Bay chak moun mwayen pou yo viv bon jan kondisyon lavi, bay jarèt ak byennèt moun nenpòt kategori laj yo ye a, se sa 3e objektif devlopman dirab la ap klewonnen. Objetif sila a ki makònen avèk tout lòt 16 yo, vini pou konplete premye a ak dezyèm nan ki se derasinen povrete ak dechouke grangou nan mond lan.
Menm jan ak 2 premye yo, 3e objektif la gentan sou 8 lane depi l ap vale tèren. Paske, se depi nan lane 2015 pakèt gouvènman ki fòme asanble Loni an te pran angajman sa a pou akonpli 17 objektif devlopman dirab yo nan lane 2030. Objektif sila a vle pou Leta nan mond lan amelyore kondisyon moun ap fè pitit, ogmante kalite swen laswenyaj manman ak ti moun yo. Pou sa rive, yo angaje yo pou yo trake maladi k ap nwi byennèt moun.
Kit maladi a ka transmèt soti sou yon moun ale nan yon lòt moun, kit li pa maladi youn ka bay lòt moun, kit se maladi moun pran nan anviwònman an oubyen maladi ki frape sikoloji moun (maladi mantal), maladi sa a yo pa dwe kontinye kous yo nan mond lan, selon sa gouvènman peyi yo antann fè. Men pandan peyi yo ap veye Sida, Tifoyid ak Malarya, yon pandemi t ap pra l frape mond lan nan lane 2019. Kowonaviris sa a pra l lakoz 6 milyon 888 mil 743 moun pèdi lavi yo sou plis pase 636 milyon moun ki te trape viris la, selon dènye estimasyon ki fèt nan mwa avril 2023 a.
Nan sa ki gen pou wè avèk VIH Sida a, SIDACTION, yon Asosiyasyon k ap travay pou konbat viris la, fè konnen jiska mas 2023 a, gen plis pase 38 milyon moun k ap viv ak viris sa a nan san yo. Francoise Barre-Sinoussi, pri nobèl medsin 2008 epi prezidan Sidaction an fè konnen gen 650 mil moun ki mouri chak ane akoz viris sila a. Malgre sa, viwològ la souliye mond lan fè anpil pwogrè nan batay sila a. Selon li menm, li toujou posib pou derasinen Sida a si yo fasilite mwayen pou yo fè depistaj ak tretman yo.
Selon Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS), 619 mil moun fe vwèl pou peyi san chapo nan 2021 akoz malarya. Nan menm ane sa a, te genyen 247 milyon nouvo moun ki trape maladi a. Chif sa a depase ane 2020 an ki te 245 milyon. Men. dapre sa ki te prevwa, nan 2030, Leta yo dwe gentan rive derasinen maladi tankou tibèkiloz, VIH Sida ak Malarya. Nan menm sans sa a, yo te dwe fini ak maladi moun pran nan dlo ak lòt maladi youn ka transmèt bay lòt.
Poutan, done ki disponib yo montre gen plis pase 9 milyon moun ki mouri chak ane akoz maladi yo pran nan dlo ki anpwazonnen, nan lè a ak nan tè a. Chif sa a depase 3 fwa chif sida, tibèkiloz ak malarya (Focus2030). Nan peyi Dayiti, youn nan peyi ki angaje l pou pote objektif sila a, dwa ak swen laswenyay la, se yon pwoblèm ki toujou fè pale anpil, kit nan kalite sèvis, kit nan kesyon aksè ak sèvis yo. Epi, n ap siyale, byennèt la repoze sitou sou bon kondisyon lavi moun : manje ak bwè, sante fizik ak sikolojik, lwazi, lapè…
Jean Robert BAZILE
Ce projet de contenus a eu le support de l’IFDD/OIF.
Kommentarer