ODD1: Derasinen povrete, kisa sa vle di?

Kisa Objektif Devlopman Dirab (ODD) vle di?

‘’Konstriksyon izin Vetivè toupatou, yon gwo menas sou anviwonnman vil Okay’’

"Gen erè ou konn jwenn nan pyès idantite yo, se achiv nasyonal ki lakoz"

Enquet'Action nan kad gwo fouye zo nan kalalou l ap fè sou koze idantite an Ayiti, te rankontre ak yon anplwaye ki travay nan seksyon validasyon nan Achiv Nasyonal ki t ap eksplike n an detay kijan kèk erè rive fèt nan pyès idantite yon moun men tou kijan yo sinyale l. Kòm li pat gen otorizasyon pale, nou chwazi pa site non l epi pibliye entèvyou sa akoz enpòtans diferan eleman li soulve yo ki den

Yon espektak sou ‘’très cheve’’ pou denonse diskriminasyon tifi ap sibi nan lekòl

Nan kad festival feminis Nègès Mawon, Ericka Julie Jean Louis ak Nathania Périclès, te prezante douvan plis pase 120 moun, espektak ‘’Désincarnée’’ avèk bourad ‘’Haute école des arts du Rhin’’ nan Yanvalou nan lakou Pòtoprens. Malgre ensekirite an k ap taye banda, piblik lan te fè deplasman.

Pratik relijye ak mistik: Gwo obstak pou gerizon maladi mantal an Ayiti

Chif nan sant sante mantal Mòn Pele nan Nò, soti avril 2019 rive jiyè 2020 montre 73% fanmiy malad yo panse se koz mistik maladi mantal yo ye. Sa vin fè yo gen premye reflèks (oubyen lide) mennen moun ki gen pwoblèm mantal yo kay Bòkò, nan selil lapriyè, kay pwofèt lame selès, kay pastè legliz batis, kay Mason Lòj rive jiska mande èd pè legliz katolik pou ede chase "move lespri" oubyen "zonbi" so

‘’Mak pitit’’ charye yon bann kliche ki lakoz fanm mal alèz nan kò yo

Nan peyi Dayiti, pwoblematik ki lye ak aspè fizik fanm pa piti. « Mak pitit », yon denominasyon pejoratif vèjeti sou po fi, charye dèyè l yon pakèt kliche ki rann anpil fanm manke alèz nan kò yo lè yo kòmanse remake l sou po yo. Anpil pwodui sou mache a ap fè pwomosyon pou envite medam yo retire yo. Medya ankèt ak envestigasyon Enquet’Action te al chèche konn plis sou zafè mak pitit ak sou fason s

Kénise Phanord: «Jan sosyete a ye la fè medam yo ap veye pou sa yo te batay pou li yo pa disparèt»

Kénise Phanord, se militant feminis epi sosyològ. Li fè yon lisans nan Fakilte Syans Moun epi yon Metriz nan Inivèsite ''Havre'' nan peyi Lafrans. Avèk Madam Phanor ki se manm Kolektif Inivèsitè pou rechèch ak emansipasyon fanm (Curef nan lang franse), nou te fè yon ti bat bouch sou diferan pwoblematik kap travèse reyalite lavi fanm an Ayiti.

Klete tifi, yon pratik ki vyole dwa fondalnatal fanm ak tifi

An Ayiti, nan milye rekile ak nan vil yo, gen yon pakèt pratik paran yo itilize pou kontwole lavi timoun yo an jeneral, tifi yo an patikilye. Pami pratik sa yo, gen tate tifi ki se tès vijinite, bay tifi piman nan ti pati yo, men tou klete tifi. Yon bann mannyè ki travèse tan ak espas yo an Ayiti. Men, poukisa pi fò pratik sa yo se pou kontwole lavi fanm ak tifi men pa lavi gason ak ti gason? Pouk

Kalvè fanm yo anba eslogan piman bouk gason an Ayiti

Nan baz kote jenn gason gen abitid rasanble osinon nan mizik chofè moto ap pase, nan pwogram kot didje ap jwe oubyen nan yon diskisyon, medam yo se souvan kategori ki sibi plis devalorizasyon. Mo ki itilize pou desann valè yo pa manke nan konvèzasyon moun pa bò isit. Fas ak yon fenomèn kote menm mo «fanm» nan konn sèvi jouman an Ayiti, medya enfòmasyon ak envestigasyon an, “Enquet’Action”, deside

“95% batistè an Ayiti yo gen erè”, Jean Wilfrid Bertrand, direktè jeneral Achiv Nasyonal

Jounal enfòmasyon ak envestigasyon sou entènèt Enquet’Action, nan kad yon kokennchenn ankèt l ap fè sou kesyon idantite an Ayiti, te ale fon ti bat bouch ak Misye Jean Wilfrid Bertrand, ki se direktè jeneral Achiv Nasyonal peyi Ayiti depi lanne 1983. Anpil gwo koze te diskite. Se poutèt sa nou chwazi pote pou ou tout sa ki te di pandan diskisyon sa a. “Mwen la depi 7 jiyè 1983. C'est une chance po

« Fòk nou kraze mit ki fè kwè gason son bout blòk, yon bout fè e yon bout siman… ki pa ka viktim », Pascale Solages, feminis

Enquet’Action te fon ti bat bouch ak Pascale Solages, aktivis dwa moun epi kòdonatris jeneral òganizasyon feminis ki rele Negès Mawon ki akonpaye fanm ak tifi nan yon sosyete patriyakal tankou pa nou an ki viktim pi plis nan kesyon vyolans pase lòt kategori moun. Oryantasyon oganizasyon feminis lan se akonpanye fanm ak tifi nan kesyon dwa yo, devwa ak opòtinite, san yo pa rete avèg sou tout lòt ba

« Si gason an di yon fi vyole l, se tankou l sispann gason. Kidonk li pèdi virilite l »

Vyòl fanm fè sou gason, yon sijè konplèks moun preske pa pale isit menm jan ak nan peyi lòt bò dlo. Nan lide pou fouye zo nan kalalou nan kad yon gwo ankèt nou fè sou pwoblèm sosyal sa a, nou te al rankontre yon sosyològ ki pa vle non li site. Men li se pwofesè nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA) an e li devlope yon apwòch diferan de sa nou abitye tande chak jou yo. Lè l konsidere enpòtans pawòl yo, En

Lopital jistinyen, yon lopital sal tankou peny ti dan nan yon vil ki bandone

Vè ak pinèz nan sal matènite, limon ak pousyè nan sal operasyon, san konte blakawout, Lopital Jistinyen ki chita kò l nan vil Okap nan Nò peyi an, twouve l’ nan yon eta kritik. Depi lendi 14 mas pase an, tout medsen yo deside rantre an grèv nan lide pou egzije bon jan kondisyon travay. Enquet‘Action te ale sou plas pou al wè ak zye pa l nan ki kondisyon pwofesyonèl lasante yo ap travay – men tou

« Yo pa banalize vyòl sou gason, se pito moun yo ki pa pote plent », jij Norah Jean Francois

Nan lide pou fè lektè ak lektris li yo konprann pi byen kesyon vyòl ak asèlman sou gason, vyòl sou timoun, jwèt manman ak papa, sèks ant timoun, Enquet’Action te rankontre Norah Amilcar Jean François, ki se jij pou timoun. Avèk li, nou te diskite de sijè sa yo epi anpil lòt ankò ki pote gwo limyè sou yon bann fenomèn sosyal peyi an ap konnen depi kèk tan.

Lekòl Kominotè Matènwa: Yon lekòl tèt an wo nan yon peyi tèt an ba

Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) se yon lekòl k ap fè pwomosyon pou konbit ak devlopman. Depi lè li kreye nan lane 1996, LKM pote gwo chanjman nan kominote kote li tabli a. Avèk li, se yon lòt van k ap soufle nan Matènwa ki chita kò l nan mòn zile Lagonav.

Kèk nan divès rezon ki fè se devan legliz katolik ou wè pòv kap mande men pa devan legliz pwotestan

Mandisite se pa yon fenomèn ki fenk parèt an Ayiti. Men se yon bagay ki wè jou depi lè konkonm tap goumen ak berejèn. Menm si pyès moun pa ka di egzakteman kote l soti vrèman. Konsa, menm jan tan an ap chanje a se menm jan fenomèn mandisite a ap chanje chemiz tou. Men depi byen lontan devan legliz ak pawas Katolik yo te toujou baz moun k ap mande yo. Konsa pou nou ka konprann kote fenomèn nan soti

Ayiti: Vyòl fanm fè sou gason, ant banalizasyon ak enpinite

An Ayiti, 1 fanm sou 8 deklare yo sibi vyolans seksyèl omwens yon fwa nan lavi yo, selon Ankèt sou mòtalite, mòbidite ak itilizasyon sèvis yo (EMMUS-VI) ki sòti nan lane 2018. Epoutan se pa sèl fanm ki viktim, gen anpil gason ak ti gason k ap sibi vyolans seksyèl nan peyi a. Yon rapò Konsètasyon nasyonal kont vyolans sou fanm, ki kouvri peryòd jiyè 2011 rive jen 2012, pale de vyolans seksyèl ki fè

Jwèt Manman ak Papa: Yon mannyè espesyal, timoun inisye nan fè bagay an Ayiti

Jwèt Manman ak Papa fè pati jwèt timoun fè pou bay tèt yo plezi nan sa yo rele fè « dezòd ». Se youn pami jwèt ki bobo ak fè bagay. Lè n konsidere konsantman nan fè sèks lye ak laj epi timoun pa kapab bay garanti sa a, Enquet’Action, jounal enfòmasyon ak envestigasyon sou entènèt, deside fouye zo nan kalalou pou eseye kesyone reyalite sa a epi konprann sijè konplèks sa a pi byen.

Sabine Lamour: “Fanm pa sèlman yon kò, gason pa sèlman yon bann”

Depi plizyè lane pwodui virilite tankou grès kakawo, bave bèf ak lwil koulèv tounen sèl sovè pou anpil granmoun ak jèn gason k ap chèche kou chen fou pou fè peni yo gwo, long ak gen lajè. Lè yo pa di w se pou medam yo, yo di w se paske yo vle parèt tankou “gason” ki fè yo itilize yo. Nou menm nan redaksyon Enquet’Action, nou te ale wè Sabine Lamour ki se sosyològ ak feminis, sou kesyon an pou n sa

“Gason ayisyen konfonn longè peni yo ak andirans”, Woodjena Louis, iwològ

Anpil tijèn gason ak granmoun ap itilize pwodwi tankou grès kakawo, lwil koulèv ak bave bèf pou yo bay peni yo gwosè, longè ak lajè. Son pratik ki la depi plizyè dizèn lanne ki fèt nan gwo vil ak nan vil pwovens yo. Sanble gen anpil mit men tou anpil reyalite ki kache dèyè pratik sila. Eske gason ayisyen jeneralman gen ti peni vre? Kisa k fè gason ayisyen redwi tout yo menm ak yon sèl ògan nan kò