top of page

Roosevelt Millard: « Nou nan yon sitiyasyon katastwofik »

Roosevelt Millard se travayè sosyal epi pwofesè nan Fakilte Syans Moun, youn nan antite nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA). Nan lide pou konprann pi byen kisa ki ap tann Ayiti ak kriz sanitè pandemi Kovid-19 lan pwovoke a, nou te al wè l pou yon ti bat bouch. Selon Misye Millard, leta ki deja an fayit pa gen volonte, ni kapasite, ni mwayen pou l kòlte ak katastwòf kap pwoche sou nou an. Pandan’l raple epizòd peyi lock lanne 2019 yo te fini ak ti rès ki te rete nan ekonomi an.


« Li trè difisil pou Leta fè mirak nan sityasyon nou ye la a. Paske Leta an fayit. Li pa gen mwayen. Se vre Leta gen kòripsyon ladan l ki fè ti mèg mwayen ki genyen an detounen, men nan yon mannyè jeneral, Leta pa gen mwayen ditou pou l fè fas ak sitiyasyon sa a. Donk se yon sityasyon ekstrèmman difisil », selon pwofesè Roosvelt Millard.



Enquet’Action (EA) : Kòman ou konprann kriz Covid-19 la ?

Roosvelt Millard(RM): Dabò, nou kapab di malgre egzistans Kowonaviris yo ki te bay pwoblèm an Chin ak kèk peyi an [Ewòp], pèsonn moun pa atann yo pou nou genyen yon pwoblèm ki gen anplè ak dimansyon sa a ki parèt tankou yon sipriz. E menm pandan premye moman epidemi an ki ta pral transfòme an pandemi, gen anpil moun ki te panse yo t ap rive sikonskri l menm jan yo te fè sa nan ka Sras la ki se « Syndrome respiratoire aigu sévère ». Malerezman nou wè li pa swiv menm koub avèk Sras la ni fyèv Ebola a. Nou wè li gaye konplètman nan mond lan, sa ki siprann anpil moun. E li vin siprann moun tou ak anplè li, nan mezi kote nou genyen plizyè santèn milye mò. Donk li siprann alafwa paske li etann li, e dezyèmman ak anplè li genyen.

Pa rapò ak sityasyon sa a, gouvènman yo pran yon ansanm mezi ki paralize ekonomi yo. Pa egzanp mezi konfinman an. Konfine moun yo lakay yo, fè teletravay nan mezi ki posib. Men nan yon mannyè jeneral, sa rann aparèy pwodiksyon an kanpe. Sa ki pral gen yon enpak serye sou lavi moun yo. Nan sans ke moun yo vin prive de revni yo te genyen. Yon moun ki te gen yon revni, li vin prive de li, li vin prive de mwayen pou l viv. Donk sa pral gen yon gwo enpak o nivo ekonomik.

O nivo sikolojik tou, tout moun wè y ap fwole ak lanmò. Enfòmasyon yo vini o konn gout, tout moun konsidere a trè gwo risk. Donk tout moun vin pè lanmò. Non sèlman nou vin pè lanmò pou pwòp tèt nou, men nou pè lanmò pou yon moun ki chè pou nou. Lè nou vin rann nou kont moun ki granmoun yo patikilyèman vilnerab e moun ki gen komòbidite yo patikilyèman vilnerab tou, nou vin genyen laperèz lanmò alafwa pou nou men pou moun ki pwòch nou nou kapab pèdi nan sityasyon sa a. Donk li genyen enpak sikolojik majè sou moun yo paske nou konnen kesyon lanmò se yon kesyon ki toujou tabou.

E li gen yon enpak ekonomik konsiderab piske si nan sèten peyi oksidantal yo asire yo moun yo kapab gen yon minimòm revni nan men yo pandan peryòd Kovid-19 la, se pa ka sa pou kèk peyi tanjou Ayiti kote yon bann moun prive de revni yo. Se yon sitiyasyon ekstrèmman difisil.

Gen lòt enpak sou kesyon nou t ap pale talè a, rapò ak Lèzetazini, nou konnen gen prèske 3 milya dola ameriken transfè ki fèt sot Etazini vin Ayiti. Transfè dyaspora yo. Avèk sityasyon Kovid-19 la, ou vin genyen yon ralantisman konsiderab nan transfè sa yo. Piske gen anpil ayisyen lòtbò a ki viktim nan Kovid-19 la. Donk vin gen yon ralantisman nan transfè a ki vin fè yon mank « à gagner » an Ayiti. Donk sa ki poze yon veritab pwoblèm piske nou konnen gen yon gran pati nan popilasyon nou an ki viv esansyèlman de transfè dyaspora a.

EA: Ki pi gran risk ou panse fanmi ki t ap viv de transfè dyaspora yo ka fè fas akoz kriz sa a?

RM:Nou panse se yon sitiyasyon k ap evolye nou pa gen tout done apresyasyon yo. Sa nou konnen jouskaprezan sèke non sèlman gen moun nan dyaspora a ki pèdi djòb yo, men nou gen moun nan dyaspora a ki mouri tou. E sitou moun ki trè aktif e ki te nan sektè (transpò, restorasyon, otèl) donk se moun yo ki te plis ekspoze pase lòt. Donk gen yon bon valè ayisyen ki mouri nan bagay sa a.

Alò nou pa konnen si yo prevwa pou asirans ta bay yon dedomajman ak fanmi moun sa yo ki mouri nan Kovid-19 la. Paske nòmalman nan yon sosyete asiransyèl yon moun ki mouri ta sipoze benefisye yon alokasyon. Donk nou panse enpak la ap konsiderab. E menm lè moun nan pa pèdi djòb li, li pa mouri, nan yon sitiyasyon ralantisman ekonomi an, moun yo jeneralman gen tandans limite depans yo. Sa se yon reflèks ekonomik li ye. Limite depans ou lè ou nan yon sitiyasyon ensètitid. Donk sa kapab tou gen yon enpak sou moun k ap viv esansyèlman de dyaspora.

E nou kòmanse santi enpak la piske moun pa gen mwayen pou yo konsome anndan peyi a. Alò paralèlman nou wè ak devalyasyon goud la sitiyasyon mizè a vin akselere nan peyi a. Piske nou gen yon gwo enflasyon, e moun yo gen mwens kòb nan men yo. Donk se yon veritab pwoblèm. Nou abò yon gwo kriz ekonomik e menm yon sitiyasyon eksplozif nan peyi a. Gen anpil moun ki prevwa nou kapab debouche sou « des émeutes de la faim et autres ».Piske ou gen yon mas moun ki pa gen mwayen nan men yo. Ou gen lavi chè a k ap vale tèren. E leta non sèlman pa parèt gen volonte a, men li pa an mezi tou. Menm yon transfè 3 000 goud p ap vrèman kapab rezoud pwoblèm nan. Donk mezi leta a pran se yon mezi nètman ensifizan. Men fò nou konnen tou nou nan yon Leta ki an fayit. Moun yo prèske pa peye taks, ladwann prèske pa fonksyone. Donk Leta pa genyen gwo mwayen nan men l. Pa gen èd entènasyonal masiv. Donk nou nan yon sitiyasyon veritableman katastwofik. Anplis Ayiti fèk soti nan yon afè peyi lòk ki fini ak ti rès ki te rete nan ekonomi an.

EA: Antanke travayè sosyal ki solisyon ou pwopoze Leta Ayisyen pou l ka redwi nan enpak Kriz Covid-19 la?

RM:Li trè difisil pou Leta fè mirak nan sityasyon nou ye la. Paske Leta an fayit. Li pa gen mwayen. Se vre Leta gen konripsyon ladan l ki fè ti mèg mwayen ki genyen an detounen, men nan yon mannyè jeneral, Leta pa gen mwayen ditou pou l fè fas ak sitiyasyon sa a. Jan nou sot di a pa gen taks k ap rantre, pa gen yon èd entènasyonal masiv, sityasyon ekonomi an ap ralanti. Peyi lòk la detwi ti rès ekonomi ki te genyen an. Donk se yon sityasyon ekstrèmman difisil. Te gen mezi ki te anonse pa egzanp ministè Agrikilti pou yo wè si y ap relanse agrikilti a. Men jiskaprezan nou pa santi gen anyen konkrètman ki ap fèt pou relanse agrikilti a. Paske gen yon limitasyon o nivo enpòtasyon alimantè ki kapab pwovoke yon veritab katastwòf anndan peyi a. Dayè depi anvan Covid-19 la, yo te deja anonse gen anviwon 4 milyon moun k ap nan yon sityasyon ensekirite alimantè nan mwa me/jwen 2020 sa a. Donk avèk Covid-19 la nou panse sityasyon an ka pi grav. Donk si sa ta fèt efektivman, se pou ministè agrikilti a ta pran tout mezi posib pou relanse agrikilti a epi evite « emeute de la faim » an, evite katastwòf k ap vini la a. Men m pa kwè gen mirak ki kapab fèt kounya. Petèt nou kapab konte sou solidarite nou kapab fè antre nou. Men pa gen gran choz nou kapab fè pou kounya si nou vle rete reyalis.


Propos recueillis par Dougenie Michel Archille

Cet effort d’information sur le Covid-19 durant la crise a obtenu le soutien de FOKAL.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

À la une

bottom of page