top of page

Non, Cookie, pa yon apoloji pedofil

Takse mizik «Cookie» a de apoloji pedofili on jan mechan. Kritike se byen, sa ede n wè zèv yo sou pi bon jou yo, apresye yo pi byen. Rekonèt tou mank metòd, prejije mele ak mank enfòmasyon ouvè wout pou fasilite, pou timounri. Pridan !


Par Max Junior Raymond


"Puisqu'on ne vivra jamais tous les deux

Puisqu'on est fou, puisqu'on est seul

Puisqu'ils sont si nombreux

Même la morale parle pour eux

J'aimerais quand même te dire

Tout ce que j'ai pu écrire

Je l'ai puisé à l'encre de tes yeux"

Francis Cabrel, l'encre de tes yeux, extrait.


Pa prèske gen travay kritik ki fèt sou aktivite mizik ann Ayiti sitou sou mizik, ki pi popilè nan peyi nou an, konpa. Se ka petèt yon mank enterè sèten anpil kritik literè isit genyen pou voye je gade literati mizikal ayisyen an. Se ka tou akoz povrete nan kalite pawòl chante nou yo pandan trant dènye ane yo ki fè n pa li travay entèresan sou konpa dirèk la. Gen kèk travay men yo pa anpil, vrèman pa.


Pa pi ta fen fevriye, Nazaire Joinville pibliye yon kritik sou yon mizik selèb "Nu Look" ki rele "Cookie”. Daprè otè atik la, mizik la ap fè apoloji pou pedofili. Pou di se vre?


Arly Larivière² malgre l gen pwoblèm pa l tankou anpil lòt atis, pa fè okenn apoloji pedofili ni pwopoze yon espès lisans pou jistifye zak pedokriminèl. Non, se pa vre. Ban m di n pou ki rezon.


An lagan mizik Cookie gen 2 entèpretasyon posib (an tou ka mwen kwè) premye a - ki manke solid daprè mwen - di fi a pa yon minè, eksplikasyon moun ki patisan tèz sa a baze sou pati pon mizik la:


"Se nan yon soirée des amoureux mwen t ale

se pa t anyen ke mwen t al chèche [•••]"


Lojik la, yon sware kon sa yon minè pa ta sipoze anndan an epi pou yo kore l nèt yo kwè lè entèprèt la di: *Elle me parrait trop jeune" nan on jan flou, li ka vle di tou li gen ti laj, ventèn yo pa egzanp, sa ka anpeche chantè a ki gen laj avanse fè ti dam nan avans. Kanta sa.


Lòt entèpretasyon an, - ki plis fè sans pou mwen epi nenpòt gran moun ka mennen yon minè nan yon sware pou anmoure - pati sou baz son minè Cookie ye paske non sèlman li:


"Trop jeune, j'peux pas dire que je l'aime

Son amour interdit mes courtes poésies"

depi la a mizik la kòmanse mete n dakò sou lide s on minè ti dam nan ‘’sanble’’ ye epi lage pi lwen pou l di:


[•••]Cookie [•••]

An verite ou fè mwen saj

Ki renmen ou, se lanmou à contre-sens

Kite m renmen ou an silans

Menm si kounyè a li p ap ka rive

men m p ap di adieu ma chance

[•••]


Konnen ke l entèdi kounyè a mwen prefere ret soufri"

ranfòse tèz minè a nèt.


An n avanse. An n antann nou, misye depi l rantre a fi a lemante l, pwobableman sou aparans fi a li devine l se minè e mwen sèten li jwenn enfòmasyon sou laj li, li di se "pa tou lè jou ou ka di sa ou santi" li renmen fi a, li "ta renmen viv avèk li, men li "pa ka di l sa".


Tèks la ensiste plizyè fwa sou nosyon entèdiksyon an, li gen 9 tèm ki tradwi sa a klè, ensistans lan twòp pou l ta yon senp kesyon twò jèn pase l. Si se te yon kesyon yon fi majè ki twò jèn li pa t ap ensiste tout ensiste sa yo, li t ap koze ak fanm nan li fini, te ka gen pale anpil pou diferans laj yo men pa te ka gen okenn entèdiksyon.


Tèz minè a pi lojik, li rekonèt se yon santiman "à contre-sens" ki enposib nan moman l te rankontre ti pitit la: « p ap janm fleri/ p ap ka rive/ret soufri an silans /prefere ret soufri/ bonè nou p ap janm fleri/ mwen pa ka di l sa/ma petite Cookie/ petite fille de rêve/ reve ou s on kochma... » misye pa ka koze ak fi a, s on ti moun, etik li pa pèmèt li, bon sans li anpeche l fè sa, e se pou tout retni sa yo menm ki fè etikèt pedofil la pa kenbe.


Pedofili?


Pedofili³ - menm kan tèm nan pa gen sans yo ba l la ditou, se a pati 20èm syèk la yo ba l vye konotasyon l gen jodi a - se tout atirans seksyèl ou santimantal yon gran moun osinon yon adolesan genyen pou yon ti moun ti laj piti. Fòk atirans sa a fè moun nan ap soufri jis tan pou al wè medsen pou l konbat sa, swa l anpeche l fè aktivite pwofesyonèl li nòmalman, swa l deranje l nan rapò sosyal li ak moun pou yo konsidere l kòm yon ka pedofili⁴.


Si n ap konsidere definisyon bazik sa a, nou pa ka mete pèsonaj mizik "Cookie" a pami pedofil, misye pa renmen ti pitit la paske l se ti moun, ditou pa, o kontrè se sa ki anpeche l menm: laj li. Li t ap pedofil si l te renmen l pou ti laj li. Laj Cookie se limit etik li, « li » pa ka di l sa. Li pa janm koze ak ti pitit la, pandan tout mizik la li sèlman fantasme dezi li yo, santiman l pou ti pitit la, li pa janm di l anyen.


(Son amour interdit mes courtes poésies/ Kite m renmen ou an silans

Menm si kounyè a l p ap ka rive

men m p di adieu ma chance/ ou se tout sa m swete) li pa di Cookie yon mo, li pa pwoche l ditou:


(Si je la courtise, ce sera à sa guise/ Mwen renmen l m pa ka di l Mes secrets de coeur/ petite fille de reve/ ma beauté soleil/ M ta renmen viv avè l men mwen pa ka di l sa ...)


Li imajine l k ap di Cookie li renmen l, men li pa di l sa. Li renmen l se vre men li pa di l, li konnen moralman sa pa byen. Li espere petèt lè fi a gran nan laj responsab li ka fini pa di l sa, menm si l [pa ka di l sa] nan moman [kounyè a] men l konnen gen chans, to ou ta fi a gen pou l gran moun.


Se pa konpòtman nòmal yon pedofil. Atirans malsen yon pedofil se pou sitiyasyon laj ti moun nan e fòk atirans lan fò anpil, toumante l tanzantan san kanpe pandan yon bon bout tan. Ki jan pou n ta takse yon lòt pedofil san l pa menm di, yon ti moun li kwaze premye fwa, kwakseswa ki gen yon kèlkonk karaktè seksyèl? Ki jan pou l pedofil si se pa ti moun an patikilye ki atire l ? Èske pèsonaj la pedofil lè n konnen etik li anpeche l koze ak Cookie akoz de laj li e si l konnen sèl mwayen sa ka posib se lè l gen laj legal? Kòman n ka fè pale de apoloji pedofili si nan mizik la pa gen okenn tras ki demontre a klè ni yon defans ni yon ankourajman pou pratik pedofili ?


Takse mizik «Cookie » a de apoloji pedofili on jan mechan.

Kritike se byen, sa ede n wè zèv yo sou pi bon jou yo, apresye yo pi byen. Rekonèt tou mank metòd, prejije mele ak mank enfòmasyon ouvè wout pou fasilite, pou timounri. Pridan.


Max Junior Raymond


Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação

À la une

bottom of page