. Pafwa pou w ta di gon batay an 2 medam yo. Men, très cheve yo nan mitan batay lan. Kèk fwa, te gen son tanbou oubyen mizik pa anba ki t ap ritme aksyon yo. Nan kèk moman, ou te santi très yo tounen gwo chay lou sou tèt 2 komedyèn yo.
Nan kad festival feminis Nègès Mawon, Ericka Julie Jean Louis ak Nathania Périclès, te prezante douvan plis pase 120 moun, espektak ‘’Désincarnée’’ avèk bourad ‘’Haute école des arts du Rhin’’ nan Yanvalou nan lakou Pòtoprens. Malgre ensekirite an k ap taye banda, piblik lan te fè deplasman.
Yon espektak ki charye yon bann senbolism
Pou konnen plis sou senbolism ki antoure espektak sa, Enquet’Action te al wè ak Nathania Périclès, plastisyèn e komedyèn. Li fè nou konnen espektak lan pale de très cheve. “Nou ap trese yon très senbolik ki relye nou tout fanm kite viktim de tout sòt diskriminasyon nan lekòl parapòt ak kwafi nou yo”, li te rakonte.
“Anpil tifi an Ayiti, yo te konn voye yo lakay yo, lè yon penyen ti kouri. Oubyen lè yo gen strès nan cheve yo. Oubyen yo mande l defèt li”, li rapousib pou l di nou. “Mati nou te konn ap sibi paske le maten, nou toujou konn ap bwose, bwose ankò cheve nou. Atache l. Ki bay yon doulè san parèy. Alòske nou gon modèl cheve krepi ki pa fòseman adapte ak jan de kwafi sa yo’’, li te ajoute.
Yon pratik tifi te oblije ap fè chak maten malgre cheve yo pa bobo ak modèl kout peny sa yo. Yon pratik, ki vinn bay marande ak anpil peripesi epi tèt chaje. “Se te vrèman yon modèl pou nou sanble ak moun nou pa ye”’, Nathania di nou.
Espektak lan tou, genyen lyen ak libète cheve pèmèt fanm nwa genyen. Se sak fè fanm ayiyen an patikilye, fi nwa an jeneral, renmen chanje kout peny. Senbolism lan tou gen rapò ak pratik timoun lekòl ki oblije mete menm inifòm, mete menm boul gogo, menm baret epi menm ne ki ale ak koulè chosèt ou.
‘’Se te anpil kritè. Ki te fè egzijans sou kòman nou pral lekòl, ki fè aprè lekòl, nou gon libète dèye kwafi n ap chache. Libète an ki se posibilite pou nou fè sa nou vle. Epi posibilite pou nou chanje l lè nou vle. Posibilite poun mete l ajou, pou nou trese avèk mèch rajou epi pou nou trese ak pwòp cheve natirèl nou’’, li te fini poul di sou libetè n ap bouske atravè très yo.
Travay tout yon ekip solid
Si se Nathania Périclès ki te dirije pèfòmans sa paske se li ki ekri tèks e asire miz an espas lan, atis envite an se Ericka Julie Jean Louis, kise yon komedyèn. Pou rann espektak sa posib, Joevane Joseph te asire makiyaj lan, Yves Osner Dorvil te fè foto yo. Nan teknik lan, te gen Junior Neptune epi Jeff Pierre te asire kreyasyon sonò an.
Edisyon 2022 Festival feminis Nègès Mawon an ap fèt anba tèm “Mon corps au sens propre ... et défiguré’’. Avan festival lan, Nathania Periclès te resevwa piblik lan nan Yanvalou nan Enstalasyon senografik, yon jou après espektak lan, pou reponn kesyon piblik lan.
Espektak lan te an globe tou, plizyè akt pèfòmatif. Chak tablo ak sekans ladan l, li mache ak yon demach, yon vizyon ki pale de kò fanm, de très, elatriye. Kidonk, ki pa fòseman relye youn ak lòt. Chak tablo gen lyen – men pa yon kontinite youn lòt.
Nathania Periclès, te etidye nan Lekòl Nasyonal Atizay (Enarts), li te nnan Fakilte Etnoloji tou. Aprè sa li te al etidye nan peyi Lafrans kote li fè yon Metriz nan Haute Ecole des Arts du Rhin.
Commentaires
Abonnez-vous pour pouvoir commenter.
Si vous êtes déjà abonné, connectez-vous.