top of page

‘’Dominiken deside ouvri yon lòt kanal sou tèt pa Ayiti a’’ …. Manti ! Manti ! Manti !

Enfòmasyon k ap sikile ki fè konnen ‘’Otorite dominiken yo deside ouvè yon lòt kanal sou tèt Rivyè Masak yon fason pou devye dlo a epi diminye kantite dlo k ap disponib pou alimante kanal ki bay sou bò pa Ayisyen an’’ – se Manti.


Yon enfòmasyon nou li sou paj Facebook kèk jounalis ak enfliyansè. Men tou sou paj kèk medya tanjou Trip Foumi Enfo (TFE) ak lòt ankò. Gade videyo sa: https://fb.watch/nbkJTEx8Qa/


Kisa enfòmasyon an ye?


Gouvènman dominiken an anonse mèkredi 20 sektanm nan, li lanse travay reyaktivasyon priz dlo ki nan zòn La Vigia sou Rivyè Masak la. Selon yo, se youn nan mezi prevantiv yo pran parapò ak Ayiti ki ap pousuiv konstriksyon kanal li a.


Reyaktivasyon priz dlo sila, se youn nan mezi Prezidan dominiken Luis Abinader pran aprè Ayiti deside pousuiv kontriksyon Kanal Wanament lan.


Selon dominiken yo, Kanal Ayiti an pral ‘’devye’’ dlo a epi ‘’diminye’’ fason dlo a ap koule, si n kwè sa nou li nan medya yo.


Kidonk, se pa yon nouvo kanal. Men pito yon kanal ki la deja y ap reyaktive.


Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação

À la une

bottom of page