top of page

Camille Chalmers : « Globalman, desizyon yo te trè mal panse »

Jou ki te 19 mas 2020 an, prezidan repiblik la, Jovenel Moïse te anonse eta dijans sanitè aprè yo te fin dekouvri 2 premye ka Kovid-19 nan peyi an. Kouvrefe, fèmti legliz ak peristil yo, men tou lekòl ak kèk lòt enstitisyon ankò. Yon ansanm mezi kap lakoz anpil dega – men tou ki pa adapte ak reyalite peyi an selon ekonomis Camille Chalmers ki plede pou bon jan mezi ki kòlte ak reyalite yon peyi ki gon ekonomi ki chita sou sektè enfòmèl lan. « Donk fòk kriz sa a, ki ekstrèmman doulourez e ki deja kòmanse ap fè anpil dega, ta yon okazyon pou nou chanje kèk pratik, kèk abitid epi kèk rapò. Pa egzanp li enpòtan anpil pou n sispann genyen politik ekonomik anti peyizán menm jan nou abitye genyen’l », selon Camille Chalmers, ki kwè mezi otorite yo dwe pran yo dwe pèmèt gen ajisteman ak ekilibraj ki fèt nan ekonomi Ayisyèn nan.


Enquet’Action (EA): Eske ou genyen kantite egzak fanmi ki pèdi travay yo aletranje?

Camille Chalmers (CC):Non, nou pa gen chif presi sou sa, men sa nou konnen sèke gen plizyè milyon moun ki pèdi travay yo ozetazini. Yo menm pale de 20 milyon swade fason konplèt ou pasyèl. Sa vle di yo sispann travay, yo pa touche entegralite salè yo. Donk li evidan nan gwoup sa fòk genyen anpil ayisyen.

E nou menm,sa nou kapab di, an jeneral, travay Ayisyen yo plis nan sektè tankou sektè medikal, ajan sante, moun k ap okipe granmoun, gen anpil ki nan restorasyon tou, e gen anpil tou ki nan transpò. Donk se sektè sa yo kiplis touche ak kriz la sitou sektè restorasyon an paske tout aktivitekanpe.Sa vle di gen anpil frè ak sè nou yo ki nan chomaj.

Men an menmtantou fòk nou di nan sa ki pa pèdi travay yo konplètman ki kontinye gen revni pandan 2-3 dènye mwa sa yo, yo depanse mwens kòb paske avèk ralantisman anpil aktivite nan plizyè eta, se yon okazyon pou yo mwens konsome. Donk genyen mwen ta di 2 aspè nan kesyon an.

Bank Mondyal te prevwa sou tout ane an nou ta pral genyen yon rediksyon 25% nan transfè dyaspora nan nivo global, men kounya chif ki disponib sèke Sogebank pale de 8 % rediksyonnantransfè yo pou mwa mas la, e Western union te pale de 10% pou mas ak avril. Donk sa vle di nou kapab panse nan fen ane an li ka rive nan nivo 25 ak 30 % rediksyon pa rapò ak volim transfè nou te genyen ane pase ki te reprezante 35% PIB a e ki te evalyea 3,3 milya dola ameriken.

Donk yon ralantisman ant 25 ak 30% ap gen yon enpak ekstrèmman enpòtan e l ap gen yon enpak sitou sou fanmiki pi pòvyo paske anpil nan yo depann de transfè sa yo. Donk nou kapab di kouch popilè a an Ayiti pral afekte premyèman akoz pwoblèm entènyo, men answit akoz ralantisman k ap genyen nan transfè dyaspora yo.

EA: Depi 19 mas gouvènman an pran desizyon fèmen tout bagay anndan peyi a. Ki enpak ou panse sa pral genyen sou ekonomi nou an?

CC:Globalman nou panse desizyon otorite yo te pran yo te trè mal panse. Pifò desizyon sa yo se desizyon ki te senpleman kopi konfòm chèf Leta peyi oksidantal yo te pran san pat gen okenn efò. Dabò nou te gen yon gwo chans men nou pèdilpaske nou te gen 3 mwa pou n te ka antisipe. Donk pandan 3 mwa nou pat gen okenn ka deklare. E nou te kapab pwofite de erè ak desizyon yo te pran nan lòt peyimen sa pat fèt vre. E sitou fas ak anplè menas la, youn nan bagay ki te fondamantal se te mobilizasyon popilasyon, mobilizasyon kèk sektè kle nan peyi a tankou: travayè nan domèn sante nan fason nou te ka fè kèk preparasyon avèk yo non sèlman sou plan syantifik pou n konnen Kovid lan byen, men tou sou plan pratik pou n konnen kijan pou yo pwoteje tèt yo, kijan pou yo pran swen malad yo.

E sou plan sikolojik paske li evidan aprè kriz la fin frape Ayiti pral gen yon gwo presyon sou sektè sa ki pral wè lè travay yo ogmante. Pral gen yon presyon sou yo donk fòk te gen yon preparasyon sikolojik. Men sa pat fèt. Mwen panse fòk ta gen sant pou preparasyon estratejik. Donk nou menm nou pèdi 3 mwa. E lè gouvènman an kòmanse pran kèk desizyon, se dè desizyon an jeneral ki inapwopriye pa rapò ak reyalite objektiv Ayiti. Pa egzanp sa pa gen okenn sans lè n ap pale de konfinman nan kèk vil tankou Pòtoprens, Gonayiv, Kap Ayisyen, elt. Paske yon gran majorite nan popilasyon an ap viv de aktivite enfòmèl e 12 % nan anplwa yo soti nan sektèenfòmèl . Sa vledise de moun ki oblije sòti chak jou al bat lari a pou yo wè si y ap jwenn 2 goud pou yo manje. Donk sa pa gen okenn sans pou ou mande yo rete lakay yo paske se prèske pratikman di yo pouyorete nan kay la pou yo mouri grangou.

Konkrètman sa pa gen absoliman okenn sans e pou milye peyizan an ki okipe 50% fòs travay nan peyi a, sa pa gen absoliman okenn rasyonalite pou mande peyizan an chita lakay li pou l pa al travay.

Paske fòk li al travay pou l ka al chanje bèt li chak maten, fòk li al chèche dlo pafwa nanyon distans4-5 km, fòk li chèche zèb pou yo, fòk li pran swen yo lè yo malad e nou nan peryòd prentan, se sezon agrikòl ki pi enpòtan paske se lè sa nou pwodui 50% de tout sa nou pwodui pou ane a. Donk lè lapli kòmanse tonbe peyizan an pa pral rete chita lakay li pou l pa al travay tè. Donk vrèman mezi leta pran yo se mezi ki konplètman inapwopriye e pa gen anyen ki fèt pou pran kèk mezi pwoteksyon ki enpòtan, ki nesesè, ki ijan e ki apwopriye ak objektif lokalyo.

Pa egzanp, diferan pwen atwoupman, keseswa mache piblik, keseswa labank, keseswa sèvis leta tankou ONA, DGI ki resevwa pil moun chak jou, fòk ta gen yon ansanm mezi ki ale nansansenvès sa ki pran yo paske mezi ki pran yo se redui yo redui nan lè travay yo. Men sa pa gen okenn sans lè nou redui nan lè travay yo. Men okontrè fòk nou ta etale lè travay yo, pèmèt moun ka jwenn sèvis sa yo samdi ak dimanch yon fason pou evite atwoupman. Donk mezi ki pran yo absoliman inapwopriye e yo kapab pwovoke dega enpòtan.

Youn nan bagay ki plis choke nou nan mezi ki pran yo se kreyasyon selil syantifik lan ki gen 14 moun ladan l pami yo 12 medsenepi pa gen yon sèl moun ki se doktè fèy. Pa gen yon sèl moun tankou Marie Louise Rouzier ki se yon syantifik epi yon chèchè trè enpòtan, ki fè preske 30 lane nan vi l ap rechèch sou medsin tradisyonèl. Donk kòman fè yon peyi tankou Ayiti nan kad yon maladi ki pa trè klèman idantifye, fè prive tèt li de tout savwa, de tout konesans, de tout savwa-fè ki akimile nan medsin tradisyonèl lan. Sa pa gen okenn sans. E yon erè total lè prezidan repiblik la ki pa janm pale ak doktè fèy yo, ki pa entegre doktè fèy yo nan selil syantifik la. Epou kounya li pral pale avèk prezidan Madagascar ki gen yon fèy nou konnen deja an Ayiti ki se amwaz e ki deja pratike nan medsin tradisyonèl yo a. Se yon aberasyon total ki montre nou gen yon gouvènmantotalitè enkapab, enkonpetan e ki pa ditou enterese ak sante popilasyon an.

Gen de lòt bagay ki ekstrèmman chokan nan mezi yo se fèmti zòn franch yo san konsètasyon sendika yo, san konsètasyon patwon yo, san konsètasyon jesyonè pak endistriyèl yo e gen anpil moun se nan radyo yo aprann yo nan chomaj. Alòske se milye ki gen 58 mil moun ki ap travay. E nòmalman yon mezi konsa se chita avèk yo pou wè kisa k ap fèt. Sa ki pat fèt e kèk jou aprè anba presyon gouvènman ameriken an,yo ouvri mwatye nan faktori soutretans yo pou yo ka pwodui ekipman pwoteksyon pèsonèl pou mache ameriken an. E ouvèti izin sa yo, menm tout sendika yo denonse sa nan konferans pou laprès, li fèt san pa gen okenn mezi pwoteksyon ki te pran pou ouvriye yo. Wi kèk jou aprè lè yo fin ouvri yo pran kèk mezi fòk nou rekonèt li, men se trè ta paske nou te gentangen25 mil ouvriyeki t ap ale vini nan kèk kondisyon pratikman inakseptabpa rapòak jan yo te konn travay abityèlman. Sa vle di se pil sou pil yo ale nan transpò an komen, se pil sou pil yo rantre nan izin yo, se pil sou pil yo sòti, se pil sou pil yo ale manje nan men machann manje kwit devan izin yo. Donk pa gen okenn efò ki fèt pou ta pwoteje ouvriye sa yo. Dayè nou aprann kòmanse genyen ka Kovid-19 ki idantifye nan pak endistriyèl yo ki kapab antrene yonpwopagasyon masiv viris la paske yo tout gen fanmi, yo tout ap viv nan yon katye. Donk sa vle di se yon ansanm desizyon ki pran san konsètasyon pou reouvèti a paske li fèt nan yon kad kote lavi pa enpòtan pa rapò ak bezwen mache ameriken an e pa rapò ak bezwen fè pwofi patwon an.

E lòt mezi ki ekstrèmman chokan se le fèt gouvènman an aksepte depòtasyon Ayisyen ki te kondane ozetaziniyo. Se yon bagay kibay gwo kè kase. Alòske USA se fwaye epidemi an avèk yon nonb enkwayab desè epi nou aksepte nan peryòd sa pou yo depòte Ayisyen. Alòske daprè kèk rechèch yo pibliye sou sa, yo te teste 8% nan moun yo ta pral depòte globalman se pa sèl Ayiti. E nan 8 % moun yo te teste yo te gen mwatye ladan l ki te enfekte nan Kovid-19.Donk li klè Etazini atravè depòtasyon yo, ap ekspòte maladi a bay Ayiti epigouvènman an pa menm gen kouraj pou l solisite yon moratwa pou l mande pandan pandemi an ap layite, pou yo rete depòtasyon yo pou yo ka rekòmanse yon 3-4 mwa aprè. Menm sa yo pa mande, yo aksepte depòtasyon yo ap kontinye trankilman.

EA : Daprè ou ki konsekans sityasyon dyaspora yo nan lòt peyi ap genyen sou fanmi ki te konn resevwa kòb yo ann Ayiti ?

CC : Bon li klè, genyen yon chit enpòtan nan revni kèk moun nan popilasyon an e ki pral oblije gen kèk estrateji de kriz. Estrateji ki reponn ak kriz la kote yo oblije chanje modèl konsomasyon yo, yo oblije chanje jan yo konsome e nou panse sa ta dwe yon okazyon nan fason ki global pou fè kèk chanjman sinifikatif nan sa n ap konsome. Pa egzanp sou plan alimantè, li klè tout bagay planifye pou yon gran pati nan sa n ap konsome soti nan peyi etranje, alòske nou genyen yon potansyèl pwodiksyon alimantè ki sou eksplwate. Se okazyon jisteman pou te genyen envestisman ki fèt nan sektè sa a yon fason pou agrikilti Ayisyèn nan kapab reprann omwen pasyèlman. E nan kèk kondisyon sibvanbsyon piske gentan gen yon chit konsiderab nan revni yo resevwa ki depann an pati de transfè sa yo. Kounya li klè tou, youn nan bagay ki afekte se nivo lavi moun yo, non sèlman pa rapò ak sa yo ki tonbe nan chomaj total ou pasyèl, men chit revni ki fèt nan transfè dyaspora. Men tou lefèt nou pral genyen anpil pwoblèm nan nivo sikui komèsyalizasyon an paske gen anpil pwodui ki pa rive ankò nan peyi Dayiti akoz sikui apwovizyonman an nan nivo mondyal… Pa egzanp, anpil bagay ki t ap soti an Azi ki pa rive ankò. Donk pral genyen yon bon pati nan komèsan yo ki pral travèse yon peryòd difisil. Bon nou wè sa k ap pase nan nivo fwontyè a nou wè pa egzanp kote gen yon ralantisman ki fèt nan pwofi gwo komèsan Ayisyenyo. Trè souvan li fèt pou komèsan ki pwòch pouvwa ki gen kontenè k ap rantre san peye ladwann epi yo entèdi ti machann yo al achte jan yo te konn fè l. Donk sa ap rann yon dezekilib nan nivo sikui kòmèsyalizasyon an kote vin genyen yon mekanis konsantrasyon nan men kèk gwo aktè ki pwisan.

EA : Antanke sosyològ epi ekonomis ki sa ou pwopoze pou Leta ta fè pou li redui nan enpak kriz la ?

CC : Mezi otorite yo dwe pran se mezi kriz. Men ki dwe pèmèt gen kèk ajisteman ak ekilibraj ki fèt nan ekonomi Ayisyèn nan. Donk fòk kriz sa a, ki ekstrèmman doulourez e ki deja kòmanse ap fè anpil dega, ta yon okazyon pou nou chanje kèk pratik, kèk abitid, kèk rapò. Pa egzanpli trè enpòtan pou n sispann genyen politik ekonomik anti peyizán menm jan nou abitye genyenl. Fòk nou bay ekonomi peyizán nan priyorite atravè distribisyon semans, aksè ak kredi. Fòk nou kapab pèmèt òganizasyon peyizan yo gen aksè ak tè pou yo travay, fòk nou ta amenaje sikwi transpò yo pou Madan Sara yo sispann viv lanfè y ap viv chak jou yo. Nou ka panse ak agrikilti ibèn kote n ap gade kòman nou ka pwodui nan kèk vil kèk byen alimantè esansyèl. E se okazyon tou, kote tout moun ap achte fèy pou yo prepare te,pou nourevalorize medsin tradisyonèl la ak plant medisinal yo kote chak fanmi ta dwe genyen yon ti jaden kote li plante plant medisinal bazik yo ki pèmèt yo ranfose sistèm iminitè yo. Epi fòk genfòmasyon paske jèn yo nan milye iben yo pa gen konesans granparan yo te genyen sou kesyon plant medisinal yo. Donk se okazyon pou n ta revalorize konesans yo epi rekonèt yon gran pati nan popilasyon an avèk tradisyon popilè ayisyen nan kesyon sante. Donk la se mezi ki pa tèlman koute, se mezi ki mande yon oryantasyon politik ak yon orantasyon ki diferanak oryantasyon dominant nou gen nan leta jodi a ki se yon vizyon anti peyizán, yon vizyon anti nasyonal, yon vizyon kote kòb ki genyen yo pa sèvi pou restriktire peyi a, men okontrè yo sèvi pou enterè pèsonèl ak enterè yon ti gwoup fanmi.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

À la une

bottom of page