top of page

Auguste D’Meza : « San dyaspora, Ayiti pa egziste nan nivo ekonomik »

Kriz sanitè pandemi Kovid-19 la ap frape Ayiti trè fò. Selon anpil espesyalis, lap genyen gwo enpak sou ekonomi lokal lan. Nan lide pou’n konprann pi byen, nou te al fon ti bat bouch ak Auguste D’Meza, pwofesè nan Inivèsite epi kòmantatè politik. Daprè analiz li fè, jou kap vini yo sanble ap vinn pi sonb pou Ayisyen. Li menm pale de katastwòf, paske selon li menm an tèm refleksyon sou lavni, se zewo bare.



Enquet’Action : Kòman ou konprann kriz Kovid-19 la?

Auguste D'Meza :Premye dimansyon kriz la, se yon kriz mondyal, se yon kriz ki pa gen fwontyè. Mwen pa kwè gen yon peyi atravè mond lan ki pa touche nan yon mannyè ou yon lòt. Genyen ki mwens touche nan menm kontinan an, e genyen ki plis touche.

Youn nan eleman enpòtan ki genyen nan viris la, sèke li trè espesifik. Se pa menm jan avèk VIH la kote fòk gen yon rapò entim, yon rapò seksyèl. Konsa, tout moun san distenksyon, ekspoze e tout moun kapab atrape l. Konparezon ou kapab fè ak VIH la tou sèke li pa gen baryè sosyal, tout kategori sosyal ka atrape Kovid-19 la. Se pa toujou ka sa avèk kolera paske li plis gen enpaksou milye defavorize kote kondisyon ijyèn yo trè prekè.

Yon dezyèm eleman enpòtan tou, sèke o nivo entènasyonal, gen sa m ka rele yon diskou alamis. Yon diskou alamis ki vin fè moun yo pè. Gen sosyete diskou yo te tèlman alamis, moun yo te fèmen tèt yo, yo menm. Gen lòt sosyete tou ki di yo ka venk li tankou Etazini nan diskou ofisyèl yo, nan konpòtman yo, se menm bagay la tou o Brezil. Men gen de sosyete si ou gade Perou, nan katye pòv yo gen anpil moun ki mouri. Ou rann ou kont laperèz enstale l.

Twazyèm eleman, menm konparezon ak VIH la, Kovid-19 la ap rete. Selon mwem, se pa yon bagay k ap disparèt menm jan nou konnen an Ewòp nan epòk ivè, yo fè tout moun, anpil granmoun pran vaksen kont grip, yo eseye kontwole l. Men genlè Kovid-19 la li la. Se enpresyon espesyalis nan medsin, viwològ ak epidemyolojis. Donk, Kovid-19 la pa prale konsa. Malgre pwofesè Raoult ki Masèy gen yon lòt opinyon, li di pik epidemi an fini an Frans. Men nou poko wè l vrèman. Wi l ap bese paske gen mezi ki te pran.

Katryèm eleman, nan 5 mwa sòti desanm pou rive me, yo poko konnen viris la. E se yon gwo enkyetid nan mond syantifik lan. Yo poko konnen efè ak enpak viris la. OMS te rekòmande pou peyi yo pa fè otopsi, men Itali fè kèk otopsi e yo rann yo kont moun yo fè « thrombrose » ki se « coagulation » san an ki vin rann sikilasyon an ralanti. E se pou sa yo di pou granmoun yo pran doz kotidyen aspirin pou bebe pou yo ka likifye san yo. Gen moun ki pale de menas pou limanite, men gen yon bagay ki sèten… Menm jan ak VIH la, te gen yon avan-VIH kote te gen libète seksyèl, te gen yon aprè-VIH kote ou dwe pwoteje tèt ou. Mwen kwè te gen yon avan Kovid, donk ap gen yon aprè Kovid.

Ki enpak kriz sa a pral genyen sou lavi dyaspora nou yo kote anpil nan yo swa pèdi travay yo, swa mouri, swa konvalesan?

Depi ou pale de Ayiti nan nivo ekonomik, sosyal, kiltirèl, nou pa ka ekate nan analiz la pwa Ayisyen k ap viv laba yo. Dayè se youn nan pi gwo bayè lajan Repiblik Dayiti nan sa ki gen pou wè ak deviz. San konte transfè lè yon moun ap rantre nan vakans li pote kòb pou fanmi li dirèkteman. E lè moun nan ap rantre l ap vin wè kominote l, vwazen an tou fè ekonomi frè transfè a epi bay moun nan pote kòb pou matant li. Sa a nou pa gen okenn done sou li. Mwen estime transfè Ayisyen yo an « argent » pi enpòtan.

Gen yon dezyèm aspè pou n pa inyore tou, se fenomèn doum nan lè gen « Sale » nan makèt yo nan Etazini, moun nan achte kèk pwodui nan bon mache, yo akimile yo pandan yon mwa, yon mwa edmi, yo mete yo nan yon doum ki pran 54 galon, yo voye l an Ayiti pou fanmi yo. Donk yo voye manje. Transfè manje a nou pa teni kont de li. Dayè gen anpil antrepriz transfè ki fè anpil lajan, men pèsonn pa janm enterese mande yo : « Quelle est la part entre les transferts d'argent et les transferts de nourriture ? ».

Gen yon twazyèm transfè tou ki petèt pa enpòtan menm jan ak premye yo, men fòk nou teni kont de li, se transfè kat apèl. Paske chak wikenn, n ap pale de Etazini ak Kanada, si moun nan achte yon 5 oubyen 6 dola yo double minit lan oubyen yo tripe l pou li. Yo pa kontwole transfè sa a tou. Donk se manti ekonomis yo ap bay, se manti Bank santral ap bay lè y ap pale sèlman de 4 milya dola. Donc se manti paske gen lòt tip transfè de men ak men, manje ak kat telefòn ki voye nou nan plis pase 5 milya dola meriken chak ane.

Wi fòk ou pa bliye nou gen anpil ouvriye nan Etazini ak kanada. Depi ou pale de ouvriye, w ap pale de moun ki p ap viv obligatwaman nan richès. E nan kanada nou gen anpil jèn ki pa gen estati, ki gen TPS alò ki al travay tankou èd enfimyè, èd swanyant. Donk anpil ladan yo pèdi lavi yo. Gen yon pakèt chif, n ap genyen yo yon jou.

Dayè New-York Times te fè premye paj li, li te pibliye non tout moun ki te mouri yo. N ap konnen l aprè. Donk gen lanmò, gen moun yo tou ki afekte, men ki pa mouri e ki paka retounen travay touswit. Se kanmèm 36 milyon chomè sèlman ki genyen nan USA. Kovid-19 la ap gen yon enpak sou volim transfè a.

E depi mwa mas, nou konstate gen yon bès ki lejè. E bès la vin pi enpòtan an avril ak an me. Men se klè, kriz ekonomik sa ap boulvèse Ayisyen k ap viv nan Amerik Latin nan. Paske gen pèt danplwa nan Brezil ak nan Chili. Donk transfè a ap bese. Enpak ekonomik lan enpotan pou kominote Ayisyen k ap viv laba a. E youn nan bagay poun pa bliye tou lè gen maladi konsa nan kèk kominote, kominote orijin nan gen tandans akize etranje a. Donk ou pral gen yon fenomèn rasis ki ka ogmante e ou pral gen yon fenomèn tou ki pa obligatwaman rasis, men ki pwòch li, « c'est la Xénophobie (la peur de l'étranger) ». Donk se kèk fenomèn nou pa dwe inyore, e yo pral gen yon enpak sou kominote sa yo ki pral viv plis fèmen. Ki pral pè lè yo malad pou yo pa di se yo ki pote maladi sa a kay moun yo. Donk ou pral gen kèk sekèl obligatwaman sou plan sikolojik. Nan nivo sosyal, moun nan gendwa ap travay yon kote li pa gen zanmi se kominote a ki fòs li. Donk kominote a paka reyini. Li paka al nan makèt Ayisyen pou l rete ladan l bay blag pandan 2 zèd tan, li paka al chita kay kwafè an. Li paka al nan yon restoran pou l blabla. Donk se yon kominote ki tou frajil sikolojikman. E chak fwa gen lidè kominotè ki mouri, li frajilize kominote Ayisyen sa a k ap viv deyò. Donk sa vle di li pa viv menm jan an ankò. Anrasinman kiltirèl li, al nan yon bal kounya se nan rezo sosyal yo, bal yo ap fèt. Se pa menm bagay. Donk sa yo pral gen enpak sou vi ayisyen k ap viv deyò yo e nou paka inyore li. E tou prè nou nan Sendomeng ki se yon ka patikilye, kote nou rann nou kont gen anpilAyisyen ki deside kite Repiblik dominikèn akoz kantite moun kap mouri yo. Pou yon fwa nan istwa ayisyano-dominikèn, migran Ayisyen an pito tounen Ayiti pase li rete Sendomeng.

Montan transfè dyaspora yo dèfwa pi fò pase bidjè leta a. E avèk goud la kap pèdi valè, transfè dyaspora yo twa fwa siperyè pase bidjè Leta ki prèske yon milya dola. Si n ap pale de yon milya, si n al nan 5 milya menm, li 5 fwa siperyè pase bidjè fonksyonman Leta a. Donk san dyaspora a Ayiti pa egziste nan nivo ekonomik.

Ki enpak kriz la pral genyen sou fanmi ki te konn resevwa transfè nan men dyaspora ki p ap resevwa ankò?

An nou pran l nan 2 nivo. Gen moun an Ayiti k ap travay antre gimè. Men revni an tèlman fèb, ou ka mande èske moun nan ap travay vre. Lè ou pran yon enstititè/enstititris ki ap travay nan fonksyon piblik pou 13 mil goud. Si w pran 13 mil goud la, li enferyè ak salè minimòm nan manifakti a paske salè minimòm nan se 500, 550 goud, li ka fè 15 mil goud. Donk yon enstititè ap touche mwens kòb pase yon ouvriye ki nan sou tretans. Donk anpil nan moun sa yo viv de yon 10, 20, 30 dola yo voye pou yo (kouzen, kouzin). « Ce ne sont pas des montants faramineux, ce sont des petits montants ». Men ki te pèmèt moun nan rive plizoumwen boukle mwa a. Moun nan pa genyen l ankò. E avèk enpak ou genyen sou transfè a, se menm enpak ou genyen sou « taux de change » lan. Donk pa gen ase dola k ap sikile nan peyi a. « Taux de change » lan ap egzajere. E imedyatman l ap egzajere kòm nou depann de lòt peyi pou n manje, panyen menajè a vin pi chè. Si n pran pri yon mamit diri nan me 2019, oubyen yon mamit diri nan me 2020 w ap wè gen 10-15 goud diferans.

Gen yon dezyèm kategori menm se chomè k ap tann lamann. Sa pi mal. Donk kategori sa a ki t ap tann e ki depann totalman de lòt bò dlo an. Gen yon pa vè « la délinquance infantile », gen yon pa vè banditis. Paske lè nèg la wè pa gen soutni sa ankò, grangou bare l. Donk wi nan yon premye nivo gen yon aspè ekonomik, moun ap manje mwen byen, y ap manje an mwens kantite, men yon gwo risk ogmantasyon banditis.

Nan gwo peyi yo lè moun yo gen pwoblèm, swisid se youn nan meyè solisyon yo genyen, ou panse kriz la ka lakoz nou genyen yon tèl konsekans?

Fòk nou sispann bay tèt nou manti, mwen menm konn plizyè jèn ki swiside tèt yo, men yo kamoufle tankou yon lanmò nòmal. « Le suicide est un sujet tabou en Haïti, on a peur d'en parler ». Men fòk nou sispann bay tèt nou manti: « le suicide a toujours été présent dans la société haïtienne ». A tit egzanp, youn nan pi gwo liv nan literati ayisyèn, « Les dix hommes noirs », Etzer Vilaire te ekri sou gounvènman Florvil Hyppolite. Lajenès wè l pat gen avni, yo reyini, yo fè yon swisid kolektiv. Done yo pa chanje, « on a des cas de suicides. On a des cas de suicide liés au désespoir, des jeunes qui ne trouvent rien à faire. Il y a des cas de suicide assez importants quand même au niveau des jeunes filles violées ». Anpil jèn fi yo vyole tiye tèt yo. « On a pas peur d'en parler. Mais ils sont nombreux». E nou pral gen ka swisid ekonomik ki pral ogmante kay kèk moun. « Il n'y a pas l'ombre d'un doute! Et il y a très peu de psychologues et de psychiatres en Haïti ».

Moman aprè Kovid-19 la parèt sonb pou nou an Ayiti, lè nou gade nan ki eta ekonomi mondyal la ye, komès mondyal la, evantyèl kriz alimantè a. A kisa nou dwe atann nou?

Ak katastwòf la! « L'épidémie, depuis le 18 mai a été mise au placard par l'exécutif, maintenant on parle d'élections et de durée de mandat. La classe politique ne s'est pas renouvelée non plus. C'est le même discours, manifestation ». E mwen m pa dakò avè w ditou lè ou di nou gen yon avni sonb paske nou deja nan tenèb la, se nou ki pa vle aksepte l, n ap bay tèt nou manti. Menm gen yon dikton fransè ki di: « On est dans la merde jusqu'au cou ». Mwen m di nous sommes dans la merde jusqu'aux gros orteils ». E m pa wè anyen k ap fèt an tèm de refleksyon. Fòk nou sòti nan refleksyon tradisyonèl yo. « C'est le moment de penser l'agriculture de manière différente. Ce serait le moment de penser à la vie différemment ».

Ki solisyon oubyen mezi Leta ta dwe pran pou redui nan enpak Kovid-19 la sou popilasyon an?

An nou eseye onèt. Ayisyen defini Leta tankou yon asimilasyon: Leta egal gouvènman. M pa kore sa di tou. Pou gen Leta fòk gen yon teritwa, yon popilasyon, yon gouvènman ki resevwa manda. Si nou vle pale de Leta, n ap pale de Leta sa a, ki pa sinonim gouvènman an. « La classe moyenne et la classe ouvrière ne se sont jamais considérées comme parties prenantes de la société civile ». Se kelke nèg klas mwayèn ki al lekòl ki bay tèt yo non sosyete sivil epi pòt pawòl sosyete sivil la. Men yo se pòt pawòl tèt pa yo pou yo ka gen yon Prado òganizasyon entènasyonal nan men yo, pou yo manm kabinè. Pou yo gen yon machin sèvis Leta ak sirèn nan men yo. Yo pa enterese ak sa k ap fèt anba a. Mwen toujou di l, « la population haitienne existe, mais le peuple haitien n'existe pas. Parce que dès qu'on parle d'un peuple, c'est qu'on voit des caractétistiques communes, des valeurs communes, des partages communs. Qu'est ce que les Haitiens/haitiennes ont en commun: gouye, bwè kleren, rara, kanaval, griyo, bannann peze, diri kole ak pwa, e aprè? E aprè? « La République Dominicaine, la société civile s'est engagée ». E enpak ekonomik lan mwen lou pou pòv yo paske moun sa yo gen yon èd alimantè. Men nou menm se pri yo k ap monte. E pa gen okenn relasyon ant pri detay la ak pri dacha. Sa vle di menm avèk kriz la ki se yon kriz imanitè, yon kriz mondyal, nou poko pran konsyans ke nou dwe fè bagay yo yon lòt jan.

Quelles propositions?

« Simple ! Simple ! Il faut que le gouvernement réduise dans les dépenses non nécessaires. Je ne vois pas pourquoi on a 19 ministres et 9 secrétaires d'Etat. Dumarsais Estimé qui a fait tant de choses dans ce pays, avait 6 ministres. En Argentine qui fait 4, 5, 6 fois notre territoire a un cabinet de crise de 10 ministres. Nous en avons 19 avec tous les avantages liés à leur fonction. Donc, il faut les réduire. C'est faire de l'économie. Ayons des activités productives. Allons vers des jardins familiaux. Encadrons le vrai paysan et non des acheteurs de terrain qui se font appeler paysans. Créons une agriculture montagneuse. Arrêtons de créer un tas d'institution qui n'ont pas des moyens pour fonctionner. On doit développer l'industrie qui est liée à la médecine traditionnelle. Il faudrait qu'il y ait un changement d'orientation au niveau des pouvoirs. Il faut contraindre le secteur privé à agir autrement ».

Dougenie Michelle Archille

Cet effort d’information sur le Covid-19 durant la crise a obtenu le soutien de FOKAL.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

À la une

bottom of page