top of page

Fanm ak tifi ki sibi vyolans an Ayiti kontinye ap monte maswife pou jwenn sètifika medikal

Nan plizyè depatman nan peyi a, doktè yo kontinye ap fè medam ki viktim vyolans fizik ak seksyèl yo pase mizè lè pou yo jwenn yon sètifika medikal. Yon sitiyasyon òganizasyon feminis Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) pwofite denonse nan okazyon jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm ak tifi.


Malgre pwotokòl akò ki te siyen ant Ministè Fanm, Ministè Sante Piblik ak Ministè Jistis nan peyi Dayiti an janvye 2007, medam ki viktim vyolans yo kontinye ap sibi move tretman lè pou yo jwenn yon sètifika medikal. Poutan, 3 ministè sa yo te antann yo pou egzije doktè yo bay viktim yo papye sila a gratis. « Anpil fwa, doktè a gade sou aparans sivivant lan pou fikse kantite lajan li gen pou l peye pou l jwenn pyès sa a », Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) di l obsève nan yon nòt li mete deyò.


Pandan l denonse fason pwotokòl la pase anba pye, òganizasyon feminis lan egzije Ministè Sante Piblik pran sanksyon disiplinè kont tout doktè ki koupab yo. Estrikti k ap defann dwa fanm ak tifi yo rapousib pou l di : « Se randevou sou randevou anvan yon doktè resi bay yon viktim vyolans fizik ak seksyèl yon sètifika medikal, yon dokiman sivivant lan ka itilize lè li deside pote plent nan tribinèl kont bouwo a li. »

SOFA pwofite raple se akoz enpòtans yo konn pyès sa a genyen ki fè mouvman feminis ayisyen an te pase 10 lanne, soti 1997 rive 2007, ap goumen ak otorite Leta yo avan yo te siyen pwotokòl akò sou kesyon an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

À la une

bottom of page